Realisations, Uncategorized

Fòmasyon sou kriz Klimatik nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Devan pòt la.

Nan kad fòmasyon sou chanjman klimatik nan Mouvman Peyizan Papay (MPP), ki fèt soti 26 rive 28 avril 2026 nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo, anviwon trant (30) patisipan te reyini pou reflechi sou fenomèn kriz klimatik la. Jounen 27 avril la te genyen yon reta bò kote ekip ki t ap soti Sen Michèl aprè 44 Asanble Mouvman Peyizan Bayonè (MPB), men sa pa t anpeche aktivite yo dewoule nòmalman. Sesyon an te kòmanse ak prezantasyon patisipan yo, pami yo ansanm delege ki soti nan Latibonit, Nòdès ak Sant, kòm reprezantan Òganizasyon Fon Peyizan Wanament (OFPW), MPB, komite sitwayen ak MPP.

Pou asire bon fonksyònman fòmasyon an ak lavi kolektif nan Sant Lakay Papay, patisipan yo te tabli règ klè tankou : pwoteje sant lan, lave veso yo, byen jere enèji, respekte ajan sekirite yo, respekte lè, pa pale youn sou lòt, mete telefòn sou silans, respekte opinyon lòt kamarad yo, devlope respè mityèl ak ankouraje patisipasyon kolektif. Yo te deside moun ki pa respekte prensip sa yo ap genyen pou li fè yon rezime sou sa ki te di pandan sesyon an.

Nan lide pou fomatè, Alexander Placide, evalye nivo konesans patisipan yo sou kesyon chanjman klimatik la, li poze yon kesyon, kiyès ki abitye tande pale sou fenomèn klimatik la ? Pami delege yo te fè konnen yo te deja tande pale sou sijè a, men anpil ladan yo souliye yo pa metrize li. Sa montre pètinans fòmasyon an nan dinamik kreyasyon yon espas aprantisaj ak ranfòsman kapasite jèn yo nan òganizasyon y ap evolye yo. Nan dewoulman fòmasyon an, plizyè entèvansyon te fèt sou kesyon chanjman klimatik, dezòd klimatik ak kriz klimatik. Nan vizyon MPP an, li itilize plis tèm, « kriz klimatik » la paske li tradui pi byen gravite sitiyasyon an. Patisipan yo te esplike kriz klimatik la : se yon gwo chanjman nan klima ki lye nan degradasyon anviwònmantal la ; deteryorasyon kouch ozòn nan, boule tè, ak move jesyon resous natirèl yo. Yo te mete aksan sou fenomèn boule tè se youn nan faktè ki agrave kriz la, ansanm ak move jesyon dechè plastik yo. Konpòtman sosyal nou yo kapab genyen gwo konsekans sou anviwònman an. An n suiv nan liy anba yo atant patisipan yo pou fòmasyon an.

Atant patisipan yo nan fòmasyon an.

Pami gwo atant patisipan yo nan fòmasyons sa a, se genyen yon volonte klè pou nou konstui yon lòt altènativ serye kont fenomèn debwazman k ap depafini Ayiti a, pandan y ap chèche konprann pi byen kessyon akiltirasyon peyizan an ak fason chanjman sosyal ekonomik yo enfliyanse relasyon sosyal peyizan yo. Yo te manifeste bezwen nan idantifye kijan kominote yo kapab adapte yo nan kriz klimatik la, espesyalman devan nouvo reyalite tankou sechrès, inondasyon ak degradasyon tè. Refleksyon yo te touche tou konsekans dechè plastik sou anviwònman ak sou lasante popilasyon an. Dekri konsekans pratik tankou boule tè ak itilizasyon lwil ki agrave dezòd ekolojik la. Patisipan yo te eksprime enterè pou yo jwenn plis enfòmasyon nan mekanis dezòd klimatik la, konprann konsekans li sou lasante moun ak sou lavi kominotè, epi idantifye mezi konkrè, kolektif ak dirab ki kapab ede konbat fenomèn sa yo. Nan sans sa a, yo te chèche analize kijan aksyon sosyal, òganizasyon kominotè ak angajman sitwayen yo kapab vin tounen zouti estratejik nan amelyore relasyon ant moun ak anviwònman, epi kontribye nan konstriksyon yon sosyete ki pi rezilyan devan kriz klimatik lan. Nan liy anba yo n ap jwenn yon rezime sou gwo pwen ki prezante nan fòmasyon an.

Rezime gwo pwen ki devlope nan fòmasyon an.

