Realisations

Refleksyon  Cené Garyson sou tèm : dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidan Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso

Devan pòt la.

Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize dezyèm edisyon konkou literè Bèlyeniz Jan Batis sòti 5 jen rive 28 novanm 2025, anba tèm : « dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidans Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso », nan eslogan «  Ibrahim Traoré se Thomas Sankara nan yon lòt kò ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS2 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa sosyopolitik peyi Afrik yo. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an, se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan valorize eleman kiltirèl ayisyen an. Kòd 003 se Cené Garyson, li genyen yon total 478 pwen, li soti nan lekòl – Complexe Éducatif du Sacré Cœur (CESC), nan nivo NS4. Li resevwa yon prim konsolasyon : 7500 goud + kit.  An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li. Nan atik sa a nou korije senpman fot otograf yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.

Nan kontèks kriz sistemik ak defi mondyal yo, Afrik ap viv yon relansman ideyolojik kote ansyen modèl revolisyonè yo tounen referans pou nouvo jenerasyon kèk lidè. Se nan limyè sa a, aparisyon Ibrahim Traoré sou sèn politik Boukinabè a an 2022 soulve anpil kesyon sou kontinwite ak yon lòt envansyon eritaj Thomas Sankara, lidè karismatik ane 1980 yo ki te make listwa kontinan an ak yon vizyon politik solid : souverènte, jistis sosyal, devlòpman andojèn ak etik gouvènans.Thomas Sankara, yo te rele li “Prezidan pèp la”, te chèche ranvèse dominasyon neyokolonyalis la pral mete edikasyon, sante, agrikilti lokal ak fyète nasyonal nan kè politik li. Vizyon li te frape nan radikalite li, men tou nan kapasite li pou li mobilize mas yo sou baz onètete, travay kolektif ak valè moral. Nan menm trajektwa sa a, Ibrahim Traoré, yon jèn kapitèn, mete tèt li kòm defansè eritaj sa a, nan deklarasyon ak aksyon ki souvan parèt tankou enkanasyon dirèk panse Sankara a. Men, èske Traoré se yon kontinyatè fidèl vizyon revolisyonè sa a, oswa li sèvi senbòl Sankara kòm yon zouti lejitimite politik nan yon kontèks modèn ki pi konplike ? Nan refleksyon sa a, nou pral dekode pratik sosyo-politik Traoré yo pou nou wè kijan yo entegre (oswa pa) fondasyon ideyolojik Sankara a, atravè analiz pozisyon li sou endepandans ekonomik, relasyon ak pèp la, ak estrateji li pou sekirite ak souverènte nasyonal la. Se yon egzèsis ki mande klè vizyon ak onètete entèlektyèl pou separe retorik sou reyalite a.

Premyèman, aspè endepandans ekonomik la se yon eleman santral nan panse politik Thomas Sankara, ki te kwè veritab liberasyon yon peyi pa kapab reyalize san kontwòl sou pwodiksyon nasyonal li yo. Sankara te refize prete nan men FMI ak Bank Mondyal, li te mete aksan sou agrikilti lokal, transfòmasyon pwodui endijèn yo, ak devlòpman endistriyèl sou baz resous natirèl peyi a. Nan menm liy trajektwa sa a, Ibrahim Traoré, depi li pran pouvwa a an 2022, li pa sispann lanse apèl pou li retounen nan souverènte ekonomik lan. Li kritike fòs ekstèn yo ki kontwole richès peyi a, tankou min lò yo, epi li mete aksan sou nesesite pou Boukinabè yo reprann kontwòl ekonomi nasyonal la. Pratik li yo genyen ladan yo : refòm sou kontra minye yo, entèvansyon dirèk Leta a nan jesyon resous, ak kreye estrikti nan ranfòse kapasite pwodiksyon endijèn yo. Men, diferans istorik ak konjonkti mondyal la rann reyalizasyon objektif sa yo plis konplike pase jan sa te ye nan epòk Sankara. Jodi a, lemonn entegre ekonomikman pi fon, epi presyon diplomatik sou lidè ki eseye kraze lojik neyoliberal la se yon obstak enstitisyonal. Anplis, absans estrikti solid pou soutni endistriyalizasyon ak risk izòlman finansye mete limit sou revandikasyon Traoré yo. Nan sans sa a, malgre diskou li radikal sou papye, reyalite sou teren an mande plis analiz pou li konnen si sa li pwopoze yo se vrè inisyativ sistemik oswa se pi plis estrateji kominikasyonèl.

Dezyèmman, relasyon ak mas popilè a, se yon miray reflektè nan konprann si Traoré kapab vrèman mete l nan soulye Sankara, ki te yon lidè kòm egzanp nan pwoksimite li ak sitwayen yo. Sankara te limite salè li, te mete fen nan gwo pri Leta te abitye peye pou machin ofisyèl yo, epi li te mete aksan sou etik nan fonksyon piblik la. Li te yon aktè senbolik ki te viv sa l t ap preche a. Traoré, li menm, depi li rive sou pouvwa a, te chache imite aspè sa yo : li pa mete l alèz ak tit grandè, li pale souvan sou frekans ak jèn yo sou rezo sosyal, e li chita sou revalorizasyon lòt fòm lidèchip ki baze sou senplisite ak transparans. Li lanse apèl kont koripsyon, mete sou pye aktivite Volontè pou Defans Patri (VDP) ki vin tounen yon fòm mobilizasyon popilè kont menas sekirite a. Men sa pa sifi nan garanti yon relasyon solid ak tout klas sosyal yo. Genyen kritik sou silans Traoré nan kesyon dwa moun, limit libète, opinyon ak jounalis ki prizonye, ki pa ale kole ak imaj Sankara te bati sou baz onètete ak tolerans kritik. Anplis, kote Sankara te angaje l aktivman nan feminis ak pwoteksyon dwa fanm, dimansyon sa manke vizibilite nan ajannda Traoré a, malgre li souvan pale sou nesesite pou refonde sosyete a. Relasyon li ak asosyasyon sivil, pati politik yo, pa toujou chita sou prensip demokrasi deliberatif men sou lòjik dominasyon militè. Sa mete an kesyon si rapwòchman ak pèp la se yon estil kominikasyon oswa yon estrateji dirab nan devlopman demokrasi popilè a,  jan Sankara te anvizaje li.

