“Erica Rodriguez” nan kongrè 50 tyèm MPP
Plizyè reprezantan òganizasyon nan nivo entènasyonal la te pran lapawòl pandan kongrè 50 tyèm (1973-2023) Mouvman Peyizan Papay (MPP) la. Pami yo, Erica Rodriguez, reprezantant Mouvman Peyizan San Tè (MST) nan peyi Brezil la. Li te fè yon analiz sou kontèks entènasyonal la pandan kongrè a. Se yon kongrè ki fèt anba tèm “MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis”, sòti 5 dawout pou rive 11 dawout 2023 nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti.
- Apwòch “Erica Rodriguez “
Mwen di nou bonswa ! Libète se yon bagay nou genyen, se pa bay yo bay nou li. Pou yon pèp jwenn libète l se lite pou li lite.
Nan non MST, jodi a, n ap viv yon moman difisil kote lemonn ap konnen yon ansanm defi kote kriz kapitalis la afekte tout sektè yo, pandan genyen yon ti pati nan sosyete a k ap akimile richès yo. Sepandan, gwo majorite moun yo nan lemonn ap viv nan povrete. Moun ekstremis yo ap akimile, kapitalis la ap fwape espas peyizan yo. Nou kapab pran egzanp peyi Brezil nan fason kapitalis yo ap fè eksplwatasyon resous natirèl yo. Akimilasyon yo ap fèt nan eksplwate resous natirèl yo, nan fè dappiyanp sou tè ak pwodiksyon peyizan yo, elatriye. Nan sans sa, yo eksplwate espas riral yo. Se youn nan rezon ki lakoz pwoblèm anviwònman an kontinye ap vale teren an. Degradasyon anviwònmantal la ak dezòd klimatik la vin afekte popilasyon global la. Bagay sa yo genyen gwo konsekans sou lavi moun yo ak sou jenerasyon k ap vini yo.
Monte ekstrèm dwat yo, se yon repons nan politik sosyal yo. Yo genyen yon diskou zenofòb. Yo kòmanse ap pèdi nan pisans yo, tankou pike desann pisans ameriken an k ap vale teren li. Li evidan Etazini pèdi nan ejemoni li. Pike desann ejemoni ameriken an make yon chanjman global. Sa a vin bay Etazini yon gwo defi nan soumèt desizyon li vle yo nan lemonn. Genyen lòt pisans k ap monte tankou Lachin ak Lawisi, elatriye. Sa a lakoz genyen yon lòt konfigirasyon jewopolitik ki mondifye òd mondyal la.
Nou kapab temwaye genyen yon feblès nan lit mas yo, sa vle di nan kapasite yo pou yo mobilize moun yo tankou nan peyi Brezil. Nou panse elajisman lit pèp yo se yon nesesite. Fòk nou chèche yon solisyon nan konekte mouvman sosyal yo. Nou bezwen redefini yon lòt altènatif k ap pèmèt nou rezoud pwoblèm anviwònmantal la epi konstri yon sosyete ki ekitab.
Istwa aprann nou, nan moman sa yo nou dwe konstri anpil lòt altènatif ki plis konkrè. Nou kwè òganizasyon yo nan Karayib la, nan Amerik Latin lan dwe makònen fòs yo pou yo defann yon lavi ki jis. Se yon devwa pou nou afwonte kriz anviwònmantal la, katastwòf natirèl yo ak grangou nan lemonn, elatriye. Pa ta dwe genyen grangou nan lemonn. Nou dwe konprann, se moun ki kontwole mwayen pwodiksyon yo, se yo ki kontwole vant nou. SOFI, yon enstitisyon ki travay nan zafè alimantasyon di genyen gwo danje nan zafè manje pou moun manje nan lemonn. Se òganizasyon transnasyonal yo ki responsab zafè distribisyon manje yo, se yo ki responsab pwoblèm grangou sila a. SOFI sòti yon dokiman pou FAO kote li montre genyen 63 milyon moun k ap konfwonte kriz alimantè ak nitrisyonèl nan lemonn. Grangou nan lemonn se yon bagay nou ta dwe depase paske pa ta dwe genyen grangou nan lemonn, se distribisyon richès yo ki mal fèt avèk grandon yo ki kontwole tè yo.
Nan mitan tout difikilte sa yo nou dwe defann souverènte alimantè a. Altènatif pou n konstri yon lòt modèl agrikilti a nan lemonn li pa depann sou Leta yo senpman, men òganizasyon yo genyen tou yon gwo wòl pou yo jwe. Li enpòtan pou nou konnen enpòtans òganizasyon peyizan yo.
Li enpòtan pou nou defann souverènte alimantè a toupatou. Gouvènman yo genyen responsablite pou yo ede korije deriv yo. Altènativ pou konstriksyon lòt fòm agrikilti a nan lemonn depann sou nou tout. Nou dwe rekonèt òganizasyon peyizan yo epi devlope bon jan rapò ak lanati. Nou dwe kontinye pwodui manje ki sen epi pwoteje latè pou lòt jenerayon k ap vini yo.
Li enpòtan pou n chache solisyon konkrè ki sòti nan kriz la menm. Nou bezwen konstri yon lòt paradig. Altènatif sa a pral pèmèt nou rezoud kriz anviwonnmantal la. Nou kapab chita sou yon ansanm enstriman nou konstri tankou La Via Campesina (LVC). L ap pèmèt nou konstri yon sosyete ki jis. Nou bezwen yon altènatif ki chita andedan reyalite a, menm jan MPP kòmanse nan fè analiz konjonkti sa a. L ap montre nou chimen altènatif ki kapab pran an. Genyen lòt òganizasyon nan karayib la ak nan amerik la k ap travay pou yo konstri yon sosyete ki jis. Nan kontèks kriz la, nou genyen yon devwa pou nou afwonte kriz anviwonnmantal. Se yon kriz nou dwe afwonte pou n genyen yon lemonn ki vivab pou tout moun.
Nou voye yon gwo mèsi pou MPP. Lit pou tè, lit pou peyizan yo, se yon fason pou moun viv nan diyite. Kamarad mwen yo, Chavannes Jean-Baptiste (CJB), mwen di nou yon gwo mèsi ! Nan non MST, mwen swete nou bon konba. Mw swete nan 100 ane k ap vini yo, n ap rive jwenn viktwa pou byennèt pou tout moun lan. Viv MPP, Viv peyizan MPP yo. “An n entènasyonalize lit la, pou nou kapab globalize lespwa “!