Patisipasyon Mouvman peyizan Papay (MPP) nan jounen entènasyonal lit peyizan an
Devan pòt la.
Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan kolaborasyon Enstiti Nasyonal Refòm Agrè (INARA) ak Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant (DDA-S) lan, yo te òganize yon gwo rasanbleman devan lokal INARA ki lokalize nan twazyèm seksyon kominal Ench, Agwayedyonn riv dwat. Nan prezans plis pase yon santèn Peyizan pandan jounen 17 avril 2025 lan. Se yon pratik andedan òganizasyon an nan komemore jounen sa a. Rasanbleman an te fèt anba tèm : “Fèm agrikòl yo pa pou vann ni pou fè kado”. Tèm La Via Campesina (LVC) chwazi nan okazyon sa a se : “Tè, Dlo, Teritwa pou Lavi”. Depi 10è nan maten anpil preparasyon te deja fèt nan reyalizayon aktivite sa a. Anpil Peyizan ak lòt moun nan kominote a te vin patisipe. Avan ouvèti ofisyèl evènman an, sou direksyon dirijan MPP, Edmond Mathieu, reyalizasyon yon mistik revolisyonè. Mistik sa a kòmanse nan chante MPP ki di : “Peyizan yo an nou met tèt ansanm oo, Peyizan yo an nou mete tèt ansanm, nèg lavil yo gade nou kòm gwo zago si nou pa travay, yo pa p manje”[…] Se yon mistik ki tradui kòman Apantè, bandi yo abitye fè dappiyanp sou tè Peyizan yo. Anplis, li montre kòman lè Peyizan yo òganize yo, y ap genyen fòs nan batay kont moun k ap vòlè tè yo.
Aprè mistik la se dispozisyon nan chante Im Nasyonal peyi d Ayiti a. Animatris aktivite a, Nadège Saintil te mande patisipan yo pran yon minit rekèyman nan non tout Peyizan ki asasine nan lit kont dappiyanp k ap fèt sou tè yo. Ofisyèlman jounen an louvri nan prezans plizyè manm ak dirijan MPP, tankou : fondatè MPP – Chavannes Jean-Baptiste, kòdonatris pwogram jèn MPP – Nadège Saintil, kòdonatè konkou literè Bèlbranch ak Ilyeniz Jan-Batis nan MPP – Malachy Bastien, kòdonatris Brigad Apui Jesyon Rezo sosyal yo nan MPP – Yorline Rose pharelle Erminus, kòdonatris jeni 50 tyèm MPP – Gerline Jeannot, kòdonatè ekip teknik, manm komite egzekitif MPP – Mulaire Michel ; Direktè DDA-S – Rony Navard ak Direktè INARA – Valéry Joseph, elatriye. Plizyè Peyizan te bay temwanyaj yo sou ansanm menas y ap sibi sou tè yo. Nan moman rasanbleman an te genyen yon vizit teren avèk patisipan yo sou kèk pati nan Fèm Papay la. Se yon fason pou yo konstate ansanm dega k ap fèt sou li yo.
Pawòl fondatè MPP, Chavannes Jean-Baptiste nan jounen 17 avril 2025.

17 avril 1825 – 17 avril 2025, fè 200 ane depi peyi Lafrans te fè Ayiti peye yon ranson pou li te rekonèt Endepandans li. Se yon dat senbolik nan istwa peyi a. Chak ane tou dat sa a se jounen entènasyonal lit Peyizan yo sou latè. N ap raple nan dat 17 avril 1996, Mouvman San Tè (MST) t ap fè yon mach nan lide pou li denonse tè grandon yo fè dappiyanp sou yo. Nan okazyon sa a plis pase 155 militè Brezilyen te tire sou Peyizan yo, kote genyen 19 Peyizan ki mouri sou plas, anpil lòt bleze, 2 lòt mouri Lopital. Masak sa a te vin ajoute sou ansanm masak Peyizan yo viktim pou lit rekiperasyon tè yo. MST konpoze anviwon 300 000 fanmi, l ap goumen pou yon refòm agrè popilè, se premye pwodiktè diri òganik nan Amerik la. Se yon pwodiksyon diri ki fèt san angrè chimik. Li se manm La Via Campesina (LVC). Pwoblematik tè a nan peyi Brezil vrèman konplike kote anviwon 54 % tè yo, se grandon boujwa ki genyen kontwòl yo. Peyi Brezil genyen 8 547 404 km2, plis pase 215 milyon abitan.
