Mouvman Peyizan Papay (MPP) patisipe nan fòmasyon sou refleksyon “marxisme”
Yon karantèn (40) delege te patisipe nan ranfòse kapasite yo nan fòmasyon politik ak ideyolojik anba tèm jeneral – “refleksyon sou maksis”, nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon kad Peyizan/Sant Lakay, soti 12 rive 16 avril 2026. Se yon fòmasyon ki planifye depi lontan men kontèks sosyopolitik peyi a pa t pèmèt sa a. Sevre done yo pa evolye nan bon sans tèm nan, men kòm òganizasyon pwogresis revolisyonè genyen yon adaptasyon ki oblije fèt nan sans sa a. Fòmasyon an enskri li nan suivi pwogramasyon Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP). Se yon lekòl fòmasyon politik ak ideyolojik k ap fòme òganizasyon popilè yo nan pran wout konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Li sou onzyèm pwomosyon kote chak genyen 40 fanm ak gason ki sòti nan majorite depatman peyi a. L ap mennen pratik ideyolojik ak politik li sou direksyon 4 je kontre ([MPP] ; [Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay [MPNKP] ; Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen [TK] ; KROS [Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès]) . Se yon platfòm peyizan ki pran nesans nan ane 2007, ki jodi a deside pran opsyon batay pou yon Ayiti sosyalis. Youn nan responsabilite dirijan yo se metrize kouran sosyalis la ; òganizasyon yo dwe mete yo dakò sou kouran sa a ; mete kanpe pwogram edikatif nan fè konnen nannan kouran sa a.