Realisations

Camille Chalmers nan kongrè 50yèm MPP an

Mouvman Peyizan Papay (MPP) selebre 50 rekòt kafe li (1973-2023) nan batay pou yon chanjamn sosyal an Ayiti. Selebrasyon kongrè a fèt anba tèm – MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis, sòti 5 dawout pou rive 11 dawout 2023 nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti. Plizyè pèsonalite te pran lapawòl, pami yo, Ekonomis, Sosyològ Camille Chalmers kote li te bay opinion li sou sitiyasyon sosyopolitik peyi a.

Yon kout rezime sou opinyon pwofesè Camille Chalmers

Mwen ta renmen kòmanse nan deklarasyon vis prezidan kolonbi a ki rele Francia Marquez lan. Li di : « tout tan peyi d Ayiti pa libere pa p genyen pèp nwa ki lib ». Pwofesè a makònen li ak fraz MPP an ki fè konnen nou dwe tounen nan sivilizasyon peyizan an. Pa genyen fason pou nou rezoud kriz la si nou pa ale nan yon modèl sivilizasyon peyizan an. Depi plis pase 25 ane yo, ekspè yo toujou montre Ayiti se yon peyi kawotik ki pa ka gouvène pwòp tèt li. Kriz Ayiti a se yon fabrikasyon. Ayiti se twazyèm peyi nan lemonn ki genyen pi wo to enflasyon yo. Li genyen yon pwoblèm rate san konte kesyon gang ki anvayi peyi a, elatriye. L ap viv tou konsekans sistèm ekonomik k ap fonksyone nan lemonn lan. Sistèm ekonomik sa a genyen yon « dépression économique »ki akonpaye yon kriz to echanj.

Pwoblèm enflasyon, rate ak gansterizasyon an, elatriye, fè 85 % moun nan popilasyon ayisyen an ap viv nan move kondisyon lavi. San nou pa p bliye konsekans migrasyon an nan kad Pwogram Bayden lan. Nou nan yon dinamik pwogresiv nan sans sa a. Genyen yon entansifikasyon nan kesyon vyolans k ap fèt nan peyi a nan 3 dènye ane sa yo kote anpil moun ap mouri anba katouch. Sitiyasyon vyolans lan pèmanan. Se sistèm estrèm dwat la ki tabli li nan peyi a. Se yon fason pou li kraze lit popilè a. Nan sans sa, pa genyen moun ki kapab satisfè nan fason peyi a ap mache a, senpman PHTK, Core group, FMI ak Bank Mondyal, elatriye. Mwen konseye nou ale li rapò FMI a. Li montre nou genyen yon salè minimòm ki rete 685 goud pandan lavi a ap vin plis chè chak jou an Ayiti.

Ayiti sou chòk enperyalis yo

Genyen tou anpil chòk peyi a konnen. Yo kite plizyè move tras sou kondisyon sosyo-ekonomik pèp ayisyen an. Pami yo : chòk okipasyon militè meriken (1915-1934) ; chòk diktati Divalye a ; chòk Pwogram Ajisteman Estriktirèl (PAS) k ap aplike nan peyi a depi nan mwa novanm 1983, ki kontribye nan mete peyi a nan yon depandans alimantè ; koudeta 1991 lan se yon lòt gwo chòk nan kraze ren òganizasyon popilè yo ; chòk tranbleman latè 12 janvye 2010 la, menm si se pa li answa ki pwoblèm lan se pito modèl jesyon li ak gagòt ki fèt nan lajan CIRH la.  Nou kapab analize kèk nan chòk sa yo kòm estrateji enperyalis yo pou yo kapab fè plis eksplwatasyon ak dominasyon an Ayiti. Estrateji ak konpòtman enperyalis yo nan demach Naomi Klein ta kapab kalifye : « capitalisme du désastre ».

Enstrimantalizasyon vyolans an Ayiti

Genyen yon sistèm vyolans k ap valè teren sou PHTK k ap kontinye avèk premye minis defakto Ariel Henry an. Si n ap fè yon analiz sou gang yo n ap konprann yo antre nan yon pwojè politik. Tout moun sanse okouran sou mannigans Madan Lalime nan ankouraje federasyon gang yo. Gansterizasyon an makònen tou dwòg, kase mobilizasyon popilè yo ak trafik ògán, elatriye. Kesyon gang lan se yon posiblite pou Ariel Henry mete peyi a sou okipasyon militè. Li se yon zouti politik. Yon estrateji Core group itilize pou li kontinye kontwole peyi a. Se yon fason pou li imilye nou kòm pèp. Yon fason pou li krache sou revolisyon 1804 la.

Sepandan, mobilizasyon popilè a montre genyen yon nivo konsyans kont Core group k ap konstri andedan peyi a. Genyen yon pwosesis otodefans nan mitan mas popilè a sitou lojik Bwakale a. Otodefans lan se yon zouti ki vrèman enpòtan. Pouvwa kreye yon estrateji pou li kraze lojik mas la. Otodefans popilè a montre nou pa oblije genyen militè Kenyan yo ki pou ta vin rezoud pwoblèm ensekrite a, si pouvwa makònen ak mas popilè a. Nenpòt fòm entèvansyon militè a ta pran an, se pa pou li vin mete sekirite nan peyi a, men se pou li fè dappiyanp sou pouvwa, kontwole mas popilè yo ak resous natirèl yo. Anplis, antre nan yon lojik pou li anpeche tout pwojè pwogresis nan peyi a. Pwojè okipasyon an se yon fason pou Ariel Henry kontinye kontwole pouvwa a. Premye minis defakto a vle reyalize 2 eleman nan pwojè Jovenel Moïse la : revizyon konstitisyon an ak eleksyon an.

Sosyològ, ekonomis Camille Chalmers pwofite di genyen gwo pwen entèwogasyon sou sistèm mondyal la ak sou ansanm pwojè yo ki te egziste depi aprè dezyèm lagè mondyal la. Genyen tou koupe fache k ap fèt sou pwosesis revolisyonè yo. Si nou pran Prezidan Joseph Michel Martelly, Donald Trump, Jair Messias Bolsonaro se menm diskou estrèm dwat la. Jounen jodi a, genyen de (2) chwa ki klè : chwazi mete n nan pozisyon estrèm dwat rejim PHTK ak Ariel Henry an, osnon nou chwazi antre nan yon dinamik pou n konstri yon fòs pwogresis. Li enpòtan pou nou konstri yon veritab platfòm k ap batay kont enperyalis yo. Nou salye yon lòt fwa 50 ane MPP an. Nou renouvle angajman nou pou nou kontinye batay nan liberasyon peyi a !

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.