La Via Campesina (LVC) se yon mo Espanyòl ki vle di : Chemen peyizan yo. Li kreye nan peyi Bèljik nan mwa me 1993. MPP te prezan […] Manm MPP yo dwe konnen yo fè pati yon gwo òganizasyon ki genyen plis pase 200 milyon manm atravè lemonn. MPP ap kontinye lite pou agwoekoloji a, nan fè dwa peyizan yo respekte. Jounen jodi a, Òganizayon Nasyonzini (ONU) rekonèt dwa peyizan yo. [Deklarasyon an vote nan konsèy Dwa Moun Nasyon Zini nan mwa sektanm 2017. Konsèy sa a fè yon bann konsiderasyon epi prezante tout preyokipasyon li genyen nan jistifye deklarasyon dwa peyizan yo ak lòt moun k ap travay nan milye riral la]. Se yon dwa chak pèp genyen pou yo pwodui manje ki sen, sa vle di manje ki bay lavi. Misyon LVC se defann dwa peyizan yo, tankou dwa yo nan latè. Peyizan yo dwe jwenn tè pou yo travay, se youn nan misyon yo. Peyizan yo dwe pwodui manje natif natal. LVC genyen plis pase 200 milyon Peyizan ladan li, 185 òganizasyon pou piti sou tout planèt, li prezan nan 75 peyi sou tout latè. L ap lite pou genyen yon “souverènte alimantè” k ap kapab bay anviwon 8 milya moun manje sou planèt tè a.
Jodi a, mwen denonse Peyizan souflantchou, Peyizan konze, yo menm ki pa konprann epi konplis pami dega k ap fèt sou Fèm Papay la. Mwen pwofite felisite direktè DDA-S ak INARA nan kad inisyativ sa a. Ane sa a se yon bèl bagay kote Leta pran inisyativ sa a pandan MPP pote kole avèk li. Fèm Papay se te yon referans nan peyi d Ayiti, sitou nan pwodiksyon ak elvaj. Lontan moun te menm pè pase nan Fèm nan avèk prezans yon ansanm gwo bèf boul nan do. Se aprè dechoukay rejim bout di Divalye a ki te oblije kraze rak anba mobilizasyon klas popilè a, 7 fevriye 1986, konsa gwo nèg nan ministè agrikilti vin bwote bèf yo nan mennen yo ale nan Fèm pèsonèl yo nan Plenn Tisak. Konsa, piti piti Fèm Papay la vin ap degrengole. Fèm agrikòl sa a ta dwe ap pwodui manje pou Ayisyen manje, sitou jounen jodi a, nou pa genyen okenn kontwòl sou sa n ap manje yo ki sòti nan Repiblik Dominikèn. Nou konstate pito se beton k ap mete sou Fèm Papay la. Menm nan ravin yo mete beton. Genyen anpil dezòd k ap fèt sou Fèm nan kote chak ane l ap pran plis vitès. Genyen Peyizan ki genyen plis pase 50 ane ap travay sou Fèm nan bandi mete yo deyò. Genyen Fèmye, pitit Fèmye k ap vann tou tè yo. Si pwoblèm sa yo pa kanpe, Fèm Papay pa p egziste ankò. Pwoblèm sa yo pa prezan senpman nan Fèm Papay la.
