Vizit solidarite ALBA Movimientos nan Mouvman Peyizan Papay (MPP) an Ayiti
Jedi 3 jiyè 2025, MPP te kontan akeyi plizyè kamarad ALBA Movimientos ak lòt reprezantan òganizasyon Chapit – ALBA Ayiti, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan/Sant Lakay. Objektif vizit sa a se : ranfòse aksyon solidarite yo an Ayiti, chèche konprann reyalite sosyopolitik Ayiti a pi byen epi gade ansanm kòman elabore yon plan aksyon ki chita sou priyorite solidarite Chapit – ALBA Ayiti ap mennen yo.

Nan moman sa a, gwoup Ibolele MPP te sèvi legba nan louvri vizit sa a pandan li bay yon pèfòmans kiltirèl ki montre fason MPP apresye nan anpil chalè vizit sa a. Anplis gwoup akèy la envite delegasyon an monte drapo nan chante Im MPP, Im nasyonal peyi d Ayiti ak Im entènasyonal sosyalis la. Ofisyèlman rankont solidarite a louvri nan MPP. Nadège Saintil (kòdonatris pwogram jèn MPP), Diodat Elie (Sekretè jeneral MPP), yo te sèvi kòm animatè evènman an. Nan pwogramasyon jounen an : akèy, mo byenvini, pèfòmans kiltirèl, prezantasyon MPP, foto souvni an gwoup, echanj, vizit – Sant Lakay, Radyo Vwa Peyizan (RVP), gwòt Basen Zim ak manje ansanm.
https://www.facebook.com/share/v/1FWA5fr3dr
Nan nannan prezantasyon an.

Nadège Saintil (kòdonatris pwogram jèn MPP), Diodat Elie (Sekretè jeneral MPP) ak Aline Garconvil (kòdonatris jèn MPP), yo bay yon rezime sou filozofi ak chan aksyon MPP yo. Gran pwen yo pale sou li : objektif fondamantal MPP – konstriksyon yon Ayiti sosyalis, yon sosyalis ki chita sou sivilizasyon peyizan an. Prezantasyon kèk moman istorik MPP ; diferan estrikti mouvman an (gwoupman, asanble lokal, asanble zòn, asanble santral ak kongrè ; komite gwoupman, komite lokal, komite zòn ak komite santral ; komite ekzekitif, direksyon ekzekitif ak administrasyon ; seksyon edikasyon/òganizasyon, seksyon teknoloji, seksyon ekonomik, seksyon kominikasyon, seksyon fòmasyon ak asistans legal) ; afilyasyon MPP – MPNKP, 4je kontre, CLOC, La Via Campesina, ALBA Mouvman Sosyal, Asanble Pèp Karayib ; oryantasyon politik MPP; chan aksyon MPP yo : òganizasyon – gwoupman, asosiyasyon, koperatif, mityèl solidarite; fòmasyon nan tout nivo nan diferan domèn; agwoekoloji peyizan pou rebati souverènte alimantè; pwoteksyon ak defans anviwònmantal – konsèvasyon sòl ak dlo, rebwazman, jesyon entegral dlo ak jesyon dechè plastik; pwodiksyon, transfòmasyon pwodwi agrikòl; ti elvaj ak Antrepriz Pwodiksyon Lakay (EPLA). Chavannes Jean Baptiste prezante yon ti mo sou Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP) ak Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP).
https://www.facebook.com/share/v/15GSeZyxQg
Pawòl fondatè MPP, kòdonatè chapit – ALBA Ayiti – Chavannes Jean Baptiste.
Bonjou kamarad yo ! Kamarad ki pale anvan yo bay yon rezime sou MPP. M ap ajoute, MPP fè travay fòmasyon pou animasyon nan nivo peyi a. Travay sa rive ankadre òganizasyon yo nan tout peyi a. Aprè kongrè 20 mas 1987 la, Peyizan yo te deside mete kanpe yon mouvman peyizan nan nivo nasyonal – MPNKP. Se yon pwosesis ki te dire 4 mwa. Asanble depatmantal yo te òganize nan ane 1991, yon ansanble konstityant MPNKP. Se yon desizyon ki pran nesans nan Papay, se youn nan rezon ki fè yo rele li konsa. Kongrè a te deside syèj li se nan MPP sitou nan Papay. Li kapab deplase nenpòt kote nan peyi a. Li kreye nan ane 1991. Li difisil pou nou konnen konbyen manm aktif li genyen nan peyi a. Nan epòk sa a, MPP te genyen 60 mil manm. MPNKP te genyen 140 mil manm. Jodi a, chif sa yo pa kapab kenbe reyèlman.

Nan kolaborasyon Mouvman San Tè (MST) nan nivo entènasyonal, 4 je kontre mete kanpe yon lekòl fòmasyon politik. Lekòl la jwenn tou sipò Platfòm Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA). Lekòl la rele Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP). Senbòl sa a reprezante Charlemagne Péralte. Li se yon ansyen militè ki t ap batay kont okipasyon meriken nan ane 1915-1919. Li te monte yon lame rebèl ki rele Lame Kako. Yo t ap batay kont okipan yo jis yo rive asasine li 31 oktòb 1919. Se youn nan rezon ki fè lekòl la chwazi pote non li. Se yon devwa memwa nan lit rezistans n ap mennen an Ayiti. Se yon lekòl ki kòmanse fonksyone nan ane 2018. Nou fòme militan sosyalis pou òganizasyon pwogresis yo nan tout peyi a. Genyen yon ansanm detay nou pa bay pou delegasyon an kapab jwenn chans poze kesyon, l ap pèmèt nou kontinye echanj lan. Se yon plezi !
https://www.facebook.com/share/v/16ZfphQFm3https://www.facebook.com/share/v/173D1oATbm/
Pami preyokipasyon manm nan delegasyon an.
Preyokipasyon mwen genyen se kòman n ap rive konekte moun lavil ak andeyò yo ? Selon Chavannes Jean Baptiste, MPP pran nesans nan diktati. Nan peryòd sa a li pa t posib pou nou te aji nan tout libète nou. Demach nou an te diferan òganizasyon Divalye a. Nan peryòd sa a nou te rele gwoupman yo gwoupman agrikòl. Se yon metòd mawonaj nou t ap aplike. Nan ane 1987, nou kontinye ap travay nan tout libète nou nan milye riral la. Filozofi nou chita sou solidarite, sivilizasyon peyizàn nan.
Depi Venezyela nou remèsye nou pou gwo akèy sila a. Nan kriz peyi a ap konnen nan moman, kòman nou rive konbat grangou an ? Selon fondatè MPP an, depi nan nesans nou n ap batay kont move kondisyon sosyoekonomik Ayisyen yo. Se menm misyon sa nou toujou genyen nan chanje lavi klas peyizàn nan ak sitwayen yo ki nan vil yo. Nou travay nan transfòmasyon pwodwi pou nou kapab jwenn manje pou nou manje. N ap travay nan pwodiksyon manje ki sen. Mizè a tout kote, jodi a, genyen anpil peyizan ki pa travay latè ankò. Yo ale fè lòt travay anplis yo ale nan lòt peyi oswa lòt zòn nan peyi a. Pa genyen yon politik piblik ki makònen yon politik agrikòl nan enterè peyizan yo. Dezòd klimatik la kontribye tou nan kreye move kondisyon sosyoekonomik sou popilasyon an.