Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan selebrasyon 5 jen : jounen entènasyonal anviwònman an
Devan pòt la.
Jounen entènasyonal anviwònman 5 jen an selebre nan lokal Sant lakay Papay, anba tèm : patisipasyon jèn yo nan konbat dechè plastik pou pwoteksyon anviwònman. Nan pwogramasyon evènman sosyokiltirèl sa a, te genyen, tankou : animasyon (Diodat Elie, Nadège Saintil), mo direksyon egzekitif MPP sou direksyon Mulaire Michel, chante Im nasyonal ayisyen an ak mistik revolisyonè – se yon mistik ki montre kòman popilasyon an ap jete fatra (pwodui estiwofòm, daypè…) toutpatou ki kontribye nan degrade anviwònman an. Pami sitwayen yo ki konsyan deside angaje yo nan lit kont degradasyon anviwònman an pandan yo itilize lòt modèl eleman nan konsomasyon yo, nan espas sosyal la, tankou plante pye bwa. Yo itilize tit chante MPP ki di : “gade tè a, pile tè a, peze tè a, donte tè a separe tè a” p.63. Pèfòmans kiltirèl (gwoup Ibolele MPP, eslam), konferans sou anviwònman (Iselande Alexandre ak Gumpson Cherenfant), konferans sou dechè plastik (Gerline Jeannot ak Chavannes Jean Baptiste) ak pwopozisyon jèn yo nan kad pwoteksyon anviwònman an. Jwèt kesyon repons pou prim sou konferans yo. Pami kesyon yo : bay 2 relasyon ki egziste antre eleman yo nan anviwònman an ? Ki ane plastik kòmanse pwodui masivman nan lemonn ? Ki syans ki etidye òganis vivan yo ? Kisa mikwoplastik la ye ? Bay 3 konsekans degradasyon anviwònman an ? Konbyen tan yon boutèy plastik pran pou li degrade ? Bay yon definisyon klè sou anviwònman an ? Konbyen tan estiwofòm yo pran pou yo degrade ? Bay pousantaj dechè plastik ki kapab resikle yo ? Bay 5 aksyon konkrè nan pwoteksyon anviwònman an ? Kisa polisyon plastik la ye ? Bay 2 orijin degradasyon anviwònman an ? Kòman nou kapab defini biyodivèsite a ? Bay twa koz degradasyon anviwònman an ? Nan sans sa a, an n li ansanm nan liy anba yo pwen fò refleksyon jounen an.

Pawòl agwonòm Gumpson Cherenfant ak agwonòm Islande Alexandre sou “anviwònman”.
Depi nan orijin lòm, li te toujou depann sou sa ki egziste nan antouraj li pou li viv atravè ekosistèm yo (fòn, flò, dlo ki anwo ak anba tè a, resous enèjetik yo), globalman atmosfè ak Klima, sèvis yo endispansab pou lavi moun, bèt ak plant yo. Nou pa sipoze gade sèlman kantite resous nou kapab jwenn nan anviwònman nou, kantite sèvis yo kapab ofri nou men fòk nou gade kalite resous yo. Yo esansyèl pou lavi nou : kalite dlo, lè ak sòl. Etid syantifik yo montre genyen dezekilib nan relasyon ant lòm ak anviwònman an. Dezekilib sa yo lye nan fason nou eksplwate resous yo nan anviwònman an. Jounen jodi a, se yon nesesite pou tout moun enplike nan pwoteksyon anviwònman an. Kòman nou kapab defini mo anviwònman an ?
Definisyon anviwònman.
Selon diksyonè Lawous anviwònman an se tout sa ki antoure nou. Se milye natirèl ki konpoze kote yon endividi ap viv, kote genyen prezans anpil eleman e anpil nan yo patisipe nan satisfaksyon bezwen endividi a. Anviwònman an se tout eleman ki antoure yon moun oubyen yon espès. Anpil nan eleman sa yo kontribye nan lavi oubyen yo reponn kèk bezwen. Li defini tou kòm ansanm kondisyon natirèl ak kiltirèl ki prè pou aji sou kò vivan yo nan aktivite moun yo. Anviwònman an se relasyon ki tabli ant tout eleman ki konpoze li. Relasyon sa a pèmèt moun ak lòt òganis vivan yo itilize sèvis ekosistèmik lanati ofri yo. Li karakterize tou – Klima (Solèy, Tanperati, Imidite, Van, elatriye) ak milye a (Mòn, plèn, basen vesan). Se sa ki pèmèt repatisyon eleman vivan yo nan yon milye. Pou nou kapab genyen yon anviwònman ki sen dwe genyen bon jan amoni ant diferan eleman nan anviwònman an. Depi sa pa fèt, se dezekilib, konsa degradasyon an ap kòmanse.
