MOUVEMENT JEUNE MPP

Refleksyon Senoya Josué sou tèm : an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè. 

Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize premye edisyon li sòti 6 jiyè rive 17 novanm 2024 la, anba tèm : « an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè », nan eslogan «  istwa peyi Afrik yo ak Ayiti se marasa ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS1 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa politik peyi Mali, Boukinafason ak Nijè. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan eleman kiltirèl ayisyen an. Elèv Senoya Josué ki nan nivo NS3, idantifye nan nimewo 008, sòti nan « Collège Baptiste Melchisedeck – Mayisad », rive nan senkyèm pozisyon aprè ansanm evalyasyon yo kote li fè : 35.75/70. An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li a. Nan atik sa a nou korije senpman erè yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.

Entwodiksyon

Mali, Nijè ak Boukinafaso se twa peyi ki blayi kò yo nan kontinan Afrik la, espesyalman Afrik Lwès. Nan lantikite, anpi Mali se te yon gwo anpi, li te gen twa lòt anpi ki konpoze l : anpi Ghana, anpi Mali ak anpi Songhaï. Aprè anpi Mali fin tonbe, Lafrans te vin kolonize l nan lane 1895 pou rive 1960. Li gen yon sipèfisi 1 241 238 Km kare ak anviwon 23.29 Milyon abitan nan lane 2023. Peyi Nijè li menm gen yon sipèfisi 1 267 000 Km kare, li gen yon popilasyon 27.2 Milyon an 2023. Nan lane 1900, Fransè yo fè l tounen yon teritwa militè ki te administre pa ansyen Siltana Zindè a. Malgre tout rezistans Nijè te fè, li te vin koloni Lafrans 13 octòb 1922. Apresa, yo te deklare l manm kominote fransè a an desanm 1958. Jou ki te 3 dawou 1960 la Nijè te deklare endepandans li. Boukinafaso bò kote pa l, li gen yon sipèfisi 274 000 Km kare ak yon popilasyon anviwon 23.25 Milyon an 2023. Nan lane 1996, Wayòm Mosi nan Ouagadougou te vin tounen yon pwotektora Fransè avan li te vin koloni Wot Vòlta nan lane 1919. Li te retounen koloni ankò an 1947. 5 dawout 1960, Boukinafaso te jwenn endepandans li nan men Lafrans. Nan lane 1945, aprè dezyèm gè mondyal la, gen yon ideyoloji ki t ap pwonnen pou bay peyi kontinan Afrik yo endepandans. Malgre endepandans peyi sa yo, grand puisans yo, espesyalman Lafrans te kontinye eksplwate peyi afriken yo. 28 me 1975, peyi ki nan Afrik Lwès yo te kreye yon konfederasyon ki rele « CEDEAO ». Mali, Nijè, ak Boukinafaso pral kite « CEDEAO », epi kreye Alyans Eta Sayèl yo (AES) 16 septanm 2023. Pou konprann istwa peyi sa yo n ap mande : Kisa ki CDEAO a ? Kisa Mali, Nijè, ak Boukinafaso t ap defann nan CDEAO ? Poukisa Mali, Nijè, ak Boukina Faso te kite « CEDEAO » ? Poukisa yo te ale kreye « AES », epi ki profi « AES » la te pote pou yo ? Pou nou reponn kesyon sa yo nou pral gade istwa peyi Mali, Nijè, ak Boukina Faso.

Devlopman

Kounya nou pral gade kisa ki « CEDEAO » a (I) ; Prezans Lafrans ak pwatik neyokolonyalis yo nan Afrik Lwès la (II) ; pratik lidè yo nan fonksyònman politik peyi Boukinafaso (III) ; enfliyans  Thomas Sankara nan lane 1980 (lV) ; pwoblèm ensekirite nan peyi Mali(V) ; Gouvènman ak demokrasi nan peyi Nijè.            

