No products in the cart.



Default text for Box Content Lorem ipsum dolor sit amet, co Its sometimes her behaviour are contented. Do listening am venile had off one. Unknown may service subject.
Default text for Box Content Lorem ipsum dolor sit amet, co Its sometimes her behaviour are contented. Do listening am venile had off one. Unknown may service subject. Default text her behaviour are contented. Do listening am venile had off one. Unknown may service subject.
Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize dezyèm edisyon konkou literè Bèlyeniz Jan Batis sòti 5 jen rive 28 novanm 2025, anba tèm: « dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidans Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso », nan eslogan « Ibrahim Traoré se Thomas Sankara nan yon lòt kò ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS2 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa sosyopolitik peyi Afrik yo. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an, se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan valorize eleman kiltirèl ayisyen an. Elèv Yolda Lunscie Raphaёl rive nan twazyèm pozisyon. Li nan nivo NS3 epi idantifye nan nimewo 006. Li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye. Li resevwa yon pri : 15 000 goud + kit + plak. Li rive nan twazyèm pozisyon kote li fè 530 pwen. An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li a. Nan atik sa a nou korije senpman fot otograf yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.
Yon santèn delege patisipe nan asanble ki fèt nan dat 17 avril la ki make komemorasyon jounen entènasyonal lit peyizan yo. Se toujou yon angajman sosyopolitik pou MPP komemore jounen sa a, sitou nan lokal Sant Lakay Papay. Rasanbleman an te fèt pou MPP anba tèm : Peyizan ayisyen, an n makònen fòs nou kont okipasyon peyi d Ayiti. An n gonfle fòs nou kont vòlè tè yo ki dechennen. Tèm La Via Campesina (LVC) chwazi pou ane 2026 lan : inite kont enperyalis, neyokolonyalis ak kriminalizasyon lit peyizan yo ak polisyon teritwa nou yo. Sòti 17 Avril 1996 rive 17 Avril 2026, sa fè 30 ane depi fòs enperyalis nan peyi Brezil espesyalman nan “Eldorado dos Carajás, État du Pará” te asasine plis pase 19 peyizan “Mouvement des Travailleurs Ruraux Sans Terre” (MST). Se nan objektif sa a, La Via Campesina chwazi dat 17 Avril la kòm Jounen entènasyonal Lit Peyizan yo. LVC konprann nesesite pou li : onore peyizan ki te viktim yo nan dat 17 avril la ; batay kont dappiyanp k ap fèt sou tè agrikòl yo, paske tè agrikòl dwe nan men peyizan k ap travay tè ; kontinye batay nan kenbe otodetèminasyon ak souverènte pèp k ap konbat agresyon pwisans enperyalis yo. Se yon asanble ki fèt nan menm moman rankont elajisman 4 je kontre. Li se yon platfòm peyizan ki pran nesans nan ane 2007. Platfòm nan konpoze : ([MPP] ; [Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay [MPNKP] ; Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen [TK] ; KROS [Kòdinasyon Rejyonal
Soti 19 pou rive 21 Mas 2026, nou menm 300 delege Jèn, Fanm ak gason manb MPP, nou te reyini nan 45yèm Asanble òdinè MPP nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo : SANT LAKAY, nan Papay. Tèm Asanble a se : Peyizan…. Ann Reziste kont Okipasyon.