Enpòtans anviwònman an.
Anviwònman an se kote n ap viv. Li dwe sen, pwòp, vyab, dirab ak rezilyan. Nou benefisye nan anviwònman an atravè ekosistèm, abita, peyizaj natirèl yo. Anplis, byen ak sèvis li nesesè pou abri, aliman, medikaman, pwoteksyon, lwazi nan yon objektif kiltirèl ak ekonomik. Anviwònman pèmèt resous natirèl vivan (Plant ak zannimo) yo repwodwi nan reponn bezwen pou moun yo viv. Li founi 90 % nan sa moun bezwen pou yo viv. San li, lavi moun, tout lòt eleman vivan yo t ap vrèman enposib. Li genyen anpil enfliyans sou byennèt, lasante ak rejim alimantè lòm. Youn nan endikatè devlòpman dirab yo nan nenpòt peyi se jan popilasyon an ak gouvènman yo aplike respè anviwònmantal la.
Pwoblematik peyi d Ayiti nan anviwònman an.
Nan moman konkèt-dekouvèt peyi a nan ane 1492, tèritwa nou an te genyen 80 % kouvèti forestye. Men jodi a, li redwi nan 2 %. Genyen 85 % nan basen vèsan nou yo ki degrade nan debwazman ak ewozyon, elatriye. Pwodiksyon agrikòl nou an ap diminye chak jou. Aktivite lapèch yo bese. Elvaj lib jwenn gwo pwoblèm. Angrè chimik ak ensektisid yo pa toujou byen itilize. Jodi a, nou pwodwi mwens 40 % nan sa nou bezwen pou n konsome nan peyi a. Nou depann sou pwodwi etranje yo.
Dlo lanmè kòmanse plis asid, Mangwòv ki se abita pwason yo prèske disparèt. Peyi a vin prèske tounen yon depotwa fatra tout kalite. Dechè solid ak likid yo pa byen jere ditou. Yo polye lè a. Move kondisyon ijyèn, pwoblèm asenisman nan vil ak milye riral yo pa pèmèt yon anviwònman sen, vyab tout bon nan peyi a. Zòn kaptaj sous yo afekte aktivite moun yo : debwazman – defekasyon. Nan san sa, kolektivite teritoryal yo kapab pran Arete kominal pou yo asire Gouvènans anviwònmantal la. Se youn nan defi yo genyen pou yo leve. Gouvènans ak jesyon anviwònmantalladwe pèmèt nou reyalize objektif devlopman dirab yo. Bon jan jesyon resous natirèl yo ap benefik pou jenerasyon k ap vini yo.
Pami askyon konkrè ki dwe fèt nan amelyore kondiyon anviwònmantal la. Aksyon ekolojik nan pwoteje anviwònman nou :
- Triye dechè nou yo ;
- Pa jete okenn fatra atè ni nan lari ;
- Etenn tout aparèy elektrik depi yo pa p sèvi ;
- Debranche chajè yo lè yo pa p sèvi ;
- Achte pwodui dirab epi ki kapab itilize ankò olye nou achte pwodwi ki pa bon kalite n ap jete pou ogmante fatra ;
- Evite achte pwodui ki anbale nan pil sachè ak vye bwat sitou anbalaj plastik yo.
Mezi nou dwe pran nan minit sa a menm k ap pèmèt nou sove anviwònman an, tankou :
- Edikasyon ak sansibilizasyon anviwònmantal ;
- Ogmantasyon kouvèti forestyè nan ankouraje rebwazman ak agwoforesteri ;
- Pwoteje abita, ekosistèm nan fasilite prezèvasyon biyodivèsite a. Eksplwate yon mannyè dirab resous natirèl yo, tankou : Dlo. Tè, bwa yo, elatriye.;
- Kanpay pwoteksyon ak jesyon sòl ak dlo/ konsèvasyon tè ki pandye yo ak nan ravin yo ;
- Fè amenajman basen vesan yo ;
- Fè pwomosyon pou ijyèn ak asenisman ;
- Ankouraje enèji vèt, enèji renouvlab :
- Pou kwit manje
- Pou bay elektrisite
- Pou transpò piblik
- Jesyon rasyonèl fatra yo, nan fè resiklaj ak valorizasyon dechè tout kalite yo ;
- Ankouraje agrikilti peyizan agwoekolojik ;
- Reyalize evalyasyon anviwònmantalsou tout aksyon ki kapab genyen enpak negatif sou anviwònman an.
Aktè ki dwe enplike yo.
