Refleksyon Yolda Lunscie Raphaёel sou tèm : dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidans Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso
Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize dezyèm edisyon konkou literè Bèlyeniz Jan Batis sòti 5 jen rive 28 novanm 2025, anba tèm: « dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidans Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso », nan eslogan « Ibrahim Traoré se Thomas Sankara nan yon lòt kò ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS2 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa sosyopolitik peyi Afrik yo. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an, se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan valorize eleman kiltirèl ayisyen an. Elèv Yolda Lunscie Raphaёl rive nan twazyèm pozisyon. Li nan nivo NS3 epi idantifye nan nimewo 006. Li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye. Li resevwa yon pri : 15 000 goud + kit + plak. Li rive nan twazyèm pozisyon kote li fè 530 pwen. An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li a. Nan atik sa a nou korije senpman fot otograf yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.