Realisations

Nan ouvèti ofisyèl kan nasyonal souverènte alimantè nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, se 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a kote 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, yo te rasanble nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY  PAPAY.  Yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib ! Jounen 13 dawout 2024 la, se ouvèti ofisyèl kan an, kote kamarad Nandcie Pierre ak Makendy Cadet t ap anime jounen sa a. Plizyè dirijan MPP te pran lapawòl tankou : Mulaire Michel, Juslène Tyrésias, Verona Val ak Chavannes Jean-Baptiste. Igenel Jean-Baptiste manm Tèt kole Ti peyizan Ayisyen (TK), te pran lapawòl nan non 4 je kontre. An nou li ansanm nan liy anba yo pami pawòl dirijan yo.

Pawòl dirijan yo nan 26 zyèm edisyon kan an

Mulaire Michel : mwen remèsye Makendy Cadet ak Nandcie Pierre pou lapawòl la. Se yon plezi pou mwen prezan maten an. Se yon tradisyon depi lontan, 26 zyèm edisyon sa a vle di anpil koze. Ane sa nou chwazi yon gwo tèm men anvan nou pale sou li m ap mande kote jèn ki sòti nan depatman Lwès,  Nò, Nodès, Nòdwès, Grandans, Sidès, Sid, Latibonit, Nip, ak sant ? N ap remake majorite jèn ki vini la sòti nan Sant. Pwoblèm ensekirite a fè nou paka sikile andedan peyi a. Kan sa a, batize kan nasyonal souverènte Alimantè men l ap fèt sou yon tèm espesyal – Jèn angaje n nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Mwen swete nou vin yon modèl nan sa n ap fè nan lavi pèsonèl nou ak nan sosyete a. Se yon kan ki chita sou prensip solidarite […]

Juslène Tyrésias : bonjou tout jèn yo. Mwen swete swete nou byenvini. Mwen kontan wè nou maten an. Nan pratik MPP li kwè nan transfè konpetans ak fòmasyon.  Depi 26 ane MPP chita sou pratik travay sa a. Tèm kan sa a enpòtan pou nou debat parapò ansanm moun k ap viv nan malsite nan peyi a. Youn nan koz sa yo se koripsyon. Pratik koripsyon an dwe kaba an Ayiti. Anplis, Ayiti nou reve a pa p posib san angajman jèn yo. Jèn ki chwazi vini nan kan an pa p regrèt, y ap aprann anpil konesans. Mwen swete nou yon lòt fwa byenvini […]

Igenel Jean-Baptiste : bonjou tout moun. Mwen kontan avèk nou maten an. Mwen se manm TK. Se yon òganizasyon k ap travay sou menm baz ideyolojik ak MPP. Nan lespri solidarite ak konbit, mwen prezan pou m pale nan non 4 je kontre. Li rele 4 je se paske genyen 4 òganizasyon ladan li. Li ale nan menm lespri pwovèb kreyòl ki di : 4 je kontre manti kaba. 4 je louvri pou tout lòt òganizasyon ki vle angaje yo nan lit pou chanjman sosyal la. TK rejwenn MPP nan yon lòt espas ki se La Via Campesina (LVC). An Ayiti LVC genyen  3 òganizasyon ladan li, tankou : TK, MPP ak MPNKP.  Se yon evidans pou yon aktivite konsa ap fèt pou LVC Ayiti pa t genyen mo li. Nou konsyan lòt Ayiti a pa p posib san transfè konesans ak angajman jèn yo. Nou dwe rann plis jèn konsyan. Pou sa rive fèt, fòk yo genyen fòmasyon politik ak ideyolojik. Jèn yo pa senpman avni peyi a men yo se prezan peyi a. Nan non 4 je kontre, LVC Ayiti, ALBA, nou salye prezans jèn yo nan 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a.  Nou pa vini aprann senpman men nou vini pou nou pataje eksperyans ak konesans youn ak lòt. Li enpòtan pou nou menm kòm jèn kontinye pran fòmasyon politik ak ideyolojik. Pi gwo zam nou kapab pataje ak nou kòm jèn, se fòmasyon politik ak ideyolojik.

Chavannes Jean-Baptiste (manm fondatè MPP) : pandan ouvèti kan jounen lendi 12 dawout 2024 la, mwen te kontan salye nou, sitou nan okazyon jounen entènasyonal lajenès. Yon lòt fwa ankò mwen di nou byenvini nan 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a. Ki kote lide kan sa sòti ? N ap raple MPP se manm LVC menm jan MPNKP ak TK. Sepandan, MPP pami manm fondatè LVC.

Pètinans ak orijin kan sa a.

Manm fondatè MPP an, Chavannes Jean-Baptiste souliye, LVC te jwenn envitasyon FAO nan vil Wòm kote yo te pwofite fè parèt yon nouvo konsèp ki se : Souverènte Alimantè. Nou genyen kamarad k ap vin debat ak nou sou li. Depi 1998, nou rele kan sa a, kan souverènte alimantè. Li enpòtan pou nou konprann nesesite ki genyen pou yon pèp souveren. Nou kontinye ap mennen lit la, paske se inik mwayen pou nou konbat grangou sou planèt la. Mwayen nou genyen pou nou reyalize li se nan agwoekoloji peyizan, nan pwodui manje ki sen. Se pèp yo k ap konnen kòman yo dwe pwodui li. Yon peyi paka granmoun si li pa granmoun nan zafè manje. Konstrui souverènte alimantè a egzije nou nan kontrui yon lòt Leta an Ayiti.  Jodi a, jèn yo genyen yon devwa pou yo batay pou agwoekoloji peyizan blayi sou tout  latè […]

Agwoekoloji a kapab ede nan konbat maladi kadyovaskilè, kansè ak refwadi planèt la. Kesyon sante moun makònen nan sa nou manje kòm moun. Di m kisa ou manje, m ap di w kiyès ou ye ? Nan sans sa, kan sa a se yon fason pou n ede jèn yo pran konsyans politik. Jistan nou rive konstrui yon Ayiti sosyalis. Kan sa a se yon fason pou nou sansibilize jèn ki  nan òganizasyon peyizan, fanm, etidyan ak popilè pandan n ap ede yo pran konsyans politik ak ideyolojik […]

Pètinans tèm kan an.

 Kan sa a fèt anba tèm : “Jèn angaje n nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti“. Nan eslogan – ak koripsyon lòt Ayiti a… pa p posib. Nan sans sa, poukisa nou chwazi tèm sa a ? Nan ki kontèks ? Koripsyon se yon fenomèn ki egziste nan tout peyi sou latè. Sa kapab rive genyen peyi li mwens oswa prèske pa egziste, men Ayiti fè pati peyi ki plis kowonpi sou planèt la. Genyen yon pratik koripsyon ki egziste nan peyi a pandan digdantan. Nan administrasyon etatik la pratik koripsyon yo ap vale teren. Nou kapab pran egzanp rejim PHTK ki genyen  yon pratik koripsyon ki vrèman efikas. Rejim sa a fè tou fenomèn banditis la ap vale teren, fòse anpil moun kite lakay yo pou yo ale nan pwovens ak lòt peyi. Pratik koripsyon an klè depi nan koupe lonbrit konsèy prezidansyèl la. Nou suiv tout lòt eskandal ki sou do konsèy la, men sa ki fè plis bri a se pami twa (3) konseye konsèy la non yo site nan koripsyon ak prezidan konsèy BNC an – Raoul Pierre Louis. Konseye sa yo te ale mande responsab BNC an 100 milyon goud pou yo kenbe Raoul Pierre Louis nan tèt BNC an. Malgre sa, pyès manm konsèy la kote non yo site nan koripsyon, yo pa demisyone. Moun ki enplike nan koripsyon yo dwe pini devan lalwa. Pratik koripsyon an se yon krim.

Koripsyon an anvayi peyi a depi nan zong jis rive nan tèt. Nou genyen yon peyi kontrebandye. Anyen paka posib nan yon peyi kote koripsyon ap vale teren.  Li genyen gwo konsekans sou jenès la. Anpil peyi fòme jèn yo pou yo enplike ak sosyalize yo nan sosyete yo, tankou nan Jeux Olympique 2024 la kote jèn yo ap reprezante peyi a. An Ayiti nou boure talan men jèn yo paka devlope yo, sitou nan espò. Pa genyen envesisman ki fèt nan domèn ki kapab ede jèn yo vanse. Tout sektè nan peyi a se vòlè. Nan sans sa, nou menm jèn yo si nou pa batay kont koripsyon lavi nou kondane, n ap antre pi fon nan lamizè. Dwe genyen leve kanpe ki fèt pou nou batay kont krim sa ki rele koripsyon an.

Mwen swete jèn etidyan yo travay sou fenomèn koripsyon an. Genyen tou nesesite pou nou devlope ti moun yo nan kiltive onètete. Moun ki genyen karaktè, entèg ak onètete pa p enplike nan pratik koripsyon. Nou dwe kiltive sa kay ti moun yo. Veye sou antouraj yo ak tèt nou. Moun ou frekante se moun sa ou ye. Si w genyen zanmi w ki tafyatè, k ap vòlè, k ap pran dwòg, se moun sa w ye tou.

Sevre, Ayiti genyen lwa sou koripsyon ak ratifye plizyè konvansyon sou li tankou :  rezolisyon ONU nan dat 31 oktòb 2003, ki antre an vigè 14 desanm 2005, san konte lòt konvansyon Ayiti ratifye sou sa, tankou konvenasyon entèamerikèn kont koripsyon; Transparency International. Nan ane 2004 an Ayiti, se kreyasyon ULCC nan lide pou konbat koripsyon. Genyen yon lwa sou koripsyon nan dat 12 mas 2014, li pibliye nan jounal Lemonitè nan dat 9 me 2014, elatriye. Malgre sa a, moun ki enplike nan koripsyon yo an Ayiti ap mache libelibè.

Pou m fini, fenomèn koripsyon an nou menm jèn yo, nou dwe batay kont pratik sa a. Nou dwe chache konprann tout fason l ap manifeste. Si nou bezwen genyen yon lòt Ayiti kote n ap viv nan diyite, nou dwe batay kont pratik sa a. Nou dwe denonse koripsyon  toupatou l ap manifeste yo. Lavi nou kondane, si nou pa konbat koripsyon an. Si nou rive konbat li, se deja yon gwo aksyon,  n ap genyen yon Ayiti kote myèl ak lèt ap koule pou tout moun.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.