Realisations

Refleksyon MPP sou jèn fanm yo.

Nan lento pòt la.

Nan zòn Papay, twazyèm seksyon kominal Ench, espesyalman nan lokal Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan an, plis pase pase 400 jèn te rasanble sòti 21 pou rive 27 dawout 2023. Depi 25 ane, Mouvman Peyizan Papay (MPP) ap òganize kan pou jèn yo. Kan sa a se yon tradisyon. Li te fèt anba tèm : jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan menm ane sa a, MPP te selebre 50 ane egzistans li anba tèm : MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan okazyon ouvèti ofisyèl kan an nan dat 22 dawout 2023, Administratris Sant lakay -Sovenie Jean-Baptiste t ap konsyantize jèn fi yo sou fason yo dwe konpòte yo nan sosyete ayisyen an.

Refleksyon sou konpòtman jèn fanm yo.

MPP ap mennen lit pou dwa tout moun respekte. Gason ak fanm genyen menm enpòtans, yo kapab jwe menm wòl nan estrikti sosyal la. Poutan, nan sosyete a globalman genyen yon divizyon seksyèl ki fèt kote li etabli yon diferans antre travay fanm ak travay gason, metye ki pou fanm ak metye ki pou gason, pwofesyon ki pou fanm ak pwofesyon ki pou gason. Se nan sans sa MPP ankouraje tout moun mete men nan travay ki pou chanje mantalite nou kòm moun. Nan chanje konpòtman nou pandan n ap valorize tèt nou kòm jèn fi, sitou nan imaj n ap fè parèt nan sosyete a.

Nou envite nou fè anpil lekti, pa rete sou fesbouk senpman kote n ap sal lespri nou ak anpil kontni ki pa p itil nou anyen, okontrè k ap devlope lakay nou yon konpòtman majinal. Pa kite jèn gason ak lòt moun nan sosyete a pran nou kòm objè seksyèl. Pa kopye tout sa nou wè, sispann ekspoze kò nou sou pretèks nou vle alamòd, se pa konpòtman sa yo k ap fè nou genyen valè devan je lòt moun. Nou pa dwe sispann aprann, kwè nan tèt nou. Devlope yon atitid moun responsab. Aprann kesyone epi devlope lespri kritik sou fenomèn sosyal yo k ap pase andedan sosyete a.

Medam nou genyen obligasyon pou nou rebat kat la. Done estatistik yo montre nou plis pase gason yo, anmenmtan tou, nou se matris sosyete a. Fason n ap aji, nan kondisyon n ap fè pitit yo, kapab detèmine kòman lòt Ayiti pral ye reyèlman. Òganize nou, pa  chita nan pèdi tan. Aksyon pozitiv oswa negativ n ap mennen yo nan moman nou jèn nan pral genyen konsekans sou nou, lè nou pa jèn ankò. Li enpòtan pou nou aji yon fason reflechi. Elèv, ouvriye, peyizan, pwofesyonèl yo, se yon obligasyon pou nou òganize nou. Nou dwe konprann si nou pa òganize nou, nou pa p kapab goumen kont abi Leta peze souse a ak mafya entènasyonal yo ap fè nou nan sosyete a. Medam nou panse dèfwa lè y ap pale sou nesesite pou moun òganize yo, nou panse se zafè gason senpman, li pa zafè inikman gason, se zafè fanm yo tou. Nou menm tou, nou genyen nesesite pou nou angaje nou nan lit la, paske lòt Ayiti a pa p posib  san fanm yo. Se yon fè istorik nan batay pou Endepans Sendomeng [non Ayiti nan dat 1 janvye 1804]. Lè nou òganize nou l ap pèmèt nou devlope kapasite nou nan defann dwa nou kòm fanm. Kreye aktivite ekonomik nan mitan nou k ap kontribye nan byen jere anvi nou. Nou espere chak jèn fanm ki prezan nan Kan jèn nan pral travay bò lakay yo, nan òganizasyon yo, nan gwoupman ki voye yo reprezante yo, pou yo ale fè lòt jèn fanm pran konsyans sou nesesite ki genyen pou yo òganize yo.  

Se pou rezon sa yo, MPP ap kontinye ankouraje prezans ak patisipasyon jèn fanm yo nan tout nivo kote desizyon yo ap pran nan sosyete a. Malgre tou, nou konnen pou dwa fanm yo rive respekte tout bon vre fòk medam yo, jèn fi yo chache antre nan pati politik lagoch  revolisyonè ak pwogresis yo, nan rive pran pouvwa politik la k ap kapab fè dwa yo respekte globalman. Fòk medam yo òganize yo depi sòti nan bitasyon kote y ap viv la. Nan yon makònay bitasyon ak bitasyon, lokalite ak lokalite, komin ak komin, depatman ak depatman, pou nou ka debouche sou yon gran mouvman nasyonal.  M ap fini pou m di nou medam : nou genyen yon inik chans, se òganize nou nan lit pou chanjman sosyal la, konsa n ap kapab bati Ayiti sosyalis la.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.