Asanble lokal Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan twazyèm seksyon kominal Ench (zòn Basen Bèf)
Devan pòt la.
Nan jounen madi 24 fevriye 2026, anviwon 46 manm ak dirijan gwoupman soti nan plizyè zòn nan twazyèm seksyon kominal Ench. Pami gwoupman ki te patisipe yo : Men Asanm, Fanm Vanyan, Kè Ansanm, Fanm Deside, Antoine Ismeri, ak Lite pou Lavi. Se yon asanble lokal ki fèt nan objektif pou li prepare teren an, sitou pou Asanble Jeneral Òdinè mwa mas 2026 MPP an, nan Sant Lakay Papay. Se yon gwo espas refleksyon k ap chache konprann epi pwopoze solisyon efikas sou pwoblèm sosyoekonomik òganizasyon an ap konnen yo. Anplis, veye si chimen ideyolojik ak politik òganizasyon an kontinye respekte nan yon dimansyon total.

Pètinans asanble lokal la.
Nan pratik lavi òganizasyon an, asanble lokal yo reprezante dezyèm nivo refleksyon ak desizyon aprè gwoupman yo. Se yon espas kote manm yo reyini pou yo analize kondisyon sosyopoltik ak anviwònmantal yo, pran desizyon kolektif epi planifye aksyon pou demen òganizasyon an. Se nan lespri sa a, manm ak dirijan gwoupman yo te reyini pou yo reflechi sou fonksyònman gwoupman yo ak sou wòl yo nan devlopman ekonomi lokal la.
Pwen diskisyon yo
- Refleksyon sou konjonkti sosyo-politik peyi Ayiti ap travèse jounen jodi a ;
- Yon kout refleksyon sou enpòtans pwoteksyon lanati ak anviwònman an ;
- Planifye Asanble Jeneral Òdinè MPP an ki prevwa pou mwa mas 2026 ;
- Chwazi delege ki pral reprezante lokalite a nan Asanble Jeneral la ;
- Kontribisyon chak gwoupman nan ede prepare gwo randevou òganizasyon an ;
- Eleksyon pou yo eli yon nouvo kòdinasyon lokal, nan kontinye ranfòse estrikti òganizasyon an.
Boutofen
Nan asanble lokal sa a, plizyè seksyon nan òganizasyon an te prezan : manm seksyon kominikasyon ak kòdinasyon jèn MPP. Se yon asanble ki montre yon lòt etap nan pwosesis mobilizasyon ak òganizasyon baz peyizan yo nan zòn Papay/Basen-Zim, pandan MPP ap kontinye prepare Asanble Jeneral Òdinè li a, ki se youn nan pi gwo moman refleksyon ak desizyon sou lavi mouvman an.