Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan selebrasyon 5 jen : jounen entènasyonal anviwònman an
Jounen entènasyonal anviwònman 5 jen an selebre nan lokal Sant lakay Papay, anba tèm : patisipasyon jèn yo nan konbat dechè plastik pou pwoteksyon anviwònman. Nan pwogramasyon evènman sosyokiltirèl sa a, te genyen, tankou : animasyon (Diodat Elie, Nadège Saintil), mo direksyon egzekitif MPP sou direksyon Mulaire Michel, chante Im nasyonal ayisyen an ak mistik revolisyonè – se yon mistik ki montre kòman popilasyon an ap jete fatra (pwodui estiwofòm, daypè…) toutpatou ki kontribye nan degrade anviwònman an. Pami sitwayen yo ki konsyan deside angaje yo nan lit kont degradasyon anviwònman an pandan yo itilize lòt modèl eleman nan konsomasyon yo, nan espas sosyal la, tankou plante pye bwa. Yo itilize tit chante MPP ki di : “gade tè a, pile tè a, peze tè a, donte tè a separe tè a” p.63. Pèfòmans kiltirèl (gwoup Ibolele MPP, eslam), konferans sou anviwònman (Iselande Alexandre ak Gumpson Cherenfant), konferans sou dechè plastik (Gerline Jeannot ak Chavannes Jean Baptiste) ak pwopozisyon jèn yo nan kad pwoteksyon anviwònman an. Jwèt kesyon repons pou prim sou konferans yo. Pami kesyon yo : bay 2 relasyon ki egziste antre eleman yo nan anviwònman an ? Ki ane plastik kòmanse pwodui masivman nan lemonn ? Ki syans ki etidye òganis vivan yo ? Kisa mikwoplastik la ye ? Bay 3 konsekans degradasyon anviwònman an ? Konbyen tan yon boutèy plastik pran pou li degrade ? Bay yon definisyon klè sou anviwònman an ? Konbyen tan estiwofòm yo pran pou yo degrade ? Bay pousantaj dechè plastik ki kapab resikle yo ? Bay 5 aksyon konkrè nan pwoteksyon anviwònman an ? Kisa polisyon plastik la ye ? Bay 2 orijin degradasyon anviwònman an ? Kòman nou kapab defini biyodivèsite a ? Bay twa koz degradasyon anviwònman an ? Nan sans sa a, an n li ansanm nan liy anba yo pwen fò refleksyon jounen an.
Vizit solidarite ALBA Movimientos nan Mouvman Peyizan Papay (MPP) an Ayiti
Jedi 3 jiyè 2025, MPP te kontan akeyi plizyè kamarad ALBA Movimientos ak lòt reprezantan òganizasyon Chapit – ALBA Ayiti, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan/Sant Lakay. Objektif vizit sa a se : ranfòse aksyon solidarite yo an Ayiti, chèche konprann reyalite sosyopolitik Ayiti a pi byen epi gade ansanm kòman elabore yon plan aksyon ki chita sou priyorite solidarite Chapit – ALBA Ayiti ap mennen yo. Nan moman sa a, gwoup Ibolele MPP te sèvi legba nan louvri vizit sa a pandan li bay yon pèfòmans kiltirèl ki montre fason MPP apresye nan anpil chalè vizit sa a. Anplis gwoup akèy la envite delegasyon an monte drapo nan chante Im MPP, Im nasyonal peyi d Ayiti ak Im entènasyonal sosyalis la. Ofisyèlman rankont solidarite a louvri nan MPP. Nadège Saintil (kòdonatris pwogram jèn MPP), Diodat Elie (Sekretè jeneral MPP), yo te sèvi kòm animatè evènman an. Nan pwogramasyon jounen an : akèy, mo byenvini, pèfòmans kiltirèl, prezantasyon MPP, foto souvni an gwoup, echanj, vizit – Sant Lakay, Radyo Vwa Peyizan (RVP), gwòt Basen Zim ak manje ansanm.
