Education

Fòmasyon sou metòd ak estrateji òganizasyon peyizàn nan Mouvman Peyizan Papay /MPP

Devan pòt la.

Depi aprè nesans Mouvman Peyizan Papay (MPP), nan ane 1973, li enskri nan yon pèspektiv fòmasyon politik ak ideyolojik, agwoekolojik, òganizasyonèl ak animasyon pou chanjman sosyal nan enterè klas popilè a, sitou peyizan yo, jèn fanm ak jèn gason k ap sibi eksplwatasyon ak dominasyon sistèm sosyopolitik ak ekonomik retwograd an Ayiti a.

MPP fè pati 4 je kòm platfòm òganizasyon peyizan k ap defann enterè peyizan yo. Platfòm sila a konpoze MPNKP, Tèt Kole Ti Peyizan ayisyen, KROS ak MPP. Nan lide pou 4 Je ranfòse fòmasyon politik ak ideyolojik jèn yo nan peyi a, li inisye Lekòl Fòmasyon Politik Chalmay Peralt (LFPCP) nan ane 2018. Se yon lekòl ki sou dizyèm pwomosyon li. Nan obsèvasyon direksyon MPP fè, li estime etidyan ki manm MPP ak MPNKP yo dwe aplike reyèlman metòd refleksyon-aksyon –refleksyon. Konsa seksyon edikasyon nan MPP deside òganize twa (3) jounen fòmasyon sou metòd ak estrateji òganizasyon peyizàn, sòti 8 rive 10 janvye 2025, plis yon lòt jounen nan dat 25 janvye 2025 ki mete yon bout nan fòmasyon an. Nan fòmasyon an, yo aprann chante ; konnen istwa metòd la ; de (2) gwo faz metòd la : faz estratejik ak faz metodolojik.

Refleksyon Chavannes Jean-Baptiste sou fòmasyon an.

Objektif fòmasyon an : ranfòse fòmasyon etidyan yo ki pase nan LFPC, sitou sila yo ki manm MPP ak MPNKP pou yo vin animatè k ap fòme gwoupman. Tout moun ki vin nan fòmasyon sa a se moun ki pase nan LFPCP, tankou manm MPP yo genyen devwa pou yo ale fè fòmasyon politik ak ideyolojik. Pou yo rive politize moun yo nan sosyete a. Yo genyen misyon ale fè edikasyon popilè a. Modèl fòmasyon sa a nan tradisyon MPP dire 6 mwa, yo dwe ale sou teren pou yon eksperyans pandan yon ane. Y ap evalye travay yo epi y ap tounen pandan yon ane ankò. Si moun nan fè yon mwa li pa pran dezyèm 6 mwa, nan MPP nou konsidere yo kòm : animatè popilè, monitè. Angwo, objektif li, se rive elaji ekip animasyon pou chanjman sosyal la nan MPP. Ranplase animatè senyò yo nan MPP. Fòme moun ki kapab ale fè fòmasyon na tout peyi a. Nan domèn tankou : koperativ, chanjman klimatik, agwoekokoji, elatriye.

Animatè pou chanjman sosyal yo, nan MPP nou fòme yo pou tout enstitisyon. Genyen yon pwogram ki pèmèt nou rele moun sa yo polivalan. Yo genyen anpil kou yo suiv nan plizyè domèn diferan. Anpil kou nou suiv nan LFPCP, genyen pami yo ki enskri nan pwogram animasyon pou chanjman sosyal la. Nan LFPCP genyen kèk kote nou ale pi lwen pase pwogram animasyon pou chanjman sosyal la, tankou : kou maksis. Lide nou genyen se fè etidyan ki pase nan LFPCP vin animatè.

Istorisite sou metòd la.

Se yon metòd Chavannes Jean-Baptiste envante. Li pa egziste nan pyès Liv. Li parèt ak li nan moman li t ap dirije CICAP.  Li te enterese analize ki pèsepsyon peyizan yo genyen sou kesyon fòmasyon agrikòl la. Analize èske peyizan yo santi genyen bezwen pou yo pran fòmasyon teknik. Aprè dyagnostik, li konkli peyizan yo pa genyen bezwen sa a. Li di Pè Josèf li pa ka fè travay sa a, l ap plis bezwen yon moun ki fè sosyoloji, travay sosyal […] Pè a konvenk li pandan li pote yon lo liv pou li lè sòti nan peyi lòtbò dlo. Pè a konprann si li kapab idantifye pwoblèm yo li ta kapab pote repons ak yo, san li pa bezwen lòt moun Chavannes egzije li yo pou etid la. Aprè ansanm eksperyans li nan Sant Emayis la, li pral lanse MPP nan mwa janvye 1973. Premye gwoupman ki fonde se gwoupman kè kontan, avèk 18 moun. Sou rejim Divalye a gwoupman yo te rele : gwoupman agrikòl. Nan dat 7 mas 1987 – non MPP an sòti ofisyèlman nan Lemonitè aprè yon petisyon pou retou kochon kreyòl.

