Realisations

Refleksyon Chavannes Jean-Baptiste sou konsèp sosyalis an jeneral. Sosyalis ki chita sou sivilizasyon peyizan.

Nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo, SANT LAKAY  PAPAY, sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, se 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a kote 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib !

Rezime refleksyon Chavannes Jean-Baptiste

Evolisyon sistèm kapitalis la se yon gwo danje pou lavni planèt tè a. Pami pratik sistèm sa a se fè privatizasyon patrimwàn komen yo tankou dlo. Depi nan Revolisyon endistriyèl (18e, 19e syèk) nan peyi Angletè, tout mizanplas te deja ap fèt nan kreye kondisyon pou tout fòm eksplwatasyon yo kapab fèt sou planèt tè a. Eksplwatasyon sou travayè yo ta pral fè genyen gwo mouvman sosyal, sitou nan anpil peyi nan kontinan ewopeyen an.

Pat toujou genyen etid ki fèt nan lojik eksplwatasyon sistèm kapitalis la, sitou eksplwatasyon nan dinamik travay ouvriye yo. Pa lontan chèchè yo pral enterese etidye sistèm ekonomik kapitalis la, tankou Karl Marx. Li deside etidye fonksyònman sistèm kapitalis la. Eksplwatasyon moun ak moun yo se yon krim. Li montre boujwa yo genyen mwayen pwodiksyon yo, se yo k ap eksplwate fòs travay ouvriye yo. Karl Marx vin yon gwo referans nan sans sa a. Depi n ap pale sou sosyalis, nou paka pa pale sou kapitalis la. Nou paka bliye tou pwodiksyon kritik Karl Marx  yo sou sistèm kapitalis la.

Karl Marx konprann sistèm kapitalis la se yon sistèm gwo k ap vale piti. Li pale sou « plus value », ki se yon fòm eksplwatasyon k ap fèt sou ouvriye yo nan sistèm pwodiksyon an. Nou dwe konnen sistèm kapitalis la se yon sistèm ki prezan k ap bwè san pèp yo. Sistèm sa a itilize aparèy ideyolojik yo, tankou Legliz, Lekòl ak medya yo… Aparèy sa yo menm fè nou konprann tout dwèt yo pa genyen menm longè. Se yon fason pou yo fè nou asepte kondisyon sosyo ekonomik miwo miba. Dwe genyen yon pwogram fòmasyon politik ak ideyolojik nan òganizasyon nou yo k ap pèmèt nou konprann sistèm peze souse a.  Nou dwe fè anpil rechèch tankou sou entènèt la. Jan pwovèb kreyòl la di a mache chache pa konnen dòmi san soupe.

Nou dwe konprann sosyete a divize an 2 klas. Yon klas k ap bwè san moun yo ki se klas boujwa a ak klas eksplwate a. Liklè povrete se pa desten ki bay li. Li se pwodui sistèm kapitalis la. Pa genyen  moun ki te genyen desten pou yo rich kote lòt moun yo pòv. Se konsekans sistèm kapitalis la ki pwodui povrete a.  Pa genyen solisyon ki posib nan sistèm sa a. Se yon sistèm ki dwe kraze. N ap raple nou, nan sosyete primitiv yo, pa t genyen rapò sosyal miwo miba. Li te chite sou prensip solidarite ak pataj. Ladan li pa t genyen eksplwatasyon. Nou bezwen an Ayiti yon sosyalis ki chita sou sivilizasyon peyizan. Se yon modèl lavi ki chita sou yon prensip manje kuit pa genyen mèt. Kontrèman lè yon moun ale lakay boujwa yo, si yo pa t konnen nou t ap vini, nou pa p jwenn manje. Peyizan genyen plezi pou li bay lòt moun manje. Nan moman peyizan an genyen vizitè, se moman li fè manje ki pi bon an. Nan sivilizasyon sa a genyen respè pawòl, ti moun respekte ansyen yo. Menm jan nan peyi Afrik yo genyen yon pratik kote granmoun yo sèvi mantò ti moun yo nan fè transmisyon valè kiltirèl yo. Se yon sivilizasyon ki respekte lavi bèt yo, lanati, respè youn pou lòt. Nou bezwen an Ayiti yon sosyalis ki chita sou valè kiltirèl ansestral yo. L ap chita sou konbit ak solidarite. Nan yon apwoch tout moun se moun pa genyen moun pase moun. Pou n rive nan sosyete sosyalis la se nan chanje pratik nou kòm moun.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.