Peyizan yo ap pase tray pou yo pwodui manje. Nou jwenn pwoblèm sa yo nan Koladè, nan Kwuym, nan Lospin, nan Labelòn, nan Penkwa, san konte lòt kote nan peyi a genyen gwo masak ki fèt sou peyizan yo, tankou masak Jan Ranbèl kote plis pase 150 Peyizan asasine selon chif ofisyèl yo, men se ta pi plis. Nou menm Peyizan ki genyen misyon pwodui manje y ap retire tè nan men nou. Si yo retire tè nan men nou n ap sispann peyizan, se travay tè ak manch wou an ki fè nou Peyizan. M ap raple mwen nan menm kesyon tè a, genyen yon militan revolisyonè fanm Dominikèn ki rele Mamatengo, li di : “olye ou pran tè mwen, pran lavi mwen pito”. Se pa yon ti koze piti.
Peyizan yo dwe kontinye reziste pou yo defann tè yo. Jodi a, kote y ap retire tè yo nan men Peyizan yo, m ap raple sa te rive nan zòn Angoman. Aksyon ak estrateji Peyizan yo te fè, yo te òganize yo, nan mitan yo pa t genyen konze. Yo te fè yon sèl kò, yon sèl chenn. Si ou ale atake yon Peyizan nan Angoman, kòn jwe toupatou. Premye estrateji pou yon Peyizan defann tèt li se òganize li, se nan solidarite. Nan zòn Papay la genyen anpil Peyizan konze. Pami yo anba bouch vòlè tè yo, y ap pran kòb nan men vòlè tè yo. Lòt Peyizan yo dwe denonse konpòtman sa yo. Se yon konpòtman ki pa depaman moun ki te pran mil goud pou yo te vote yo. Nan youn oswa 2 jou kòb la fini men sitiyasyon yo vin pi mal. Peyizan trèt yo pa konprann aksyon konplis yo nan kolabore ak vòlè tè yo se tankou yon pwaya y ap antre nan pwòp vant yo. DDA-S, INARA, Komisè gouvènman aktyèl la di l ap pote men ak yo. Tout sa nou kapab fè pou nou travay ansanm avèk dirijan yo se fè li. Lòt opsyon nou genyen se mobilizasyon. Bare epi denonse Apantè yo, Notè yo, moun ki nan DGI, BSAP, Lapolis yo ki nan vòlè tè Peyizan yo. Nou dwe ale fè sit-ing. Mwen felisite fanm ak gason nan Lospin ak Koladè ki anvayi tè yo. Felisitasyon pou komite nou mete kanpe a, federasyon nou fè a, mwen panse se nan solidarite n ap rive genyen batay la. Se yon devwa MPP, LVC genyen pou li kontinye akonpaye nou nan batay rekiperasyon tè yo. Lè nou rekipere tè yo, sa pa vle di nou vin mèt yo ni genyen dwa tou pou nou vann yo. Mèsi.
Pawòl Direktè INARA, Valéry Joseph.

Kamarad yo bonswa. Mwen konnen nou fatige men mwen santi vwa nou klè. Mwen konnen tout sakrifis nou fè pou nou prezan an. Mwen salye epi felisite chak moun ki vini nan rasanbleman sa a. Se yon konvokasyon MPP, DDA-S sou direksyon INARA yo fè nou pandan jounen 17 avril 2025 lan. Se yon plezi pou nou pran lapawòl nan non Direksyon Jeneral INARA. Misyon enstitisyon sa a se akonpanye Peyizan yo sou tè yo, analize kalite pwodiksyon y ap fè sou Fèm yo. Li genyen 3 (twa) misyon : misyon sosyal, se ede rezoud pwoblèm konfli ki sou tè yo ; misyon ekonomik, ede Peyizan yo pwodui pou yo jwenn manje pou yo manje ak mete lajan nan pòch yo ; misyon ekolojik, ankouraje agrikilti peyizan an, menm jan anpil òganizayon peyizan ap fè pwomosyon pou sa a depi byen lontan. Mwen pa p pale anpil men nan okazyon sa a m ap kite nou avèk ansyen direktè INARA. Li te swete salye moun nan depatman an. Li regrèt anpil li paka prezan ak nou, pandan li fè konnen nan moman li te prezan kòm direktè INARA ansanm deriv sa yo k ap fèt la, yo pa t ap janm kapab rive sou Fèm nan […] Ansyen direktè a drese yon analiz jiridik sou fonnman aksyon INARA yo nan linèt lalwa […]
Pawòl Direktè DDA-S, Rony Navard sou enpòtans Fèm agrikòl yo.