Genyen plizyè liv ki make Chavannes Jean-Baptiste pami yo : Paolo Freire : « pédagogie des opprimées » ; « Alphabétisation conscientisante ». Chavannes ekri plizyè liv, pami yo : Konnen tè w ; Valè tè w ; Pwoteje tè w ; Tè a se kòd lonbrit nou. Nan dinamik edikasyon popilè MPP an, Premye pwomosyon animatè pou chanjman sosyal la kòmanse nan ane 1979.  Pami yo te genyen : Ernest Israël, Vilgar Jacques, elatriye.

De (2) gwo faz metòd la.

  • Faz estratejik : nan filozofi metòd sa a nou chwazi bitasyon yo kòm baz. Paske moun yo genyen afinite sou plizyè ang. Tankou kesyon : jwèt aza, sosyete sekrèt, gagè, familyal, relijyèz, kwayans, elatriye. Nan sans sa, se nan zòn estratejik tankou bitasyon yo nou dwe kòmanse yon travay òganizasyonèl. Nou dwe evite sant vil yo oswa sant kominote lokal la nan kòmansman yon travay òganizasyonèl. Menm jan lè yon poul ap ponn li chache kote ki pi lwen an, nan lide pou li jwenn chans sove ti poul yo.
  • Faz metodolojik : 1- Faz enfòmèl, 2- faz non fòmèl 3- faz fòmèl.
  1. Faz enfòmèl (dire antre 3 rive 6 mwa) : se yon faz kote ou rive menm si w pa konnenpyès moun men ou dwe entegre ou. Gade nan ki lojik ou ka danse sou menm pye ak moun yo nan kominote a. Devlope mwayen pou ou pale menm jan ak moun yo, sa vle di genyen menm langaj ak yo. Fason ou abiye, penyen, manje… Animatè a dwe nan tout sòs nan kominote a. Chache konnen tout notab yo, lidè yo nan kominote a.. Angwo, se yon faz entegrasyon. animatè a dwe konnen kominote a jewografikman, kiltirèlman, demografikman, sosyalman, politikman ak ekonomikman. Nan bout faz sa a, ou dwe fè yon lis enskripsyon. Se yon faz ki louvri. L ap fèt andeyò tout enpozisyon prensip pou patisipan yo.
  2. Faz non fòmèl (dire 3 mwa) : se yon faz fòmasyon. Nan faz sa a nan kòmansman ou dwe fè yon reyinyon fòmasyon ki pale sou filozofi òganizasyon an. Nan nivo sa, ou mande patisipan yo kilè, jou ak lokal yo swete reyini, men se yon reyinyon ki dwe planifye davans, li pa dwe dire plis pase 2è tan. Se yon pwosesis ki dwe dire 3 mwa, sa vle di 12 reyinyon kote dwe genyen yon reyinyon chak semèn. Suivan volonte gwoup la yo kapab fè 2 reyinyon chak semèn oswa yon fason entansiv ki pa rekòmande pedagojikman. Youn nan prensip fondamantal ou pa dwe pèdi okenn reyinyon. Pa dwe genyen okenn jistifikasyon nan sans sa. Lè moun yo dakò sou tout prensip yo, n ap fikse dat, lè ak lokal pou premye reyinyon gwoupman an.
  3. Faz fòmèl (pèmanan : refleksyon-aksyon-refleksyon) : se faz kote manm yo deside mete pa sosyal yo, k ap vin bay yon kapital sosyal. Se yon faz refleksyon-aksyon-refleksyon an pèmanans. L ap rive nan transfòmasyon fòm piramidal sosyete a k ap debouche sou transfòmasyon sosyete sou yon fòm silendrik, sa vle di tranfòmasyon sosyete kapitalis la an sosyete sosyalis. Aksyon yo dwe evalye nan dinamik refleksyon yo. Li se yon faz san pran souf nan lavi gwoupman an. Yon gwoupman vin yon gwoupman se nan moman an li genyen yon pa sosyal ak kapital sosyal.

Boutofen, se yon fòmasyon ki te vrèman rich kote anviwon 35 jèn fanm ak gason pran angajman yo nan ale fòme gwoupman, fè edikasyon popilè a kontinye blayi sou tout peyi a, nan lide pou nou rive nan chanjman sosyal la. Jèn yo pase de (2) egzamen : youn se chante epi lòt la ekri. Se yon fòmasyon ki fini nan anpil lakontantman kote jèn yo aprann ansanm, manje ansanm ak chante ansanm pandan 4 jou nan sant.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.