Fòmasyon sou agwoekoloji peyizan sou direksyon ekip teknik Mouvman Peyizan Papay (MPP)
Devan pòt la.
Soti lendi 9 rive vandredi 13 fevriye 2026, Mouvman Peyizan Papay (MPP) te òganize yon fòmasyon entansif nan Sant Lakay la pou ranfòse kapasite manm li yo sou kesyon agwoekoloji, fètilizasyon òganik, pwodiksyon marechè ak pestisid natirèl. Pandan senk (5) jou sa yo, 18 patisipan ki sòti nan plizyè gwoupman nan seksyon kominal yo sou wo plato santral kote yo te rasanble pou yo aprann, reflechi epi pataje eksperyans yo. Chwa patisipan yo ki sòti nan plizyè gwoupman ak plizyè zòn. Li fèt nan lide pou kreye yon efè miltiplikatè. Chak moun ki fòme vini tounen yon ajan transmisyon konesans nan kominote pa li.
Pami fòmatè yo ki te anime fòmasyon an, se de (2) kad teknik MPP: Iselande ALEXANDRE, manm ekip teknik la ak manm kòdinasyon pwogram jèn yo, ki te entèvni kòm fomatris; epi Michelier SAINT-FORT, Trezorye kòdinasyon Jeni 50èm, manm ekip teknik, ak Trezorye komite kòdinasyon pwogram jèn yo, ki te patisipe kòm fomatè. Nan sans sa a, Malachy BASTIEN, redaktè seksyon kominikasyon nan MPP te reyalize yon antretyen ak 2 nan fomatè yo.
https://www.facebook.com/share/v/18AAGg267L
https://www.facebook.com/share/v/1DyPCpR1Uo
Pami tèm ki trete nan moman fòmasyon an.
Nan kad fòmasyon an, Iselande ALEXANDRE, ki genyen anviwon 4 lane eksperyans, te trete entwodiksyon agwoekoloji ak pestisid natirèl. Bò kote pa li, Michelier SAINT-FORT, ki genyen anviwon 5 lane eksperyans, te devlope tèm sou fètilizasyon (angrè) òganik, pwodiksyon marechè (legim) ak pestisid natirèl.
Lè nou rapwoche tèm sa yo, yo fòme yon blòk konesans solid ki chita sou menm vizyon MPP ap pwone depi nan nesans li : ankouraje yon agrikilti dirab, pwodwi manje ki sen, respekte anviwònman an, epi batay kont esplwatasyon resous natirèl yo – tankou : tè, iranyòm, lò, chabon, ak dlo, elatriye.
Anplis, fòmatè yo montre agwoekoloji a bay yon kad jeneral la nan fètilizasyon òganik la, ranfòse kalite tè a san depandans sou angrè chimik. Pwodiksyon marechè a amelyore sekirite alimantè a pandan pestisid natirèl yo ede konbat enmi kilti yo san danje pou sante moun ak pou lanati.
Enpòtans fòmasyon an nan mitan kriz plizyè dimansyon peyi d Ayiti.
Nan kontèks kriz ekonomik, sosyal ak alimantè peyi a ap travèse, fòmasyon sa a parèt kòm yon zouti estratejik. Objektif la se louvri je patisipan yo pou yo pi byen konprann meyè fason pou yo kontinye pwodwi, malgre difikilte yo. Selon fomatè yo, se pa sèlman yon kesyon teknik, se yon kesyon otonomi ak rezistans. Lè pwodiktè yo metrize teknik pou yo amelyore tè yo, prepare angrè òganik yo, fabrike pestisid natirèl yo epi ogmante pwodiksyon legim yo, yo vin mwens depann sou pwodui ki chè oswa ki soti aletranje. Aprè fòmasyon an, responsab yo atann patisipan yo ap kapab mete an aplikasyon tout sa yo aprann epi genyen kapasite pou yo pataje konesans yo ak lòt manm gwoupman k ap fè jaden yo. Objektif final la se wè plis pratik agwoekolojik aplike sou teren an.
Moman enpòtan ak difikilite ki rankontre nan reyalizasyon fòmasyon an.
Nan yon premye moman an, de (2) fomatè yo fè konnen fòmasyon an pa t rankontre gwo difikilte, sa ki te pèmèt aktivite yo dewoule nan yon bon anbyans kolaborasyon. Nan yon lòt moman an, youn nan moman ki pi enpòtan pou fòmatè yo se te lè patisipan yo t ap pataje eksperyans yo, sitou pandan prezantasyon sou pestisid natirèl yo. Se te yon espas aprantisaj kolektif kote chak moun te pote pwòp metòd li nan konbat ensèk ak maladi nan jaden yo. Nan echanj sa yo, youn te aprann nan men lòt, epi konesans teknik yo te rankontre ak eksperyans pratik peyizan yo. Angwo, fòmasyon sa a montre klèman angajman Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan kontinye bati yon agrikilti ki solid, dirab ak anrasinen nan reyalite peyizan ayisyen yo. Nan mitan kriz la, se nan fòmasyon, solidarite ak pataj konesans yo espwa pou yon pi bon demen ap grandi. Òganizasyon ou lanmò !