 Chanjman klimatik se yon fenomèn ki montre tout chanjman k ap dire lontan nan klima a, tankou nan ogmantasyon tanperati, varyasyon nan lapli ak dereglaj sezon yo. Nan anpil moman an se fenomèn natirèl yo ki nan rasin pwoblèm sa a, men jounen jodi a, se sitou aktivite Lòm ki akselere pwosesis sa a. Pou nou byen konprann klima, li enpòtan pou nou idantifye ansanm eleman ki fòme li, tankou : tanperati, lapli, imidite, van ak presyon atmosferik. Se entèraksyon ant eleman sa yo ki detèmine kondisyon klimatik yon espas.

Manifestasyon chanjman klimatik yo vizib atravè plizyè fenomèn tankou nan ogmantasyon chalè a, sechrès ki vin pi souvan, inondasyon ak siklòn ki vin pi entans, ansanm ak dereglaj sezon yo. Sitiyasyon sa a genyen divès koz, pami yo boule gaz fosil, debwazman, polisyon endistriyèl, move jesyon fatra ak pratik agrikòl ki pa dirab. Tout faktè sa yo kontribye nan ogmantasyon gaz, efè tèmik nan atmosfè a, sa ki deregle balans natirèl klima a. Konsekans chanjman klimatik yo grav epi yo touche diferan aspè nan lavi moun, tankou diminisyon pwodiksyon agrikòl, pwoblèm dlo potab, ogmantasyon maladi, deplasman popilasyon ak pèt biyodivèsite. Devan menas sa yo, li nesesè pou nou pran mezi konkrè, tankou : pwoteksyon anviwònman, rediksyon polisyon, itilizasyon enèji renouvlab, bon jesyon fatra ak sansibilizasyon popilasyon an. Sepandan, aksyon kolektif sa yo dwe mache ansanm ak yon chanjman nan konpòtman endividyèl.

Nan sans sa a, Juslène Tyresias met aksan sou obligasyon chak moun genyen nan revize fason y ap viv chak jou. Li ankouraje nou adopte bon abitid nan fason nou manje, bay pwodiksyon lokal la jarèt ak evite gaspiyaj ; nan fason nou konsome, sa vle di evite itilize plastik epi achte sa ki nesesè. Evite sal espas piblik yo, pwoteje resous natirèl yo epi patisipe nan aktivite pwoteksyon anviwònman. Konsa, li fè nou konprann batay kont dezòd klimatik la pa senpman depann sou gwo desizyon politik yo, men tou sou chanjman atitid ak konpòtman chak sitwayen.

Boutofen

Fòmasyon sou kriz klimatik nan MPP soti 26 rive 28 avril 2026 lan se plis pase yon sesyon aprantisaj ; li se yon zak angajman sosyal nan defann lavi, tè, dlo ak avni jenerasyon k ap vini yo. Nan moman kote kriz klimatik la menase limanite antye, eksperyans sa a montre MPP ap kontinye jwe yon wòl estratejik nan devlope yon nouvo konsyans ekolojik, sosyal ak politik an Ayiti. Se nan alyans ant syans, mouvman sosyal ak aksyon kolektif nan peyi a, n ap kapab konstui yon repons serye kont youn nan pi gwo defi syèk sila a.

Fòmasyon an te valorize tou kontribisyon ekspè ayisyen yo. David Noncent montre kijan Ayiti ap sibi varyasyon lapli ak sechrès ki afekte agrikilti ; Evens Emmanuel soulve relasyon ant kriz klimatik ak degradasyon ekolojik entèn peyi a ; tandiske Absalon Pierre montre kijan agrikilti rezilyan kapab sèvi zouti pou pwòp adaptasyon yo. Ansanm, rechèch sa yo pwouve kriz klimatik an Ayiti pa senpman yon kesyon anviwònman, men yon kessyon estriktirèl ki konekte nan modèl ekonomik, politik piblik ak lavi peyizan yo. Fòmasyon sa a reprezante yon aksyon politik ak pedagojik fondamantal. Li montre batay kont kriz klimatik la dwe chita sou fòmasyon popilè, konsyans kritik ak òganizasyon sosyal. Sa vle di, olye peyizan yo rete viktim pasif, yo dwe vin aktè santral nan konstriksyon rezilyans lokal ak nasyonal. N ap souliye, animasyon fòmasyon an te fèt sou direksyon Agwonòm Alexander Placide. Li te fasilite yon espas refleksyon, analiz ak konsyantizasyon sou nesesite pou nou konstui altènativ dirab pou peyizan yo ak pou pwoteksyon anviwònman an Ayiti.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions