Realisations

MPP nan fòmasyon sou resiklaj ak transfòmasyon dechè plastik yo

Nan lento pòt la.

Depi nan nesans Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, kesyon anviwònman se youn nan priyorite li.  Viv nan yon anviwònman ki sen se yon nesesite vital. Pami estrateji MPP itilize nan konbat degradasyon anviwònmantal la se fè resiklaj ak transfòmasyon dechè plastik yo. Ekip teknik MPP an souvan fè yon ansanm fòmasyon nan domèn sila a. Dènye fòmasyon ki fèt sou domèn sa a reyalize sòti 24 rive 27 jiyè 2024 la, nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon kad Peyizan, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench nan. Objektif fòmasyon an se sansibilize jèn yo nan pwoteje anviwònman kont dechè plastik yo. Ede yo genyen yon pwofesyon manyèl nan kreye pwòp aktivite ekonomik yo. Genyen 40 jèn ki sòti nan (4) seksyon kominal Ench nan ki patisipe nan fòmasyon sila a. Yo aprann fè pandan seyans pratik yo plizyè kalite objè, tankou : flè, glòb, po plastik, valiz, bale, rido ak chandelye, elatriye.

Rezime pawòl pami fòmatè, fòmatris ak patisipan yo.

Aline Garsonvil se kòdonatris jeneral Jèn Travayè Peyizan (JTP) nan MPP, se youn nan fòmatris yo. Pandan premye jounen fòmasyon an li montre jèn yo enpòtans dechè plastik yo. Li te abitye tou nan patisipe nan fòmasyon sa yo. Nivo pèfòmans li nan seyans pratik yo pandan fòmasyon an fè li vin jounen jodi a pami fòmatris yo depi 2 ane. Li kontan eksperyans l ap fè a kòm fòmatris sitou nan fason jèn yo ap evolye nan atelye travay yo. Rezilta travay jèn yo montre yo aprann pandan fòmasyon yo. Selon kòdonatris la, modèl fòmasyon sa yo kapab ede nan konbat degradasyon anviwònmantal la. L ap pèmèt jèn yo chanje modèl relasyon yo devlope nan anviwònman an. Fòmasyon sa ap kontribye tou nan fè jèn yo genyen pwòp aktivite ekonomik yo. Aksyon jèn yo nan transfòmasyon dechè plastik yo kapab ede lòt moun chanje konpòtman yo, nan fason y ap itilize dechè plastik yo, pandan y ap redui nan itilizasyon yo […]

Monerot Jean-Claude se manm egzekitif ak ekip teknik MPP an. Li mansyone : « fòmasyon sa antre nan kad pwogram pwoteksyon anviwònman MPP ap pwone a depi nan nesans li. Depi nou pale sou kesyon anviwònman an, nou wè anpil lòt aspè ladan li, se pa senpman debwazman, men genyen anpil lòt pwoblèm ki makònen degradasyon anviwònmantal la, tankou : dechè plastik yo. Dechè sa yo vin yon gwo fenomèn an Ayiti. Y ap bay pwoblèm lavil kou andeyò. Nan ane 1980, nou pa t abitye jwenn prezans kantite dechè plastik sa yo. Jounen jodi a, si n ap pran egzanp vil Ench, se yon katastwòf nan kesyon dechè plastik yo. MPP kòm òganizasyon wè nesesite pou li travay nan fè jesyon dechè plastik yo. Pou sa rive fèt, nan premye moman yo, MPP pa t genyen moun ki genyen konpetans sou resiklaj ak transfòmasyon dechè plastik yo, li envite moun ki genyen konpetans nan domèn sa vin fè fòmasyon pou jèn ak adil yo. MPP genyen plis pase 5 ane depi l ap bay fòmasyon nan domèn sa a. Pèfòmans jèn yo nan pran modèl fòmasyon sa yo, fè yo vin fòmatè ak fòmatris. Ekip fòmasyon an genyen twa (3) fanm ak yon (1) gason : Aline Garsonvil, Wideline Pierre, Pedeline Chancy ak André Pierre.

Fòmasyon sa a ap pèmèt jèn yo antre nan lojik pou yo pwoteje anviwònman an ak genyen pwòp metye yo. Se yon fòmasyon ki chita sou 90 % pratik ak 10 % teyori. Anpil jèn ak adil enterese nan domèn fòmasyon sa yo, men kriz finansyè a limite nou nan fòme plis jèn kont degradasyon anviwònmantal la.  MPP paka rezoud pwoblèm degradasyon anviwònmantal la pou kont li, dwe genyen enplikasyon otorite Leta yo ak sosyete sivil la » […]

André Pierre, manm MPP depi 2014, li fè pati « gwoupman jèn devre nan karesavann », li pami fòmatè yo. « Mwen kontan pale kòm fòmatè nan domèn resiklaj ak transfòmasyon dechè plastik yo. Mwen vin fòmatè aprè yon devwa mwen te prezante nan kad yon fòmasyon mwen te pran nan MPP sou domèn sa a. Mwen pa fè fòmasyon sa a nan MPP senpman, mwen reyalize modèl fòmasyon sa a nan Mibalè, Mayisad, Ench (twazyèm seksyon). Mwen kapab di nan kad fòmasyon sa genyen (2) eleman enpòtan : resiklaj ak transfòmasyon dechè yo an pwodui itil. Pwodui nou fè yo kontribye nan mete lajan nan poch nou. Nou pwodui anpil objè ak dechè plastik yo. Mwen jwenn anpil satisfaksyon nan reyalize fòmasyon sa yo. Anpil jèn temwanye rantabilite ekonomik yo jwenn nan transfòmasyon dechè plastik yo. Fòmasyon sa yo, se yon fason pou jèn yo kontribye nan pwoteje anviwònman an. Nan demach sansibilizasyon popilasyon an nan rekiperasyon dechè plastik yo, souvan mwen itilize yon eslogan : bwè l bay mwen po an » […]

Thamara Cédé, manm « gwoupman Fidel Castro » nan Papay, pami patisipan fòmasyon an. « Mwen renmen patisipe nan fòmasyon sou resiklaj ak transfòmasyon dechè plastik yo. Sa fè dezyèm fòmasyon mwen pran nan MPP sou domèn sa a. Mwen enterese pran fòmasyon sa yo pou fason mwen konstate jan lari sal. Mwen vle kontribye nan pwoteje anviwònman an. Nan transfòme dechè plastik yo an pwodui itil. Dezyèm fòmasyon sa a ogmante kapasite mwen parapò premye a kote mwen te aprann fè senpman valiz, pou dezyèm nan, mwen aprann fè rido, glòb ak kèps, elatriye.  Se yon fòmasyon mwen pral transmèt ak lòt manm gwoupman yo » […]

Lose-Carina Mogelin, sòti nan vil Ench, manm « gwoupman jèn solidè » ki genyen animatè Vaniet Louis. « Mwen pa patisipe premye fwa nan fòmasyon sa yo. Sa fè dezyèm fwa mwen patisipe. Mwen aprann pandan fòmasyon sa a transfòme dechè plastik yo an pwodui itil. Yon fòmasyon konsa enpòtan nan pwoteje anviwònman an, paske dechè plastik yo se pwazon pou anviwònman ak lasante » […]

Boutofen, fòmasyon sou resiklaj ak transfòmasyon dechè plastik yo, se yon estrateji MPP itilize nan konbat degradasyon anviwònmantal la. Ekip teknik MPP an kwè nan bay jèn yo fòmasyon nan domèn sa a, pou yo kapab tou kontribye nan pwoteje anviwònman an ak genyen yon metye manyèl. Fòmatè ak fòmatris yo eksprime lakontantman yo. Patisipan Thamara Cédé, Lose-Carina Mogelin montre fason yo kontan pran yon lòt fwa fòmasyon sa a. Yo apresye demach pedagojik, devouman ak paysans fòmatè ak fòmatris yo. Alòs, si tout evènman toujou fè objè pwoblèm, fòmasyon sa a pa ekate pwoblèm kote tout patisipan ki te prevwa yo pa t rive prezan. Selon Monerot Jean-Claude, youn nan pwoblèm se egzamen ofisyèl klas 9 vyèm ane fondamantal yo ki t ap fèt nan menm moman fòmasyon an. Fòmasyon an te dwe genyen 50 jèn ki prezan men se 40 ki te vini. Nan yon lòt bò, pami patisipan yo plenyen paske yo te fatige anpil.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.