NOT DE PRES 5 JEN 2017
PAPAY 5 JEN 2017
NÒT POU LAPRÈS.
5 Jen se jounen mondyal anviwònman selon desizyon Pwogram NasyonZini pou Anviwònman (PNUE) depi 1972. Sa fè 45 ane depi PNUE te lanse yon apèl pou angajman sa yo :
- Lit kont destriksyon kouch Ozon lan.
- Lit kont deforestasyon,
- Lit pou konsève kalite rezèv dlo yo.
- Lit kont dezètifikasyon ak sechrès.
An 2012, 40 ane apre, pwogram nasyon zini pou anviwònman an, nan konferans Rio+20 an, te rele yon gwo kout anmwe pou di prèske anyen pa fèt. Nou menm nap di, sa vin gravman grav pou tout planèt la, pi grav ankò pou peyi vilnerab, frajil tankou Ayiti.
Tèm ONI chwazi pou selebrasyon jounen an nan peyi Kanada an 2017, se : RAPWOCHE MOUN AK LANATI.
Pwoblèm lan, moun tounen lenmi pou Lanati alòske moun se yon pati lanati. Destriksyon lanati se destriksyon lavi moun, se destriksyon tout fòm Lavi sou planèt la. Se peyi endistriyalize yo ki prensipal lenmi Lanati ak agrikilti endistriyèl yap pwonnen, ak konsomasyon ekzajere, ak gaspiyaj tout resous planèt la. Jodya se yon gwo konba ant moun ki vle sove anviwònman planèt la ak miltinasyonal yo ki gen anpil gouvènman gwo peyi endistriyalize yo ak gouvènman restavèk nan peyi yo fè pòv yo ki nan sèvis yo.
LAVI moun mare ak anviwònman. Se pou sa sitwayen yo pa gen dwa kite zafè anviwònman an sou kont gouvènman. Sitwayen yo dwe mobilize pou fòse Leta pran responsablite l nan zafè anviwònman an. Men yon lòt kote, chak sitwayen, dwe jwe wòl li nan jere dechè lap pwodwi, nan patisipe nan jere dechè kap pwodwi nan kominote kote lap viv. Se tout moun ki dwe mete men nan konbat fatra, nan jere dechè.
Ekzistans peyi Dayiti menase anba dezas anviwònman an : Pa gen forè ankò, Lavalas pran tout tè ki ta dwe pwodwi manje al detri anviwònman andedan Lanmè a, sous dlo yo prèske fin teri, sa ki pa teri yo kontamine ak tout kalite dechè,anpil rivyè disparèt, espès zwazo nou yo fin disparèt, anpil espès bwa fin disparèt. Lè se pa sechrès, se inondasyon.Sitiyasyon an katastrofik. Peyi a nan ETA IJANS ANVIWONMANTAL. Malerezman, nou kwè ni leta ni popilasyon an poko byen konprann sa.
Soti nan katastròf sa mande yon gwo volonte politik nan nivo leta, yon priz konsyans nasyonal onivo popilasyon an. Se tout fòs ki ta dwe pote kole nan yon gwo konbit nasyonal pou sove peyi a anba dezas anviwònmantal la.
Gen anpil pale kap fèt sou kriz anviwònman an. Men nou pa te wè okenn aksyon sou gouvènman Martely a ki te di anviwònman se priyorite l. Nou poko wè anyen sou gouvènman Jovenel la kap pale de agrikilti kòm priyorite l. Ki kote agrikilti pral fèt si sòl y opa ekziste ankò ? Ak ki sa agrikilti pral fèt si pa gen sous dlo ankò ?
Tout moun dwe konnen : Se pa bèl pawòl, Se pa ni kanaval ni karavan agrikilti ak anviwònman peyi a bezwen. Li lè pou demagoji fini. Li lè pou tout moun, vrèman tout moun mete men nan yon konbit nasyonal pou refè ak pwoteje anviwònman peyi a. Si sa pa fèt AYITI AP TONBE NAN TCHOUBOUM.
Pou evite dezas la vin pi grav, Jodya 5 Jen 2017, ankò yon fwa MPP mande ak tout fòs li pou :
1 – Tout sitwayen peyi a, nan tout nivo pran responsablite yo vizaviz anviwònman an. Chak moun dwe fè sa yo dwe fè. Chanje abitid nou vizaviz anviwònman an. Sitou pote kole nan mobilizasyon, nan fè presyon pou fòse Leta pran responsablite l nan refeksyon ak pwoteksyon anviwònman an. An nou tout pote kole nan konbit POU SOVE ANVIWONMAN AN PEYI A.
2 – Gouvènman ak Palman an konsakre omwens 20% nan bidjè nasyonal la pou refè ak pwoteje anviwònman peyi a, pou devlope modèl agrikilti peyizan yo ki chita sou metòd ak teknik agwo ekolojik. Pi plis nan Bidjè sa dwe envesti dirèkteman nan seksyon kominal yo. Dwe gen kòdinasyon ant BAK yo (Biwo Agrikòl Kominal), Ministè anviwònman, pouvwa lokal yo ak òganizasyon peyizan yo nan devlope pwogram pwodiksyon manje natif natal ak pwogram pou refè ak pwoteje anviwònman an. Pa dwe gen okenn patipri. Tout moun dwe nan KONBIT POU SOVE ANVIWONMAN AN.
3 – Oganizasyon peyizan yo makònen fòs yo pou defann modèl agrikilti peyizan an, defann agrikilti familyal ak metòd agwo ekolojik kòm sèl mwayen pou Ayiti gran moun tèt li nan zafè manje, pou mete lajan nan pòch tout moun epi konbat rechòfman klimatik la ki mete planèt tè an danje.
Nan okazyon 5 jen 2017 la, MPP di, Pa gen wout pa bwa : « ANN FE AGWOEKOLOJI, JESYON DECHÈ AK DEVLOPMAN ENÈJI ALTENATIV POU SOVE ANVIWÒNMAN PEYI A »
Pou MPP :
Komite Pòt Pawòl la :
Chavannes Jean-Baptiste Gislène St-Fleur Philfrant St Naré