Ayibobo tout moun ! Mwen salye fanm ak gason vanyan sa yo k ap defann tè yo. Mwen salye tout moun san mwen pa p fè okenn pèsonalite. M ap pale sou enpòtans yon Fèm agrikòl. Yon Fèm agrikòl se yon espas k ap pwodui manje. Nou dwe pran agrikilti a nan tout entegralite li pandan n ap defann li epi valorize li. Sou yon Fèm agrikòl li enpòtan pou nou paske se li menm ki bay pitit nou manje, ale lekòl epi ale lopital. Lè yon moun ap pratike agrikilti li pa senpman fèt pou li manje, li pèmèt kreye lòt richès materyèl tankou achte yon motosiklèt, machin, konstriksyon kay, bèf ak kochon, elatriye. Li dwe rete yon aktivite ki mete lajan nan pòch nou, se pa senpman manje. Tè ki sou Fèm agrikòl la se pou pwodiksyon manje. Se yon Fèm Leta. DDA-S, ap analize Peyizan ki bezwen pou yo travay nan bay yo aksè. Se pa yon tè pou yo vann ni pou yo fè kado. Se pou yo travay tè a epi okipe li nan tout onètete. Mwen itilize mo sa a se paske genyen Peyizan yo bay aksè pou yo travay tè a nan tout prensip yo dwe respekte yo, men yo vyole prensip yo. Yo kontante yo nan vann tè yo. Fèm nan dwe nan sèvis Peyizan k ap fè agrikilti epi ki onèt. Se yon espas fòmasyon ak eksperimantasyon.
Chavannes Jean-Baptiste souliye kòman yon Fèm ye atravè lemonn epi kòman Fèm Papay la te ye lontan, domaj nou konstate anpil nèg ak fanm ki genyen vès ap kontribye nan kraze li. Se yon espas ki dwe sèvi nan eksperimantasyon diferan varyete mayi nan konbat yon maladi : chanpiyon, ensèk k ap ravaje li. Se sou Fèm nan pou Teknisyen agrikòl yo chita pou yo analize varyete a. Nou kapab vini avèk yon Jenitè pou nou eseye fè yon kwazman yon bèf nan gade si li kapab bay yon ras rezistan, se sou Fèm nan pou nou reyalize sa a. Lè pitit nou, frè nou, sè nou, kouzen nou, matant oswa tonton nou ap etidye nan yon lekòl agrikilti, Fèm nan se yon espas pou yo vini fè eksperimantasyon yo, nan reyalize yon estaj epi pran konesans nan milye riral la […] Malerèzman se pa vokasyon sila yo nou remake yo vle bay li, se beton, mete ponp gazolin, elatriye. N ap travay jiskobou pou Fèm nan tounen yon espas eksperimantasyon pou etidyan yo […] Nan sans sa, mwen vle atire atansyon tout moun ki pa t konnen Fèm nan se pou aktivite jaden ak elvaj, tout moun ki vin achte tè pou yo mete beton oswa DDA-S bay li pou aktivite jaden yo mete beton, se byen konte mal kalkile. Nou vle di, n ap pase tout etap administratif yo, jan lajistis mande sa a. Nou pa p ale anfas pyès bandi san manman men n ap itilize pi bon estrateji pou nou batay kont yo kote Fèm nan ap rete yon espas eksperimantasyon ak obsèvasyon. Mèsi tout bon moun, tout bon plantè ki okipe Fèm nan, sila yo k ap travay tè yo dwe konnen yo pa dwe antre nan konfyolo avèk lòt moun k ap vann yo. Nou felisite epi ankouraje yo. N ap di yo kenbe fè m, n ap travay. N ap reflechi kòman nou kapab mete dlo sou Fèm nan pou yo fè jaden. Pa pran nan filalang moun k ap mete lide konplo vann tè yo pou yo mete beton. Mèsi tout moun rete pozitif.
Pami pawòl Peyizan yo.
Mwen rele Kenel Joseph, apèn parèt nan komite k ap jere tè Labalòn nan. Mwen genyen plizyè pwoblèm ki rive mwen sou tè a nan moman komite a te bay mwen aksè travay ladan li kote mwen kapab fè jaden oswa fè kay. Yon gwoup moun menase mwen pou sa a. INARA pa prezan vrèman toupatou nan ansanm pwoblèm n ap konfwonte sou tè yo, men nou panse avèk komite yo ki monte nan defann tè yo n ap kapab travay an kolaborasyon. Lè komite yo pran yon dezisyon INARA dwe valide li. Nou panse ap toujou genyen dezòd k ap fèt sou tè yo si se nan tewori nou rete senpman. Youn nan preyokipasyon mwen, menm jan anpil lòt moun ki pale deja, se kilè dezòd ap sispann sou tè yo ? Mwen pa p pale twòp. Mwen swete nou anpil kouraj. Nan moman lapli a ap tonbe mwen swete nou plante yann, patat, elatriye.
Mwen pote non Hemileste Augustin, mwen sòti nan katriyèm seksyon kominal Ench, yon Peyizan ki viktim nan Lospin. Bagay yo anpil men pa genyen anpil tan. M ap fè yon ti pale kanmenm. N ap gade nan moman sa nou menm Peyizan nou pa wè anwo ni anba. Menm sou Fèm Leta li pran nan pwòp konplo li kote andedan Leta genyen trèt. Leta bay gang yo pòt pou yo fè sa yo pito. Genyen yon sitwayen ki rele Jorel Audate Leta bay li lòd pou li vann pwòp byen li yo. Li vann kabrit, bèf ak tè. Nou menm nou mande pou yo kapab revoke administratè sa a.
Pami nan seyans kesyon repons yo.
Peyizan an salye tout moun ki prezan nan rasanbleman sa a. Li salye nouvo direktè DDA-S, INARA. Salitasyon pou Chavannes jean-Baptiste, Mouvman Peyizan Papay (MPP) k ap lite lontan nan defann Peyizan yo. Se yon direktè lekòl, anpil moun konnen li sou non Mèt Bout. Selon dizon li : “kesyon pa m nan, li pa long. Pandan tout tan Peyizan yo fè ap travay sou Fèm Papay la kote bandi kraze tout sa yo te envesi, kòman direktè yo ap rive repare pèt yo “? Selon direktè DDA-S, se yon kesyon ki enteresan, li pako kapab pwomèt anyen men li enpòtan pou li jwenn doleyans yo. Genyen kèk travay ki kòmanse fèt nan sans sa. Plizyè konsta nou fè kote yo mete dife sou Fèm nan, koupe pye mango pou yo fè konstriksyon, jaden manyòt ak bannann Peyizan yo ki detri. Nan moman sa a nou pa kapab di kòman n ap konpanse Peyizan yo ki sibi destriksyon yo. Dezole si nou pa genyen repons lan pou moman an ! Lè n ap aji n ap konnen ki tèks lalwa k ap kapab antre nan aplikasyon.
