Realisations

Rankont Nasyonal MPNKP 2026 : ranfòse batay peyizan yo nan mitan kriz peyi a

Devan pòt la.

Soti 10 pou rive 13 fevriye 2026, Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP) òganize yon gwo rankont nasyonal ki reyini 20 patisipan ki soti nan 8 depatman jewografik peyi a, nan lokal Sant Lakay Papay. Premye rankont nan ane 2026 la chita nan objektif pou yo analize feblès òganizasyon yo, idantifye fòs yo, epi trase nouvo pèspektiv pou ane 2026-2027 la. Yon rankont pou yo ranfòse kapasite manm yo nan òganizasyon MPNKP yo nan dimansyon sosyal, ekonomik ak politik. Nan yon moman kote peyi a ap travèse yon gwo kriz politik ak ensekirite. Rankont sa a se yon espas refleksyon ak mobilizasyon pou li pèmèt manm yo reprann fòs yo epi kontinye batay pou chanjman sosyal nan peyi a. Sitou, nan gwo kriz politik ak sekirite peyi a ap fè fas jounen jodi a, anpil manm MPNKP oblije kite kay yo 2 bra balanse akoz menas ak vyolans gang ame yo. Sitiyasyon sa a frape plizyè fanmi peyizan epi li afebli estrikti òganizasyonèl yo nan anpil zòn. Nan sans sa a dirijan yo chwazi tèm refleksyon ki kapab ede manm yo reprann konfyans, òganize tèt yo pi byen, epi kontinye lite pou dwa yo ak pou devlopman kominote yo.

Patisipasyon òganizasyon yo ak pwoblèm yo rankontre.

Genyen patisipasyon 8 depatman malgre difikilte yo. Rankont lan reyini reprezantan ki soti nan depatman sa yo : Latibonit, Nò, Nòdès, Sant, Nip, Sid, Sidès, Grandans. Malerezman, akoz kriz ensekirite a, depatman Nòdwès ak Lwès pa t kapab voye delegasyon yo. Pami òganizasyon ki te prezan yo, genyen : MPB (Mouvman Peyizan Bayonè) ; OGAD (Òganizasyon Gwoupman Agrikol Dezam) ; MPA (Mouvman Peyizan Akil) ; RPM (Rasanbleman Peyizan Milo) ; MPP (Mouvman Peyizan Papay) ; KPGA (Konbit Plantè Grandans) ; MOUGPAG (Mouvman Peyizan Devlopman Agrikol Grandans) ; OFPW (Òganizasyon Fanm Peyizan Wanament) ; OPDM (Òganizasyon Peyizan pou Devlopman Marigo) ; KODEKOS (Kòdinasyon Òganizasyon pou Devlopman Kot Sid).

Òganizasyon yo konnen gwo defi lojistik ak finansye. Youn nan pi gwo difikilte rankont lan se kesyon deplasman patisipan yo. Pou delegasyon ki soti nan gran Sid la rive nan gran Nò, yo oblije pran avyon oswa elikoptè, sa ki mande anpil depans finansye, kontrèman ane anvan yo kote transpò a te plis aksesib. Sa montre kòman kriz sekirite a pa sèlman menase lavi moun, men li ogmante chay ekonomik òganizasyon popilè yo tou. Sepandan, rankont lan te genyen yon moman enpòtan kote chak manm te jwenn espas pou yo pale, fè echanj, di sa yo panse, epi pran pozisyon yo ansanm sou kesyon politik piblik yo. MPNKP afime li yon lòt fwa angajman li nan denonse tout fòm enjerans etranje nan zafè peyi a, epi denonse tou konplisite kèk aktè nasyonal nan patisipasyon yo pou yo detri peyi a nan pwòp enterè yo.

Boutofen, premye rankont sa a se yon nouvo chapit pou 2026-2027. Patisipan yo dakò sou nesesite pou ranfòse estrikti yo nan chak depatman, devlope plis inisyativ ekonomik pou soutni manm yo, epi ogmante fòmasyon politik ak sosyal pou fè fas ak defi k ap tann yo. Rankont nasyonal MPNKP 2026 la pa t sèlman yon reyinyon òganizasyonèl, men yon moman solidarite, refleksyon ak mobilizasyon pou kontinye batay peyizan yo nan mitan youn nan peryòd ki pi difisil peyi a ap travèse yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions