Realisations

Jèn yo, an n angaje n nan konstriksyon yon pwojè lavi

Nan devan pòt la.

Jèn yo, an n angaje n nan konstriksyon yon pwojè lavi. Se anba tèm sa a 27 edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a reyalize nan sant lakay Papay soti 28 jiyè rive 3 dawout 2025. Objektif kan an se ede jèn yo konprann okenn peyi sou planèt tè a pa p kapab devlope san li pa granmoun nan zafè manje pou li jere pitit li yo. Anviwon 250 jèn fanm ak jèn gason vini patisipe nan kan an, ki genyen kòm eslogan : Jèn yo debou pou n bati lapè ! Pandan jounen mèkredi 30 jiyè 2025 lan, te genyen travay pratik sou agwoekoloji peyizan ; panèl sou agwoekoloji peyizan ; panèl reprezantan Mouvman Travayè San tè (MST) ki nan Brigad Desalin Ayiti sou agwoekoloji pou souverènte alimantè nan peyi Brezil ; panèl sou souverènte alimantè ; travay nan atelye sou angajman jèn yo nan konstriksyon yon pwojè lavi an Ayiti. Animasyon jounen an te fèt sou direksyon Makendy Cadet ak Clara Castel.

Yon kout lide sou panèl agwoekoloji peyizan.

Diferans ant agrikilti peyizan an ak agrikilti endistriyèl la.

Jounen jodi a gen de (2) modèl agrikilti k ap twoke kòn yo. Youn se agrikilti agwoekoloji peyizan ak agrikilti endistriyèl la. Premye a ap pwone lavi, dezyèm nan ap pwone lanmò. Agrikilti endistriyèl ou agrikilti konvansyonèl ou agwobiznis.

Se yon agrikilti ki chita sou itilizasyon angrè ak pestisid chimik ki reprezante yon danje sou planèt la ak pou nou menm moun. Li pa anfavè okenn pòv malere paske li pa pwodwi manje ki sen, anplis li plis pwodwi pou ekspòte, li pa respekte anviwònman nan okenn sans, li chita sou itilizasyon semans ibrid ak OGM, li epwize resous natirèl yo epi li disparèt semans lokal yo, li detrui lavi mikwo òganis ki nan sòl la, li chita sou konesans syantifik sèlman. Nou kapab di se yon modèl agrikilti k ap pwone lanmò.

Sepandan, nan agrikilti agwoekoloji peyizan an nou wè se yon agrikilti ekilibre, divèsifye epi planifye ki fèt san okenn pwodwi chimik, ki respekte anviwònman epi kap chèche imite lanati. Nòmalman agrikilti peyizan an, se sèl solisyon oubyen altènativ parapò agrikilti modèn devastatris la. Nou pral gade ansanm mak fabrik chak modèl agrikilti sa yo :

Mak fabrik agrikilti endistriyèl la:

  • Travay anpil tè
  • Itilize gwo machin agrikòl
  • Itilize anpil pestisid chimik
  • Pratike monokilti
  • Pwodwi pou ekspòte
  • Li ankouraje plis chomaj
  • Eksplwate resous natirèl yo yon fason sovaj
  • Pwodwi manje ki gen move kalite
  • Li pa respekte anviwònman
  • Li pa respekte pyès prensip ekolojik
  • Li chita sou konesans syantifik sèlman
  • Li chita sou itilizasyon semans ibrid ak semans OGM.
  • Li disparèt semans lokal yo.

Mak fabrik agrikilti peyizan agwoekolojik la.

  • Eksplwatasyon ti espas
  • Li itilize zouti ki senp
  • Yon agrikilti ki fèt san angrè ak pestisid chimik
  • Yon agrikilti ki chita sou asosiyasyon ak wotasyon kilti yo
  • Yon agrikilti ki chita nan imite lanati
  • Yon agrikilti ki chita sou solidarite youn ede lòt
  • Yon agrikilti ki pwodwi manje natirèl ki gen bon kalite ki riche pi ki sen
  • Li respekte anviwònman an
  • Li respekte prensip ekolojik yo
  • Li chita sou konesans ansestral ak syantifik yo
  • Yon agrikilti ki chita sou resiklaj dechè òganik yo

Enpòtans ak avantaj agwoekoloji

Se asire dirabilite agwoekosistèm yo nan pratike yon agrikilti ekilibre, divèsifye, yon agikilti dirab ki respekte anviwònman, ki ekonomikman pèfòman, ki fèt san itilizasyon pwodwi chimik, ki chita sou konesans ak pratik ansyen paran yo. Lap chache retounen ak sivilizasyon peyizàn nan ki chita sou solidarite, youn ede lòt, respè ak lanmou pou lanati. Nan prezève fètilite sòl la, amelyore otonomi, fè respekte biyodivèsite, respekte anviwònman ak respekte lavi.

Li vize pwoteksyon anviwònman, renouvèlman dirab resous natirèl yo ki nesesè pou pwodiksyon (dlo, sòl, biyodivèsite) ak ekonomi. Itilizasyon resous non renouvlab yo. Li prefere yon agrikilti peyizàn, ki kontribye nan amelyorasyon sante pwodiktè yo ak konsomatè yo.

Fas konsekans grav agrikilti endistriyèl la koze sou planèt la, nan povrete riral, disparisyon biyodivèsite ak chanjman klimatik la. Agwoekoloji se inik solisyon,  li se yon repons efikas pou konsilye souverènte alimantè, prezèvasyon resous natirèl yo, devlòpman ekonomik ak sosyal.

Rezime pawòl kamarad Brigad Desalin yo sou : agwoekoloji ak souvèrente alimantè (tè a ak asyèt la kòm chan batay).

Manje se yon aksyon politik. Nou deja panse manje ki nan asyèt nou se rezilta yon batay politik? Manje se pa jis sa nou renmen, ni sa nou ka achte. Manje se yon desizyon politik.

Li gen rapò nan :

  • Ki moun k ap plante,
  • Kijan l ap plante,
  • Ki moun ki fè lajan sou do sa,
  • E ki moun ki grangou jiskaprezan.

Kisa agwoekoloji ye ? Poukisa sa fè boujonnen

Agwoekoloji pa jis teknik pou jaden. Se yon vizyon lavi. Li sòti nan eksperyans peyizan yo, fanm riral yo, kominote endijèn yo, moun k ap viv ak lanati. Agwoekoloji di :

  • Nou pa bezwen pwazon pou nou plante.
  • Nou pa bezwen detrui lanati pou nou manje.
  • Nou pa bezwen depann sou gwo konpayi pou semans, angrè, ak teknoloji.
  • Moun ki kontwole manje a, kontwole pèp la.

An n reflechi ansanm :

  • Ki moun ki deside sa n ap plante nan peyi a ?
  • Ki moun ki fè pwofi ?
  • Ki moun ki kenbe tout semans yo ?
  • Ki moun ki ranpli makèt yo, epi ki kite machann ti mache yo grangou ?

Modèl dominan an se agwobiznis, li gen tout pouvwa :

  • Lajan
  • Medya
  • Pwazon
  • Sipò Leta

Dinamik MST sou : tè  ak batay vivan.

Mouvman Travayè San Tè (MST) se youn nan pi gwo mouvman ki mennen batay sa a nan Brezil. Yo mete kan ak kominote ki plante san pwazon ; yo bati lekòl pou aprann agwoekoloji ; yo distribye manje bay moun ki nan katye defavorize yo ; yo kenbe tè a pou pèp la, malgre represyon yo. MST ap konstrui yon lòt peyi, sa vle di yon peyi kote manje pa tounen komès ; yon peyi kote moun ki plante a kapab manje tou ; yon peyi kote tè a se lavi men non yon machandiz. Si n ap defann souverènte alimantè a, nou kapab poze tèt nou kèk kesyon, tankou :

  • Sou bò lanmò oswa sou bò lavi ?
  • Sou bò pwazon oswa sou bò swen ?
  • Sou bò agribiznis oswa sou bò tè lib ?

Konsta yo montre nan peyi Brezil jounen jodi a, genyen anpil moun ki pran kansè nan manje y ap manje yo. Nan yon lòt bò, konta yo montre genyen anpil defòmasyon lakay moun yo. Ti moun yo fèt avèk anpil defòmasyon. Pami lòt maladi k ap touye moun yo se obezite, sa vle di se maladi moun ki twò gra. Yo di y ap “nouri lemonn”, men se grangou y ap distribye. Sepousa, nou pale sou souverènte alimantè. Pa sèlman sekirite alimantè (manje pou viv), men dwa pou pèp yo deside kijan y ap manje, kisa yo plante, epi pou kiyès. Yo fè nou kwè pa genyen manje pou tout moun manje sou planèt la. An menm tan, gen plis pase mwatye popilasyon an k ap viv nan grangou. Se pa manje ki manke. Se sistèm kapitalis lan ki pa vle n manje. Se li menm  k ap touye nou.

Nan MST genyen 270 0000 manm, nou fè agwoekoloji peyizan. Se pa tout peyizan vrèman ki antre nan demach sa a. Tout agwoekoloji se kolektif. Agwoekoloji se rebelyon. Se lanmou ak diyite. Li batay kont sistèm agrikòl kapitalis lan, kont latifundya (gwo tè), kont eksklizyon. L ap batay pou tè a retounen bay kominote a, pou manje retounen nan men pèp la.