Jesyon anviwòmantal, se obligasyon ak devwa tout sitwayen, plantè ak elvè ; Enstitisyon Leta kou prive ; Òganizasyon Kominotè Baz (OCB) k ap itilize sèvis ekosistèm yo ki dwe pran desizyon pou bon jan aksyon favorab nan anviwònman an.
Nan nivo Leta a, pami aktè ki konsène yo ak genyen reponsabilite yo :
- Ministè anviwònman, se bwat nan Leta a ki dwe defini epi aplike politik piblik sou zafè anviwònman an. Li se prensipal ministè ki responsab tout sa ki genyen nan anviwònman an.
- Ministè Travo Piblik Tranpò ak kominikasyon, responsab ansanm ak diferan meri yo nan jesyon fatra yo.
- Ministè Planifikasyon ak Koperasyon ekstèn, responsab pou li idantifye, chache lajan, epi gade aksyon priyorite yo nan domèn anviwònman an.
- Ministè Komès ak Endistri, responsab pou li mete an aplikasyon Trete, akò, dekrè ki siyen pou li kanpe move bagay k ap antre nan peyi a, sitou sa yo k ap degrade anviwònman an. Paregzanp : sachè plastik, bwat manje, elatriye.
- Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral, dwe veye pou sa k ap pwodwi nan peyi a fèt nan amoni ak anviwònman an.
- Òganizasyon yo nan sosyete sivil la dwe travay nan tout nivo, soti depi nan sansibilizasyon, rive nan mete kanpe aksyon ki marande nan pwoteksyon anviwònman an.
Pawòl kòdonatris Jeni 50 tyèm MPP, Gerline Jeannot ak fondatè MPP, Chavannes Jean Baptiste sou “dechè plastik”.
Pou Gerline Jeannot, yon plastik se yon melanj ki fèt nan yon ansanm matyè ki rele polimè. Li konpoze yon gwo kantite atòm, tankou: kabòn, idwojèn ak oksijèn. Souvan plastik yo konpoze avèk petwòl oswa yon ansanm gaz natirèl ki kapab transfòme k ap vin bay yon matyè ki solid, rezistan ki disifil pou li pouri epi fasil pou li fabrike. Genyen de (2) fòm plastik : premye a, se yon ansanm matyè, lè yo fin fòme, si nou mete yo nan prezans chalè bò kote dife oswa bouyi yon dlo vide sou yo, y ap vin mou. Si nou mete yo kote ki fyèt y ap vin di, tankou : bidon, gallon, bòl, goblè ak asyèt. Dezyèm nan, nan fòmasyon yo, yo gonmen, lè yo fin fòme deja yo pa p kapab defòme, tankou ; Kawotchou.
Plastik pran nesans nan lemonn nan mwatye 19e syèk la, sitou nan ane 1856. Se yon Chimis Britanik ki rele Alexander Parkes ki te envante “Parkésine” – se yon matyè ki konpoze yon ti selil ki sòti nan plant yo. Li rezistan nan dlo, rijid epi fleksib. Nan ane 1907, Chimis Belgo-americain LéoBaekeland pral envante yon plastik endistriyèl ki rele “Bakelite” – se yon matyè sentetik, yo itilize nan pwodui Telefòn, Linèt ak priz elektrik, elatriye. Nan ane 1926, yon sosyete ki pote non “BF Goodrich” ak yon syantifik ki rele Waldo Semon, yo envante PVC. Li konpoze yon sibtans ki trè fleksib, petwòl bri kòm premye matyè li. Aprè dezyèm lagè yo rele mondyal la, sitou nan ane 1950, fenomèn plastik la vin ap vale teren nan lemonn. Pwodui plastik yo itilize anpil sou latè, tankou nan domèn : endistri, agrikilti, sante, kizin ak transpò.
Fenomèn pwodiksyon plastik yo devlope yon polisyon plastik nan lemonn kote lanmè, rivyè, sòl, lè, yo vin polye nan dechè plastik yo. Yon etid montre sòti nan ane 1960 rive jounen jodi a, genyen 8.3 milya tòn plastik ki pwodui nan lemonn ki egal 430 milyon tòn chak ane. Genyen 13 milyon tòn plastik ki ale nan lanmè chak ane. Itilizasyon 17 milyon barik petwòl pou yo pwodui plastik chak ane. Chak jou genyen 10 000 tòn pwodiksyon boutèy plastik, yon milyon boutèy plastik ki achte chak minit nan lemonn.
Polisyon plastik yo genyen gwo konsekans sou ekosistèm yo paske ti plastik yo antre nan sòl la epi yo atake estrikti li ak kwasans plant yo. Plastik yo genyen tou konsekans sou biyodivèsite a, tankou sou zannimo yo ak repwodiksyon yo. Yo aji sou resous natirèl yo, sou sante moun yo nan pwodui plizyè kalite maladi – respiratwa, kansè, estrès, elatriye.
Selon fondatè MPP an, Chavannes Jean Baptiste : genyen plizyè kamarad ki deja pale sou degradasyon anviwònman an. Mwen enterese pale sou dega dechè plastik yo sou planèt tè a. 70 % planèt tè a se dlo. 361 126126 km2 ki reprezante dlo a, 26.2 % reprezante tè ki pa anba lanmè. 85 % dega ki fèt anba lanmè se Lòm ki fè yo. Anpil moun kapab panse nou pa kontribye nan sa a, men se byen konte mal kalkile. Oseyan yo jwe yon wòl kapital pou anviwònman an. Dechè moun pwodui yo se yon veritab katastwòf pou anviwònman an. Izin yo pwodui anpil dechè. Anpil espès an danje, ap mouri, nan espès n ap manje yo kontribye nan anpwazonnen moun ak anviwònman an. Si genyen bon jan jesyon nan lanmè a, etid yo deja montre li genyen kapasite nan nouri 70 milya moun sou planèt la.
Li enpòtan pou n konprann pa t toujou genyen plastik nan Lemonn. Nan ane 1960 fenomèn plastik la kòmanse ap vale teren an Ayiti. Nan ane 2019 kantite dechè plastik yo double nan Lemonn, 150 milyon tòn plastik k ap flennen anwo lanmè a. Jodi a, genyen yon setyèm kontinen, kontinen plastik, li konpoze 1.6 milyon km2. Pwoblèm ki plis konplike nan moman an se fenomèn makwoplastik la ki kapab debouche sou yon fenomèn nanoplastik – se yon ansanm patikil ki pa vizib. Li kapab etabli nan sèvo moun kote l ap pwovoke maladi “Parkinson”. Plastik yo pwovoke enflamasyon nan òganis moun yo. Li bay tout kalite kansè, pwoblèm pwostat. Plastik vin fè pati lavi moun. Nou jwenn li toupatou nan lemonn. Lè mikwoplastik yo dekonpoze yo vrèman danje. Rechèch yo montre plastik yo touye 1 milyon moun chak ane. Youn nan kote moun pran plastic yo se nan sèl y ap manje yo. Genyen yon fenomèn ki pase kote yon ti moun apèn fèt premye poupou li fè a se plastik. Tout sa yo se konsekans aksyon sosyal nou yo ki marande nan sistèm ekonomik kapitalis la. Anpil moun ap mande kòman nou kapab elimine plastic yo ? Nou dwe retounen nan manje nan kwuiy, nan sivilizasyon peyizan an. Nou kapab transfòme plastik yo, diminye yo, nan chanje pratik nou nan anviwònman an. Nou dwe mache apye, fè espò, tout egzèsis ki kapab pèmèt nou swe epi fè jèn. Nou manje twòp epi manje mal. Nou fè yon eksperyans nan MPP kote nou achte plis pase 30 manman kabrit men plastik touye yo. Si pa genyen petwòl pa p genyen plastik. Etid yo montre resous petwòl yo pa lwen fini.
Nou dwe sispann bwè koka kola. Tout sa ki anvlope yo se pwazon. Sigarèt se pwazon. Lontan lakay mwen se fèy bannann ki te itilize pou yo toufe manje, jodi a se sachè, anmweyyy ! Nou pa dwe itilize bagay sa yo. Pa bwè bagay klase, cho, ni manje nan plastik, se pwazon. Pa manje nan estiwofòm yo. Yon estiwofòm pran mil ane pou li degrade. Si nou vle konbat sistèm kapitalis la fòk nou chanje konpòtman nou pandan n ap sispann itilize pwodui yo k ap degrade anviwònman an ak pwovoke tout kalite maladi lakay nou. Li enpòtan pou jèn yo defini yon ansanm pèspektiv nan byennèt anviwònman an. Mèsi anpil !
Boutofen
- Edike jèn yo pou yo konnen move kote itilizasyon dechè plastik yo ;
- Fè sansibilizasyon sou anviwònman an ;
- Resikle dechè plastik yo ;
- Fòse Leta pran responsabilite li sou anviwònman an k ap depafini a ;
- Sosyete sivil la oswa Leta dwe devlope pwojè atizanal nan resikle ak kreye lòt eleman altènatif ;
- Kreye tchalenj sou prezèvasyon ak konsèvasyon eleman kiltirèl yo nan pwoteje anviwònman an ;
- Fè konkou katye ki pi pwòp san dechè plastik ;
- Retounen avèk liv enstriksyon sivik ak moral nan devlope yon kilti apatenans an Ayiti.