Pou yon Peyizan nan Lospin pwoblèm tè a plis konplike toujou. Anpil sitwayen ap mache vann tè yo, menm manm Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal (KASEK) la nan vann plizyè santèn kawo tè, elatriye. Nan moman lapli ap tonbe nou vle plante. Jodi a, peyi a bloke, se Peyizan an ki pou travay pou popilasyon an jwenn manje pou li manje. Ki akonpayman ou kapab bay Peyizan yo ki nan Lospin yo direktè ? Selon direktè DDA-S, y ap kolabore nan yon pwojè ki rele “Projet d’Agriculture Résiliente et de Sécurité Alimentaire” (PARSA), nan pwojè sa a genyen semans ki ta dwe kòmanse rive jwenn Peyizan yo nan dat 2 me 2025. Distribisyon semans yo te dwe kòmanse depi 24 avril 2025, men sa pa t rive fèt parapò kèk pwoblèm nan elaborasyon lis yo. Se yon pwojè ki nan tout komin nan wo plato a. Anplis, DDA-S, ap kolabore nan yon pwojè avèk Agwonòm e Veterinè San Fwontyè (AVSF) sou direksyon Òganizasyon pou Alimantasyon e Agrikilti (FAO). MPP genyen tou aksyon nan pwojè sa a. Komin Mayisad ap touche nan operasyonalizasyon li. Direktè a prale reverifye si lokalite Lospin entegre lis zòn k ap touche yo nan Mayisad. Nan kanpay agrikòl prentan an apui l ap kapab bay se semans. Pou kesyon zouti yo, yon dokiman prepare depi yon mwa nan okazyon jounen agrikilti ak travay nan dat 1 me 2025, ta dwe genyen distribisyon manchèt, derapin ak wou, si ministè a reponn bidjè ki ale jwenn li a. Jiskaprezan nou pako konnen si y ap reponn nou. Bò kote nou, demann lan fèt deja, n ap tann repons lan.
Frè m ak sè m yo bonswa, mwen rele Franck Thomas ki sòti nan Matperalt. Anpil koze ap pase nan zòn sa a, men tan pa anpil. Kesyon m ap poze direktè DDA-S ak INARA, menm jan kamarad Chavannes jean-Baptiste apèn pale sou li kote genyen anpil Peyizan konze nan mitan nou, mwen ta renmen konnen ki sò k ap rezève pou yo si nou jwenn yo ? Selon direktè DDA-S, se yon kesyon ki fondamantal ki mande yon gwo aplodisman. Pandan nou nan wout la, mwen ta santi genyen Peyizan ki nan konplo a, y ap vann tè tou. Malerèzman ! Malerèzman ! Se youn nan rezon ki fè mwen di talè a felisitasyon tout Peyizan onèt yo. Genyen pami Peyizan yo k ap fè tèt anpil men yo pa onèt. Anpil manda pral jwenn Peyizan yo k ap vann tè yo. Tout moun k ap konstri yo lajistis pral genyen pou li pousuiv yo.
Mwen salye piblik la, mwen kontan inisyativ sa a. Mwen menm se yon pèdan nan Fèm Papay la. Depi mwen piti, mwen rekonèt Fèm sa a se pou Leta ki abitye fè elvaj. Pratik sa a fini ladan li kounya se ta dwe agrikilti y ap fè ladan li. Nou konstate se menm Leta sa a k ap kraze Fèm nan marande yon pakèt gwo palto k ap vann tè sou li, m ap mande kòman direktè DDA-S ak INARA ap kapab ede rezoud pwoblèm sa a ? Selon direktè INARA, nan kolaborasyon direktè DDA-S, komisè gouvènman, direktè Lapolis, kòm se yo menm Leta mete bò kote nou malgre pwòp pwoblèm nou ta kapab genyen ak yo, n ap travay pou nou kapab rezoud pwoblèm yo. Angajman Peyizan yo vrèman enpòtan pou nou jwenn solisyon yo swete a. Pami Peyizan yo nan konplo vòlè tè a, n ap mande yo pa mete yo bò kote bandi k ap vòlè tè yo, vini bò kote Leta.
Deklarasyon Peyizan viktim pèsekisyon pou tè.
Nan peyi D Ayiti depi aprè endepandans kesyon tè a rete yon pwoblèm ki marande konplisite laboujwazi, Leta Ayisyen ki lakòz Peyizan pa jwi dwa ak sekirite pou yo travay tè yo nan pwodui manje nan bon jan kondisyon. Desalin ki se Papa libète ak Jan Jak Akawo, yo asasine akoz pwoblèm tè ki pa janm rezoud nan peyi D Ayiti jis jounen jodi a, atoufè, zèfèyis melanje sèten otorite nan Leta toujou ap mare konplo sou do Peyizan yo ki pa sispann sibi pèsekisyon tankou : prizon, devastasyon jaden yo, menas, jouman ak entimidasyon. Nan okazyon 17 Avril ki se jounen entènasyonal lit Peyizan yo, Federasyon Asosiyasyon Peyizan k ap Defann Tè Agrikòl (FAPDTA) fikse pozisyon li parapò tout zak malonèt y ap sibi sou tè agrikòl yo.