Nan MST nou bati lekòl, ale fè dyalog avèk kominote a, nou pwodui semans. Nou envite popilasyon an pran konsyans nan konsomasyon pwodui lokal. Pwodui nou reyalize yo se pou nou manje. Li enpòtan an Ayiti pou nou antre nan demach sa a. Lekòl agwoekoloji dwe travay nan kolaborasyon kominote a. Nan MST nou òganize nou nan okipe tè yo. Peyizan sa yo ki pa genyen tè pran tè Leta oswa grandon yo pou yo okipe yo, travay yo. Se yon obligasyon pou peyizan yo genyen  tè yo. Pratik agwoekoloji yo chita bò kote moun ki genyen tè. MST vle yon vi kolektiv.  Chak fanmi dwe konnen kiyès ki okipe tè yo nan lide pou yo antre nan yon demach kolektiv. MST genyen 480 koperatif. Se yon espas travay pou jèn yo. Li ofri jèn yo plizyè kou tankou nan administrasyon pou yo kapab byen jere lavi yo avèk koperativ yo. Si nou vle lemonn jis, kòmanse travay nan s ak fondamantal yo –  tè ak manje. Se nan pye nou sou tè a,  men nou nan labou, n ap konstrui chanjman sosyal la.

Pami kesyon yo aprè ekspoze a.

Kòman MST kapab enfliyanse nan demach li yo nan ede peyizan yo k ap pèdi pwòp tè yo nan lòt peyi ? Kòman MST kapab ede jèn ayisyen yo aprann sou eksperyans yo nan domèn agwoekoloji a nan peyi Brezil ? Mwen genyen twa bagay ki atire atansyon mwen : agwoekoloji se yon pwojè lavi ; depi y ap fè piblisite pou yon pwodui konnen li genyen maladi l ap pote ; agwobiznis yo se yon pwojè lanmò. Kesyon pa m nan, ki maladi pwodui agwobiznis kapab bay moun ?

Rapò sentèz travay atelye jèn yo sou : angajman jèn yo nan konstriksyon yon pwojè lavi.

Angajman nan edikasyon : se pi gwo zouti pou liberasyon yon peyi. Li pa rezime lekòl tradisyonèl yo, men li kapab teknik tankou domèn agwoekoloji a. Angajman moral : se valorize jèn ki boure potansyalite ak dimansyon etik. Angajman sosyal : jèn yo dwe enplike nan òganizasyon sosyal, nan jwe wòl yo kòm sitwayen responsab. Angajman ekonomik, se mete kanpe ti antrepriz lokal, tankou atizay, agrikilti. Jèn yo dwe chache otonomi finansye yo. Angajman politik : analize sa fenomèn k ap pase yo, pandan y ap mete sou kote tout move pratik enpòte yo. Enplike nan chavire sistèm sosyopolitik k ap pote pwojè sa a. Angajman kiltirèl, sa vle di fè pwomosyon pou patrimwàn kiltirèl nou yo, tankou lang kreyòl. Idantifye nou kòm ayisyen nan pratik kiltirèl nou yo. Devlope yon lòt rapò avèk tè d Ayiti nan kiltive yon santiman apatenans.

  • Jèn yo dwe antre nan yon dinamik batay kolektif olye chache byennèt pèsonèl.
  • Jèn yo dwe ankouraje batay egalite antre fanm ak gason.
  • Jèn yo dwe batay pou yo chanje Leta sa a, nan konstrui yon lòt Leta ki nan enterè popilasyon an.
  • Jèn yo dwe batay pou granmounite peyi a nan zafè manje.
  • Jèn yo dwe aprann òganize yo nan batay kont manje pèpè, revandike dwa yo.
  • Yo dwe devlope bon jan rapò avèk peyizan yo nan ankouraje agrikilti peyizan yo
  • Yo dwe angaje yo pou n genyen yon Ayiti granmoun.
  • Rive fè agwoekoloji a kòm baz pwodiksyon nasyonal la.
  • Ankadre peyizan yo nan prepare konpòs natirèl.
  • Chache konpetans ak konesans ki itil nan bati yon demen miyò.
  • Yo dwe enplike nan konbat sistèm kapitalis la.
  • Patisipe nan eleksyon nan fè chwa kandida ki genyen bon jan pwojè pou pèp la.
  • Pran bon jan fòmasyon politik k ap ede nan konstriksyon yon lòt pwojè lavi.
  • Batay pou n genyen yon Leta ki enterese nan mete kanpe yon refòm agrè popilè.
  • Ale sansibilize lòt jèn yo epi transmèt vizyon souverènte alimantè a pandan y ap bay sitwayen yo nan milye riral yo fòmasyon sou nesesite ki genyen nan konsome pwodui lokal yo.
  • Pran angajman kominotè pandan y ap pran inisyativ ak inove.
  • Ankouraje dinamik solidarite a, ranfòse kapasite yo chak jou.
  • Patisipe nan sansibilizasyon sou degradasyon anviwònmantal la.
  • Chache tabli inite nan dinamik aksyon yo, sitou nan konbat lojik divizyon oksidantal la ap soumèt an Ayiti.
  • Pran fòmasyon politik an pèmanans pandan y ap antre nan dinamik pratik – tewori – pratik.
  • Ranfòse ak patisipe nan fè edikasyon popilè a nan chavire sistèm enperyalis la.
  • Aprann ankouraje, valorizasyon tè paran yo olye y ap fè yo vann yo pou yo pati kite peyi a.
  • Jèn yo dwe chanje abitid alimantè yo, ranmanse tradisyon yo, chanje atitid ak konpòtman yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions

en_USEnglish