Patisipasyon Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan asanble 4 je kontre
- Nan lento pòt la.
Yon dizèn reprezantan òganizasyon sòti nan plizyè depatman an Ayiti, rasanble nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan/Sant lakay nan Papay, nan dat 10 rive 13 fevriye 2025. Objektif asanble a se boukante lide avèk tout òganizasyon peyizan yo ki enterese entegre platfòm 4 je kontre a. Men se òganizasyon k ap pote revandikasyon peyizan yo nan tout nivo, tankou nan nivo politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl. Platfòm 4 je kontre swete ranfòse tèt li nan konstri yon pi gwo fòs sosyopolitik k ap pote revandikasyon peyizan yo nan nivo nasyonal ak entènasyonal. Se yon evènman ki te konpoze plizyè pwen diskisyon, tankou : analiz konjonkti ; prezantasyon 4 je kontre ; reprezantan òganizasyon yo te bay yon istorisite sou òganizasyon yo ; yon deba sou referandòm ak eleksyon an Ayiti, nòt pou laprès sou pozisyon politik 4 je kontre sou konjonkti sosyopolitik la, elatriye.
- Pozisyon 4 je kontre aprè analiz konjonkti sosyopolitik la.

Analiz konjonkti sosyopolitik la, se kamarad Philfrand St-Naré ki t ap anime li. Genyen plizyè pozisyon politik ki pwopoze pou òganizasyon yo kapab pran kont lojik eleksyon ak referandòm nan, tankou : patisipasyon kritik ; vijilans politik ; opozisyon pandan y ap defini yon lòt estrateji politik. Ki pozisyon politik 4 je kontre dwe adopte parapò ansanm pwopozisyon sa yo ?
Aprè analiz konjonkti politik la, plizyè kamarad pran lapawòl. Genyen ki pwopoze pou 4 je kontre pran pozisyon opozisyon. Nan yon lòt bò, pami yo pwopoze pou n sòti nan pozisyon opozisyon pèmanan an pou n rive pwopoze yon altènatif ki plis pratik. Jeneralman, reprezantan òganizasyon yo deside adopte yon pozisyon politik ki chita sou opozisyon.
Pou kamarad Chavannes Jean-Baptiste, li klè, pa kapab genyen eleksyon nan peyi a. Si y ap fè eleksyon se pou kominote entènasyonal la satisfè tèt li. Nan kesyon referandòm y ap pale a, li pa entegre tout kouch sosyal nan peyi a, y ap aji yon fason pou yo pa kontre okenn lide kontrè. Kesyon eleksyon klè nan tèt Lesly Voltaire, li menm ale pale koze sa nan peyi etranje pou kominote entènasyonal la tande sa a pi byen. Nou dwe mennen batay sou tout fòm pou n kontre kare ouwagan politik y ap prepare pou nou an. Depi nan monte Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) an, yo montre òganizasyon peyizan yo deyò. Batay k ap fèt la se yon batay pou yo mete peyizan yo deyò sou tè yo. Se yon pwojè kont peyizan yo, nan lide pou yo bay etranje yo aksè fè dappiyanp sou tè peyizan yo, elatriye.
- Istorisite sou 4 je kontre.
Questamène Cenor (dirijan MPP) ak Rosenel Jean-Baptiste (dirijan TK), sou prezantasyon 4 je kontre. Se yon platfòm peyizan ki pran nesans nan ane 2007. Te genyen yon ONG ki rele ActionAide, li te envite plizyè òganizasyon pou yo pale sou eksperyans yo nan kesyon souverènte alimantè. Pandan plizyè diskisyon mwen menm Rosnel Jean-Baptiste te prezante yon radyografi sou ansanm pwoblèm peyizan yo ap konnen. Pami òganizasyon ki te prezan yo, genyen KROS, MPP ak MPNKP, yo pral konprann genyen nesesite pou yo kontinye refleksyon yo. Konsa yon rankont fikse men li pa t kenbe paske te vin genyen yon siklòn ki pase. Yon lòt dat fikse pou rankont lan nan Jakmèl, espesyalman nan zòn zoranje. 4 je pran nesans avèk 4 òganizasyon sa yo : MPP, Tèt Kole, MPNKP ak KROS. Sa pa vle di se senpman òganizasyon sa yo ki konpoze li. Li sòti nan yon pwovèb kreyòl : « 4 je kontre manti kaba ». Objektif li se rasanble tout òganizasyon peyizan yo, pote revandikasyon yo nan tout nivo, tankou nan nivo politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl. Rive konstri yon fòs sosyopolitik k ap pote revandikasyon peyizan yo nan nivo nasyonal ak entènasyonal. Travay li se chita sivilizasyon peyizàn nan. Li konpoze yon komite egzekitif ki genyen 12 manm, yon ti komite ki genyen 3 manm k ap jere kesyon suivi ak ijans yo.
Aktivite 4 je : petisyon 2009 ki ranmase 31 mil siyati pou plantasyon medsiyen ; pledwaye pou souverènte alimantè ; fowòm patriyotik popilè ki vin Fwon Patriyotik Popilè, pri 2013 nan kesyon agwoekoloji ; nan ane 2017, 2018, 2019, plizyè pwopozisyon fèt k ap gade nesesite pou peyi a sòti nan kriz sosyopolitik la, nan moman sa a kamarad Mouvman Peyizan San Tè (MST) yo k ap aji an Ayiti sou non Brigad Desalin, yo t ap ankouraje yon refleksyon sou pwoblèm yo, nan dat 27 rive 31 dawout 2019, se li menm ki debouche sou Fowòm Patriyotik Popilè. 4 je kontre toujou sou teren batay sosyopolitik la. Nan dinamik aksyon li yo, li rive mete kanpe yon lekòl fòmasyon politik ak ideyolojik ki chita nan twazyèm seksyon kominal vil Ench, nan zòn Papay. Se yon lekòl ki pote non – Lekòl Fòmasyon Politik Chalmay Peralt (LFPCP). Li sou dizyèm pwomosyon kote chak genyen 40 fanm ak gason ki sòti nan tout 10 depatman nan peyi a. Sepandan, 4 je kontre konfwonte plizyè kontrent nan dinamik aksyon li yo. Pwoblèm li yo makònen nan fason dirijan politik yo ap mete sou kote tout revandikasyon peyizan yo, elatriye.
Pèspektiv : nan refleksyon nou nan komite egzekitif la, nou nan yon dinamik pou nou ranfòse 4 je kontre, se rive jwenn lòt òganizasyon ki makònen filozofi nou k ap pèmèt nou kontinye bay jarèt nan revandikasyon peyizan yo. Se youn nan objektif ki fè nou chita la jounen jodi a, avèk prezans anviwon 12 òganizasyon. Genyen lide ki fè kwè se senpman 4 òganizasyon ki konpoze li, se yon move pèsepsyon. Aprè prezantasyon an, plizyè reprezantan òganizasyon te tanmen poze kesyon ki ta pral debouche sou yon deba. Pami kesyon yo :
Ki estrateji 4 je kontre devlope pou li dekonsantre ? Èske dokiman li yo disponib ? Poukisa nou pran tout tan sa pou nou elaji 4 je kontre ? Ki mwayen n ap itilize pou n ranfòse 4 je kontre nan nivo sosyal ak politik ? Ki estrikti ak fonksyònman li ? Nan eleksyon, kijan li abitye posizyone li ? Kiyès ki te soumèt Platfòm Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA) nan fonksyònman Lekòl Fòmasyon Politik Chalmay Peralt (LFPCP) ? Kòm twa nan òganizasyon ki fonde 4 je yo fè pati manm La Via Campesina (LVC) ak AIP, sila yo k ap vini manm yo, èske y ap tou manm yo ? Èske òganizasyon k ap vini manm yo ap genyen menm dwa ak sila yo ki manm fondatè yo ? Èske nan lekòl la nou pa riske prepare kèk etidyan pou yo ale ranfòse Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK), nan modèl òganizasyon k ap voye etidyan yo ?
- Refleksyon Chavannes Jean-Baptiste.
Nan kòmansman jounen 12 fevriye 2025 lan, kamarad Chavannes Jean-Baptiste soumèt yon refleksyon. Nou dwe konprann yon platfòm òganizasyonèl pa yon òganizasyon. Òganizasyon yo genyen pwòp estati ak prensip yo. Platffòm nan tou kapab defini prensip fonksyònman li. Nan nivo politik, Fwon Patriyotik Popilè (FFP) se pwosesis n ap etabli pou n chita yon zouti politik, li pa kapab fè anyen san li pa konsilte nou, paske 4 je kontre nan rasin konstriksyon li, men travay n ap fè la pa lye ak li. Konstriksyon 4 je kontre an pran anpil tan, men li konnen anpil defi kote kèk aktè ki te nan baz konstriksyon li, yo fè tantativ pou yo kraze li. Youn nan gwo aksyon sosyopolitik 4 je kontre reyalize se LFPCP. Objektif lekòl la, se akonpaye òganizasyon yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Fòme etidyan yo pou yo tounen nan òganizasyon yo, ale limen bouji sosyalis la nan tout depatman yo. Ede òganizasyon yo mete bon jan estrikti pou yo konbat sistèm kapitalis la.

Lide ranfòse 4 je kontre an vini nan kad yon rankont li te reyalize nan ane 2021. Nan moman sa a plizyè kritè te tabli : òganizasyon peyizan pwogresis, ki genyen rekonesans legal oswa notoryete piblik, ki kouvri minimòm yon seksyon kominal, k ap mennen yon batay klas, k ap poze aksyon sosyal ki byen defini, k ap defann enterè peyizan yo, li dwe genyen 5 ane eksperyans ak 100 manm pou pi piti. Aprè 2021, konjonkti sosyopolitik la vin mangonmen kote pwosesis la te kanpe, plizyè dat fikse men yo pa t rive kenbe, tankou : avril 2022. Konsa 29 novanm 2024, nou deside relanse envitasyon òganizasyon yo, nan lide pou nou planifye elajisman 4 je kontre nan premye trimès 2025 lan. Envitasyon sa yo te fiske yon ansanm kritè nou apèn site anwo yo. Yon fòm ale jwenn òganizasyon yo nan lide pou yo prezante òganizasyon an, objektif li, gade si yo reponn kritè yo pou yo vini manm 4 je. Nan plan nou te genyen pou rankont sa a li pa t rive ateri, genyen pami òganizasyon yo ki twonpe yo espas rankont lan, pami yo pa vini akoz pozisyon jewografik yo nan kontèks ensekirite a.
Angwo, kisa 4 je kontre ap chache ? L ap chache konstri yon fòs sosyal ak politik pandan l ap chavire sistèm sosyopolitik ak ekonomik retwograd sa a. L ap chache makonnen òganizasyon yo k ap mennen yon batay politik. Dinamik batay politik 4 je kontre an chita sou yon pozisyon politik lagoch. Òganizasyon yo ki enterese entegre yo dwe disipline, nan tandans politik lagoch. Pozisyon sosyopolitik 4 je, se pozisyon tout lòt òganizasyon yo. Lè yo vyole prensip yo, kòdinasyon 4 je kontre an, ap mete yo deyò, tankou eksperimantasyon sa a fèt nan komin Milo ak nan Mibalè, elatriye.
N ap souliye FPP pa fèmen sou li, nenpòt òganizasyon ki vle suiv filozofi politik li kapab antre ladan li. Zouti politik sa a enterese pran pouvwa politik la. Aprè refleksyon sa a, genyen plizyè manm nan asanble a ki poze yon ansanm kesyon […]
Angwo, se yon asanble ki te fini nan yon bèl anbyans, menm si tout reprezantan òganizasyon yo pa t rive prezan akoz plizyè lòt pwoblèm. Komite 4 je kontre a ap redefini yon estrateji pou lòt reprezantan yo rive rejwenn yo. Nan finisman asanble a, reprezantan òganizasyon yo mete yo dakò sou yon pwopozisyon dat pou asanble konstityant 4 je kontre a : 7 rive 10 me 2025, nan sant lakay, ki chita nan twazyèm seksyon kominal Ench.