Depi 2018 sou rejim PHTK 2yèm vèsyon an, Peyizan yo pa janm sispann sibi agresyon, pèsekisyon, brile kay ak jaden yo, yo vòlè bèt yo, yo devaste jaden yo ak tout manje yo. Nèg ki genyen zam mare sosis yo ak yon seri otorite nan Leta, sitou nan Lajistis, Lamèri, Lapolis ak nan DGI pa janm sispann pèsekite Peyizan yo. Plizyè fwa genyen Apantè ki monte sou tè Peyizan yo ap travay pou yo fè apantaj lanwuit ak jou dimanch pou zèfèyis yo. Malgre tout rèl ak aksyon konkrèt Peyizan yo mennen, Otorite nan depatman Sant lan pa janm aji pou yo pwoteje viktim epi fòse zèfèyis yo dedomaje viktim yo. Plizyè Peyizan pran kou, ale nan prizon, parèt devan tribinal plizyè fwa, malgre tout prèv yo bay ak otorite yo anyen pa janm fèt pou yo fè respekte dwa fondamantal yo ki se “Tè dwe nan men Peyizan k ap travay tè”.
Aprè tout sa Peyizan yo ap sibi yon lòt fwa ankò, FAPTDA pran pozisyon l an piblik pou li mande :
- Direktè depatmantal Ministè Agrikilti Sant lan (DDA-S) pou li pran dispozisyon legal nan asire sekirite ak dwa lejitim tout Peyizan k ap eksplwate tè sou Fèm Leta yo. Li dwe pran dispozisyon legal pou li anpeche move aksyon k ap fèt yo ;
- Direktè depatmantal INARA genyen pou li fè tout sa l dwe fè legalman pou zèfèyis yo respekte delimitasyon tè Fèm Leta Peyizan ap travay depi digdantan epi yon seri nèg ak fanm anvayi kòmkwa se tè gran paran yo ;
- Responsab DGI yo dwe idantifye moun andedan enstitisyon li a k ap fasilite zèfèyis yo jwenn papye tè pou yo anvayi tè Leta yo epi yo dwe pini pou sa yo fè yo ;
- Otorite nan lajistis ki melanje nan konplo ak zèfèyis yo dwe sispann pèsekite peyizan yo epi aplike lalwa pou yo pini zèfèyis yo piske lajistis reprezante yon fanm ki genyen yon je bande ki pa nan patipri ak koripsyon ;
- Polisye ki nan konfyolo ak zèfèyis yo, nou mande pou yo sispann avèti zèfèyis yo lè genyen manda arestasyon pou yo, si Lapolis genyen deviz Pwoteje ak Sèvi, ebyen li dwe pwouve sa nan aksyon ak konpòtman li ;
- Nou denonse nan tout fòs nou, tout Apantè, Notè ki antre nan move zak ak zèfèyis yo, tankou nan apante jaden Peyizan yo lanwuit ak jou dimanch. Nou mande tout enstans ki kòdone travay Apantè ak Notè yo fè aksyon ki jis pou yo fè Apantè ak Notè yo sispann move zak sa yo.
FAPDTA vle fè otorite yo sonje li pasyan anpil nan chita tann yon solisyon dirab ki sòti bò kote tout otorite nan depatman Sant lan pou yo fè dwa Peyizan yo respekte, men si anyen pa fèt Peyizan yo oblije pase aksyon pou yo pwoteje epi defann dwa sakre fondamantal yo ki se : “Peyizan k ap travay tè dwe mèt tè yo”. Sonje byen genyen plizyè fason pou yo touye koulèv san baton.