Patisipasyon Mouvman peyizan Papay (MPP) nan jounen entènasyonal lit peyizan an
Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan kolaborasyon Enstiti Nasyonal Refòm Agrè (INARA) ak Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant (DDA-S) lan, yo te òganize yon gwo rasanbleman devan lokal INARA ki lokalize nan twazyèm seksyon kominal Ench, Agwayedyonn riv dwat. Nan prezans plis pase yon santèn Peyizan pandan jounen 17 avril 2025 lan. Se yon pratik andedan òganizasyon an nan komemore jounen sa a. Rasanbleman an te fèt anba tèm : “Fèm agrikòl yo pa pou vann ni pou fè kado”. Tèm La Via Campesina (LVC) chwazi nan okazyon sa a se : “Tè, Dlo, Teritwa pou Lavi”. Depi 10è nan maten anpil preparasyon te deja fèt nan reyalizayon aktivite sa a. Anpil Peyizan ak lòt moun nan kominote a te vin patisipe. Avan ouvèti ofisyèl evènman an, sou direksyon dirijan MPP, Edmond Mathieu, reyalizasyon yon mistik revolisyonè. Mistik sa a kòmanse nan chante MPP ki di : “Peyizan yo an nou met tèt ansanm oo, Peyizan yo an nou mete tèt ansanm, nèg lavil yo gade nou kòm gwo zago si nou pa travay, yo pa p manje”[…] Se yon mistik ki tradui kòman Apantè, bandi yo abitye fè dappiyanp sou tè Peyizan yo. Anplis, li montre kòman lè Peyizan yo òganize yo, y ap genyen fòs nan batay kont moun k ap vòlè tè yo.
Asanble jeneral Sere Pou Chofe (SPC)
Pandan jounen 23 janvye 2025, Sere Pou Chofe (SPC) reyalize yon asanble jeneral ki reyini plis pase 100 manm fanm ak gason, yo sòti nan plizyè zòn diferan nan komin Ench, espesyalman nan twazyèm seksyon kominal la. Se yon asanble ki fèt nan lokal Lakay Sant Fòmasyon Kad Peyizan oswa Sant Lakay. Depi nan kreyasyon SPC nan ane 1976, kòm koperativ altènativ k ap travay nan enterè klas popilè a, espesyalman peyizan yo, se yon tradisyon nan òganize modèl asanble jeneral chak ane. Asanble a enskri li nan yon objektif pou li klarifye epi pèmèt manm yo konprann ki aktivite lajan yo ap regle, nesesite pou yo kontinye epaye nan kreye pwòp richès yo k ap fasilite yo devlope yon otonomi finansyè pandan y ap koupe fache nan lojik kout ponya izirye yo. Nan dewoulman asanble a nou jwenn mo byenvini ; prezantasyon ekip kominikasyon MPP an ; apèl prezans chak zòn ak idantifye kantite manm yo ki prezan ; bay rapò pwosè vèbal asanble jenral SPC 2024 lan ; sèman angajman nouvo manm yo ; temwanyaj kèk manm sou enpòtans SPC ; analize plizyè aspè, tankou : evalye fonksyònman koperativ la ; fè manm yo konprann pi byen filozofi SPC epi konnen nan tout transparans sa lajan yo ap regle kòm aktivite sosyoekonomik ; eleksyon pou asanble a renouvle 1/3 nan chak komite yo, tankou : konsèy administratif ; komite seveyans ; komite edikasyon ak komite kredi.
AVIS DE RECRUTEMENT
Le présent document établit les termes de référence pour la réalisation d’une capitalisation et étude d’impact sur la démarche des comités citoyens mis en place dans le cadre du projet Ranfo Lavi Peyizan, depuis la deuxième phase du projet ayant démarré en 2019. Cette étude vise à analyser les effets de cette démarche selon deux axes principaux :
PREMYE (1e) JANVYE 2025 NAN LAKOU SANT LAKAY NAN PAPAY. TI KRAS LISTWA.
Aprè retou prezidan Aristid an 1995, nan mwa Desanm li te bay Chavannes yon kantite jwèt pou separe bay ti moun nan okazyon premye Janvye 1996, se konsa Chavannes te distribye jwèt sa yo bay ti moun nan zòn Papay la.