Twazyèmman, aspè sekirite ak souverènte nasyonal la mete Ibrahim Traoré devan sèn nan pi plis, kote li vin reprezante yon figi rezistans kont dominasyon fransè ak presyon oksidantal. Apre li revoke baz militè fransè nan peyi a, li chache fòje nouvo alyans ak peyi tankou : Lawisi, Mali ak Nijè, sou yon baz Panafrikanis militan. Li mete l nan mòd konfwontasyon ak entèrè oksidantal yo, li prezante tèt li tankou defansè dènye liy revolisyon afriken an. Li lanse apèl pou lòt peyi kontinan an mete ansanm pou yon liberasyon total atravè yon fòs kolektif kont neyokolonyalis lan. Retorik sa a sonnen menm jan ak Sankara ki te deklare : “Nou refize peye dèt pa moral, pa jistis, pa dwa.” Men, sa ki plis domine nan estrateji Traoré a se yon fòm militarizasyon politik la. Li mete anpil lajan ak jefò nan ranfòse lame a, bay plis pouvwa a pou Volontè pou Defans Patri yo, e mete priyorite sou lagè fizik ak vyolans kont menas djihadis.

Kontrèman ak Sankara ki te mete prevansyon sosyal, edikasyon ak jistis redistribitif kòm baz sekirite dirab, Traoré adopte yon lojik entansifikasyon lagè ak konfwontasyon. Sa mete enkyetid sou konsekans estrateji sa yo nan lontèm : èske yo kapab pote lapè dirab, oswa yo kapab kreye plis fristrasyon sosyal, plis vyolans sou polarizasyon an ? Pandan li reklame li se eritaj Sankara a, estil li sou kesyon sekirite a plis reflechi sou adaptasyon militarizasyon an olye yon vizyon sosyal revolisyonè nan tradisyon Sankara a.

Boutofen.

Lè nou analize pratik sosyo-politik Prezidan Ibrahim Traoré nan limyè eritaj politik Thomas Sankara, sa klè, n ap gade yon lyen ki pa ni lineyè ni absoli, men ki chaje ak nyans, kontradiksyon, ak lòt envantasyon estratejik. Traoré mete tèt li kòm kontinyatè vizyon revolisyonè Sankara a, epi li reyaktive anpil tèm ki te fondamantal pou “Prezidan pèp la” tankou : souverènte ekonomik, jistis sosyal, ak lidèchip etik. Soti nan diskou li sou resous natirèl jiska refòm li fè pou mete lame a ak pèp la nan sant defans nasyonal la, nou kapab rekonèt fòmil ak repons ki sanble nan panse Sankara a. Men diferans tan, konjonkti mondyal ak presyon jewopolitik fè li difisil pou li aplike menm metòd yo san chanjman. Sou plan ekonomik, malgre deklarasyon volontaris li yo, Traoré ap opere nan yon lemonn ki pi entegre ak pi dominan nan sistèm finans mondyal la. Li defann endepandans, men li souvan konfwonte limit estriktirèl ki mande plis pase volonte. Sou plan relasyon ak pèp la, li lanse apèl dirèk ak jèn yo, li fè jès senbolik kont privilèj elitè, men genyen kontradiksyon nan rapò li ak dwa moun, nan yon demokrasi ki parèt plis militè pase deliberatif. Finalman, sou plan sekirite, diferans ki pi klè parèt : kote Sankara te mete aksan sou prevansyon sosyal ak transfòmasyon estriktirèl kòm baz lapè, Traoré mete lojik lagè ak alyans militè avan devlopman sosyal. Sa soulve enkyetid dekwa pou l pa riske repwodui menm sik vyolans li vle kase a. Kidonk, analiz lan montre pandan Ibrahim Traoré reklame eritaj Sankara a, li se plis yon aktè kontanporèn ki adapte senbòl revolisyon an nan yon konjonkti nouvo, olye li kontinye li lineyèman. Lè sa fèt san fondasyon ideyolojik solid ak sans etik ki te esansyèl pou Sankara, eritaj la kapab fasilman vire zouti politik olye modèl transfòmasyon an. Sepoutètsa, refleksyon an rete ouvè ak mande vijilans sitwayèn : Èske Ibrahim Traoré ap kontinye fonde aksyon li yo sou prensip radikal onètete, etik ak souverènte Sankara te defann yo, oswa èske li pral tonbe nan menm pyèj anpil lidè Afriken anvan li ta sispann itilize senbòl revolisyon an pou li konstri yon pouvwa pèsonèl ?

Referans :

  • Sankara, T. (1987). Discours à l’OUA sur la dette. Addis-Abeba.
  • Harsch, E. (2014). Thomas Sankara: An African Revolutionary. Ohio University Press.
  • International Crisis Group. (2023). Burkina Faso: Winning the War, Losing the Peace?
  • Diallo, A. (2022). “Traoré et la réinvention du Sankarisme.” Jeune Afrique.
  • Africanews. (2023). Burkina Faso cuts military ties with France.
  • Ministère burkinabè de l’Économie et des Finances (2023). Rapport sur la réforme du secteur minier.
  • Amnesty International (2023). Rapport annuel sur les droits humains au Burkina Faso.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions