Jeni 50yèm MPP : Agwoekoloji – sèl mwayen pou kaba grangou ak refwadi planèt la
Devan pòt la.
Jeni 50yèm MPP (Mouvman Peyizan Papay), se yon inisyativ Kòdinasyon Pwogram Jèn MPP (KPJMPP). Men inisyativ la soti nan lide Gerline Jeannot (Enjenyè Agwonòm). Aktivite sa a sou senkyèm edisyon li ki te dewoule soti 23 Novanm 2025 rive 22 Desanm 2025. Nan yon objektif klè kote y ap fòme jèn MPP yo sou pratik agrikòl dirab ki kapab konbat kriz manje ak chanjman klimatik lan. Yo te chwazi tèm : “Agwoekoloji sèl mwayen pou kaba grangou ak refwadi planèt la“.

Tèm sa a chwazi nan lide pou yo ede jèn MPP yo konprann konsekans sistèm agrikilti endistriyèl la – yon sistèm ki jodi a kontribye nan degradasyon tè, pèt divèsite biyolojik, epi agrave chanjman klimatik lan. Pakont, Agwoekoloji a se yon altènativ dirab : li entegre konesans tradisyonèl peyizan yo ak pratik ekolojik ki amelyore rezistans sistèm manje yo. MPP kanpe dèyè pawòl Olivier De Schutter ki di : “agwoekoloji se sèl mwayen pou kaba grangou ak refwadi planèt la” – se sa ki motive chwa tèm nan pou 5yèm edisyon an.
Kritè patisipasyon gwoupman yo ak pètinans Jeni a.
Pou yon gwoupman te patisipe nan senkyèm edisyon jeni a, genyen yon ansanm kritè pou li respekte, li dwe :
- Peye kotizasyon anyèl li ;
- Yon gwoupman aktif ;
- Enskri ak omwen 7 jwè ;
- Disponib pou aktivite yo ;
- Jwenn otorizasyon animatè lokal la.
nan pwoblèm ki poze se paske li fèt nan peryòd lekòl kote anpil jèn se elèv ; genyen tou kèk gwoupman ki pa fin konprann objektif la kote yo te genyen laperèz pou yo patisipe. Gwoupman ki te patisipe yo genyen pou non ak soti nan zòn :
- Union des jeunes – Ench, Basen-zim
- Wozo – Ench, Papay
- Nouvèl Espwa – Mayisad, Lagoun
- Lite pou lavi – Mayisad, Pòtoswèl
- Miroir des jeunes – Mayisad, Sant vil
- Men nan men – Mayisad, Aty
- Lite pou chanjman – Tomonn
- La lumière – Tomonn
- Konbat pou chanjman – Ench, 4yèm seksyon
- Union fait la force – Ench, 4yèm seksyon

Aprè plizyè match, genyen de (2) gwoupman ki rive nan premye ak dezyèm pozisyon. Plis genyen de (2) lòt ki resevwa prim konsolasyon. Gwoupman ki chanpyon se Gwoupman Wozo ki soti nan 3yèm seksyon kominal Ench, sitou nan Papay kote li resevwa yon prim 45,000 goud. Nan dezyèm plas lan se gwoupman Lite pou chanjman ki soti nan komin Tomonn kote li resevwa yon prim 30,000 goud. Plis te genyen de (2) prim konsolasyon gwoupman Konbat pou chanjman ki soti nan katriyèm seksyon kominal Ench, resevwa 10,000 goud ; nan yon lòt bò gwoupman La lumière ki soti nan komin Tomonn, resevwa 10,000 goud.

Nan sans sa, se yon Jeni ki genyen anpil enpòtans pou gwoupman jèn yo ak òganizasyon an kote li pèmèt gwoupman jèn yo rete sou lekti ; favorize aprantisaj kolektif ; fè jèn yo metrize ansanm aks entèvansyon MPP yo ; anrichi konesans jèn yo sou agwoekoloji ak pratik agrikòl dirab. Men Jeni a rankontre kèk pwoblèm, tankou : lapèrèz gwoupman yo lè pou yo enskri – anpil gwoupman te pè patisipe, swa akoz yo manke enfòmasyon, konsa tou nan òganize Jeni a pandan peryòd lekòl yo. Pou komite Jeni a rezoud pwoblèm sa yo, li deside : mete yon machin kominikasyon kanpe nan fè gwoupman yo konprann objektif ak enpòtans jeni a ; planifye nan dat oswa peryòd lekòl lè sa posib ; bay sipò lojistik ak ankourajman pou gwoupman yo k ap rale kò yo tankou kribich wè nesesite pou yo vini patisipe.
Boutofen
Jeni 50yèm MPP ap kontinye kòm yon aktivite regilye san dat fiks, sepman si yon kriz enpòtan parèt. Objektif li se kontinye fòme jèn yo sou agwoekoloji, elaji patisipasyon yo, epi ranfòse kapasite gwoupman lokal yo nan kontribye nan souverènte alimantè a ak batay kont kriz klimatik la. Senkyèm edisyon Jeni 50yèm MPP an montre angajman li nan pwomosyon agrikilti dirab atravè agwoekoloji a, kòm yon repons konkrè kont agrikilti endistriyèl la ki menase lavi globalman. Se yon espas aprantisaj, echanj ak mobilizasyon jèn yo, kote yo aprann pran angajman nan chanje fason y ap pratike agrikilti a – se yon nesesite pou yon lavni plis rezistan ak ekitab.