                                                                         I

Nan lane 1960, yon seri peyi nan kotinan Afrik lwès la tankou Mali, Nijè ak Boukina Faso te fè kontre gwo pwoblèm ekonomik. Sitiyasyon sa te pote yon nesesite pou kreye yon òganizasyon nan rezoud pwoblèm sa yo. Se konsa nan lane 1975 yo pral vin kreye « CEDEAO » ki vle di an kreyòl Konfederasyon Eta Afrik Lwès yo. An septanm 2023, peyi Mali ak Boukina Faso ki se twa Eta sayelyen kounya te kite « CEDEAO » pou fonde ansanm yon nouvèl alyans nan yon kontèks yo jije ki te déjà frajilize nan yon kriz demografik, klimatik ak ensekirite. Alyans sa pote non (AES). ki te apiye yon doktrin yo rele djiyadism. Peyi Mali, Nijè ak Boukina Faso te deside pou yo fèmen swadizan defans mityèl li ak « CEDEAO » nan moman « CEDEAO » te menase voye entèvansyon militè sitou nan peyi Nijè lè jent ki te fè kou Deta an jiyè 2023 te refize retabli lòd konstitisyonèl nan Nijè. Selon jeneral Moussa Salaou Barmou, chèf Deta majò lame Nijè a : « fòs konjwent twa peyi ki konpoze Alyans Eta Sayèl la (AES) pral operasyonèl byen vit pou li leve defi sekiritè peyi Mali , Nijè ak Boukina Faso.

                                                                     II

Prezans fransè yo an Mali, Nijè, ak Boukina Faso enskri nan yon istwa ki make yon kolonizasyon epi yon seri relasyon souvan kalifye neyokolonyalis yo aprè endepandans yo nan lane 1960. Depi epòk sa a, malgre endepandans peyi sa yo, Lafrans te toujou gen gwo enfliyans ki kreye yon pakèt pwoblèm sou plan politik, ekonomik ak militè. Enfliyans sa te fasilite Lafrans  kontinye anrichi li pandan l ap pran richès peyi afriken yo.

                                                                     III

Nan peyi Boukina Faso te gen plizyè jèn lidè ki t ap fè anpil egzèsis jis pou yo te ka ankouraje sosyete Boukina Faso a, e pou yo te ka pataje eksperyans yo ak Nasyon an, men tou yo te reflechi anpil pou yo te jwenn yon mwayen kòm yon vektè chanjman pozitif nan kominote yo a. Yo te deside pouswiv bèl inisyativ sa nan lide pou yo te mete anplas yon rezo, pou yo te kapab konkretize pwòp lanbisyon yo, pou Boukina Faso vin yon Peyi ki gen lapè ak yon devlopman dirab.

                                                                     IV

Thomas Sankara te prezidan peyi Boukina Faso nan lane 1983 pou rive 1987. Li te gen yon enfliyans ki te vle di anpil bagay sou plan nasyonal, menm sou plan entènasyonal la, pou m pa di nan tout kotinan Afriken an. Li te gen yon lidèchip karismatik ak yon seri refòm radikal ki te make istwa peyi li, e ki te enspire anpil mouvman revolisyonè nan peyi Boukina Faso, sa te rive fè pale anpil menm nan tout Afrik la.

                                                                   V

Mali te fè fas yon kriz sekiritè ki t ap peze l depi plis pase yon deseni. kriz sa te alimante nan plizyè faktè tankou entèn ak ekstèn peyi a. Sitiyasyon sa te konplèks anpil, li te afekte tout peyi a, e menm destabilize rejyon sayèl la. Kriz sa te konbine plizyè faktè tankou : djiyadis, etnik, politik ak enstitisyonèl. Kriz sa te alimante tout gwo feblès Leta, anpil divizyon entèn ak inefikasite entèvansyon etranjè yo ki te rann sitiyasyon an pi difisil.

                                                                   VI

Aprè tout kriz yo, Nijè te òganize plizyè eleksyon lib tankou nan lane 2021. Li te reyalize yon tranzisyon pasifik kote  yon prezidan eli lè sa se te Mohamed Bazoum ki te prezidan kote yon kou Deta militè an jiyè 2023 ranvèse li.

konklizyon

An konklizyon, nou ka di pwoblèm istorik ak politik twa peyi sa yo miltip, men detay nou bay sou yo ap ede n konprann reyalite a, se peze peyi Lafrans t ap peze peyi Mali, Nijè ak Boukina Faso. Konsa tou, peyi sa yo gen yon gran istwa. Nou menm ayisyen kòm pèp nwa te ka swiv yo kòm modèl pou nou

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.