Actualités

YON MOVE NOUVÈL KI PA NOUVO NOU TONBE LADAN LI, AYISYEN AP MANJE DIRI MERIKEN PWAZONNEN

Nouvèl sou rapò yon gwoup chèchè Inivèsite Michigan, yon Inivèsite meriken pibliye  sou Ayiti nan mwa fevriye a. Nouvèl sa a fè anpil moun sezi, nouvèl la fè konpayi meriken k ap vann diri an Ayiti yo tire pye yo. Nou menm nan MPP nou pa sezi paske nou deja konnen tout pwodwi ki sòti nan modèl agrikilti endistriyèl la toksik kidonk yo tout gen anpil kalite pwazon nan yo. Men genyen pwodwi ki genyen pi gwo dòz pwazon selon sòl kote yo pwodwi yo, selon kantite pwodwi chimik yo itilize nan pwosesis pwodiksyon an.

RÈMÈSIMAN Chavannes JN-BAPTISTE nan okazyon 77yèm anivèsè li !!!!!

17 fevriye 1947, 17 fevriye 2024 fè mwen 77 rekòt kafe jan sa sikile toupatou.
Mwen te jwenn anpil felisitasyon nan jou sa, mwen te jwenn anpil moun fè mwen konnen jan yo renmen m, jan mwen te sèvi yo, ede yo nan yonn ou lòt okazyon. Misyon mwen bay tèt mwen : Sèvi moun yo fè pòv yo espesyalmman peyizan yo ak jèn yo.

DEKLARASYON MPP 5 JEN 2019

Sant Lakay Papay, 5 Jen 2019 NOT POU LAPRÈS Se 5 Jen Nasyon Zini konsakre kòm jounen entènasyonal anviwònman. Chak ane yo selebre jounen sa sou yon tèm nan yon