MPP nan makònay pwojè peyizan ayisyen an nan lit konstriksyon sosyalis la
Sòti 5 rive 11 dawout 2023, se te kongrè Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti. Kongrè 50 rekòt kafe a (1973-2023) fèt anba tèm “MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis“. Nan okazyon sa a, William Jeanty te reyalize yon gwo bat bouch sou MPP nan pwojè peyizan an ak sosyalism l ap pwonnen an.
Opinyon ansyen senatè William Jeanty
Kesyon sosyalis la mwen te deja kòmanse pale sou li. Sanble Marx, Lenine, Engels t ap suiv peyizan ayisyen an pou yo te konprann sosyalis yo t ap pale sou li a. Sosyalis Ayisyen chita sou solidarite. Kisa peyizan Ayisyen an ye ? Lè Kristòf Kolon debake yo fè yon etnosid epi yon jenosid sou pèp Arawack la. Nan moman sa a te genyen plis pase yon milyon moun. Yo sanse disparèt tout moun sa yo. Kolon yo ale nan peyi Afrik pou yo jwenn lòt resous moun pou yo fè eksplwatasyon yo. Premye estrateji bosal itilize kont sistèm dominasyon an se anfantisid. Yo te mawon tou kote yo òganize an kominote. Yo desann sou bitasyon yo chak fwa sa nesesè pou yo atake kolon yo. Youn nan eleman enpòtan yo itilize se konstriksyon lang kreyòl la. Premye gany pèp peyizan fè se konstriksyon lang lan. Lòt gany se relijyon an sa vle di vodou. De (2) eleman sa yo te pèmèt yo reyini yo, defini tèt yo kòm moun.Menm si nan koloni a te genyen moun ki t ap chache defann tèt yo pou kont yo. Kad figi sa kapab prezante jounen jodi a, kote genyen moun k ap chache soti tèt yo pou kont yo.
Pa genyen pyès moun ki kapab sòti tèt yo pou kont yo. Premye gwo evènman yo se kongrè Bwakayiman. Lòt evènman se kongrè Akayè a. Reyinyon Akayè a te fèt nan pran desizyon pou tout tè yo separe. Premye Jeneral yo te wè pou mennen batay la se Lamour Dérance. Men anpil nan yo te kwè pito nan Jeneral Jean Jacques Dessalines. Lè yo sasinen ampere Jean Jacques Dessalines, yo kraze pwojè peyizan an. Grandon yo rekipre tè yo. Sa vin lakoz anpil bosal tounen nan mòn yo, peyi a vin divize. Modèl Leta ki egziste a pa devlope yon bon rapò ak sosyete a, malgre Lakou yo se prensipal fonnman sosyete a. Genyen eskwad (100 ane), rara (100 ane) ki se yon ansanm eritaj kiltirèl. Se gras kapasite peyizan yo ki fè nou kontinye reziste. Pwojè peyizan yo se ranmase rèv zansèy yo. Rèv zansèt yo se konstri yon Ayiti granmoun. Se patisipe nan libere tout pèp ki anba jouk esklavaj. Sepousa, yo te Matinik, Savana, Gwadloup. Genyen yon mit ki konstri nan Gwadloup kote genyen yon kominote jiskaprezan ki kwè Jean Jacques Dessalines ap vini pou li libere yo.
Jodi a, nou kapab souliye twa (3) gwo pwoblèm peyi a ap konfwonte, tankou : depandans total peyi a parapò peyi enperyalis yo ; pwoblèm entegrasyon ak pwoblèm anviwònman an. Nan pwojè peyizan ki se Ayiti granmoun lan, li te deja pwopoze kèk repons parapò ansanm pwoblèm mwen site anwo a. Lè yo bezwen kontwole peyi a, se libere mache Ayisyen an. Sepousa, nan ane 86, anpil pwodui pèpè anvayi peyi a. Anplis destriksyon kochon kreyòl yo. Depi w bezwen rezoud pwoblèm entegrasyon an, anviwònman an, se envesi nan agrikilti a. Andedan pwojè peyizan an nou jwenn yon fòm revolisyon. Men jounen jodi a, nou panse parapò ansanm pwoblèm peyizan ap konfwonte depi plizyè syèk li paka rezoud pwoblèm yo pou kont li. Nan sans sa, genyen bezwen solidarite pou nou fè yon batay ki efikas.
Pwojè peyizan an se li ki revolisyonè a. Li menm ki kapab rezoud pwoblèm depandans lan, pwoblèm entegrasyon ak anviwònmantal la. Li menm tou ki bay Geriya. Se yon estrateji anpil lòt peyi itilize pou yo libere pèp yo. MPP kontinye pwone li pou nou tounen nan sivilizasyon peyizan an. Peyizan nan yon lojik tout moun se moun. Li chita sou yon vi ki senp pandan li makònen rasin li.
Nenpòt pwoblèm nou soulve la yo, nou dwe konnen se yon chwa politik Leta ayisyen fè pou li kontinye demounize pèp sa a. Se yon chwa Leta fè depi aprè sasina Jean Jacques Dessalines. Se yon Leta ki kenbe nou nan yon fòm neyokolonyalis. Leta sa a pa ankouraje pyès valè tradisyonèl, depi sou konkòda 1860 lan. N ap souliye, genyen yon lide ki fè kwè se peyizan yo k ap koupe pye bwa ki lakoz pwoblèm anviwònmantal la. Se pa vre ! Alex Bellande bay yon radyografi sou kesyon debwazman nan peyi a. Miltinasyonal yo koupe anpil pye bwa nan fè eksplwatasyon. Nan ane 1970 yo, nou kontinye ap voye bwa kanpèch nan lòt peyi yo. Nenpòt kwayans relijyon ou genyen sa pa anpeche nou epanye oswa pou nou pa viv ansanm pwoblèm sosyal yo. Nou dwe ale nan rasin pwoblèm yo pou nou jwenn bon jan solisyon. Nou dwe konnen genyen nesesite pou nou konstri yon lòt sistèm paske sila a ki operasyonèl la ap fin demounize nou. Pwoblèm peyi a konplèks epi li total. Nou dwe kontinye batay, fè rezistans ak solidarite pou nou rive nan sivilizasyon peyizan an […]