Femmes MPP, Realisations

Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan jounen entènasyonal kont vyolans sou  fanm ak tifi

Devan pòt la.

Mouvman Peyizan Papay (MPP) reyalize yon gwo rasanbleman nan Sant Lakay Papay, nan dat 25 novanm 2025, anba tèm : goumen kont vyolans sou fanm ak tifi se aksyon tout sitwayen onèt. Se yon rasanblman ki fèt nan okazyon jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm ak tifi. Plizyè dizèn militan òganizasyon an reponn prezan. Nan jounen sa a te genyen yon pwogramasyon ki vrèman rich, tankou : yon mistik revolisyonè sou pratik vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi nan sosyete ayisyen an. Se yon pratik ki dwe kondane ak denonse bò kote tout kouch sosyal nan peyi a. Li dekri tou liberasyon peyi a pa kapab fèt san patisipasyon ak emansipasyon fanm yo. Anplis, Im Desalinyen an ; Im MPP ; Im fanm yo ; yon minit silans nan memwa tout fanm ki tonbe nan lit pou chanjman sosyal la, mo byenvini Neltha Julien (kòdonatris mouvman fanm MPP) ; animasyon kiltirèl – gwoup Ibolele ; konferans ; sosyodram Pre-Pepinyè Jèn Travayè Peyizan (PPJTP) sou : goumen kont vyolans sou fanm ak tifi pa yon favè se yon obligasyon. Pa fè silans lè genyen vyolans se denonse l ; powèt Wanberly Belille – deklame pou li montre enpòtans fanm yo epi felisite kouraj yo ; pawòl fondatè MPP an nan okzasyon an – Chavannes Jean Baptiste ; Gislaine Saint-Fleur nan mo remèsiman ; deklarasyon final. Se yon jounen ki reyalize sou animasyon Nandcie Pierre.

Neltha Julien (kòdonatris mouvman fanm MPP) nan mo byenvini.

Bonjou chak kamarad ki prezan nan okazyon jounen entènasyonal lit kont vyolans sou fanm ak tifi.  M ap pwofite salye fondatè MPP an, pwofesè nou, zanmi nou, frè nou, kamarad Chavannes Jean Baptiste. Yon gwo chapo pou mouvman fanm MPP nan kouraj ak detèminasyon yo, nan travay fòmasyon y ap fè ki chita sou edikasyon popilè atravè emisyon Fanm poto mitan. Fòmasyon pwofesyonèl pou ede fanm yo genyen pwòp otonomi finansye yo, pou yo pa oblije sou kont gason nan tout bagay. Jounen sa se viktwa kont tout fòm diskriminasyon, eksplwatasyon, eksklizyon k ap fèt sou fanm ak tifi. Se yon jounen pou nou angaje nou yon lòt fwa nan batay pou egalite fanm ak gason san fòs kote. Nan sans sa, m ap di tout moun, espesyalman fanm yo, byenvini nan sant lakay !

Rezime konferans Juslène Tyrésias (kòdonatris pwojè nan MPP) ak Gislaine Saint-Fleur (kòdonatris powgram Fanm nan MPP).

Se yon bat bouch ki fèt sou relasyon ki genyen antre kolonizasyon mantal ak pratik vyolans. Kolonizasyon se moman yon peyi anvayi yon lòt peyi nan objektif pou li fè piyaj, eksplwatasyon moun ak byen materyèl. Menm jan sa te pase an Ayiti nan peryòd XVe syèk la. Se peryòd kolonizasyon espanyòl. Se te yon fòm kolonizasyon fizik kote moun ki te abite nan espas la te sèvi kòm esklav. Kolonizasyon sa te kontribye nan touye majorite moun ki t ap viv yo, konsa yo te oblije ale chache resous moun nan kontinan Afriken an. Pami nan moun sa yo te esklavajize a te revolte kont move trètman kolon blan yo.

Jodi a, li enpòtan pou nou konprann kolonizasyon an pa fizik senpman men li mantal.  Konpòtman nou montre, nou prèske pa moun ankò jan mizik la di sa a. Modèl kolonizasyon sa fè nou mete sou kote tout sa nou genyen kòm valè ak eleman kiltirèl. Nou pa aksepte koulè nou, lang nou, mizik nou, abiman nou, manje nou pwodui yo. Pa genyen pi gwo esklavaj pase sa a. Nou dwe konnen si zansèt nou yo te genyen konpòtman sa yo pa t ap genyen batay pou nou pran endepandans nou. Kolonizasyon mantal la ki kontribye nan mete nou nan eta sa a. Vyolans lan, nou fè li, nou bay li tete, pandan y ap fè nou kwè y ap batay kont vyolans. Pyès kote nan lemonn pa respekte nou. Yo pa deside bay ayisyen viza.  Nou menm vann tout sa nou posede pou nou ale viv nan lòt peyi.

Peyi a tounen yon lanfè pou nou. Yo itilize pwòp ayisyen parèy nou pou yo maltrete nou. Pa genyen pi gwo kolonizasyon pase sa a. Kilè n ap tounen nan idantite nou ? Èske nou santi nou se moun ? Nou rive nan nivo ki pi ba. Nou menm rive nan nivo n ap voye ti bebe nan dife. Legliz, lekòl fè nou tounen mouton, nou aksepte tout bagay. Kolonizasyon mantal la travèse tout kouch sosyal nan peyi a. Legliz fè nou kwè nou pa dwe leve tèt nou. Lekòl la pa bobo reyalite nou. Nou dwe fè diferans ant moun ak sitwayen. Chache moun men pa genyen anpil sitwayen. Yon sitwayen se yon moun ki konsyan k ap batay pou transfòmasyon sosyal la.

Moman rive pou nou ranmase eskanp figi nou. Genyen anpil valè k ap transmèt, n ap kopye se rezilta kolonizasyon an. Jenerasyon k ap vini a genyen pou li kesyone kisa nou te fè pou nou pa rive la. Fòk nou konprann kolon yo ap travay pou yo divize nou. Yo transfòme sosyete a nan yon sosyete konsomasyon. Se pwazon n ap konsome chak jou. Genyen zòn moun yo prèske pa konsome pwodui lokal yo ankò. Nan diri n ap manje yo plen plastik. Anpil nan sa n ap denonse yo dirijan nan Leta yo, se yo, yo konsome […]

Pou Gislaine Saint-Fleur : jodi a, nou pa genyen chèn nan men ak pye nou men li nan sèvo nou. Se youn nan pwoblèm absans altènatif nan sitiyasyon kriz plizyè dimansyon n ap viv la. Nou krache sou tout sa nou genyen, pandan n ap fè pwomosyon pou lòt peyi, lòt eleman kiltirèl. Anpil jèn fanm ak gason ap chanje koulè yo. Yo pa aksepte koulè po yo. Nou pa itilize pwodui atizanal nou yo. Lontan nou te abitye di : yon sèl dwèt pa manje kalalou, men anpil chay pa lou ; nen pran kou je kouri dlo. Nou mete tout batay sa yo sou kote. Tout pratik sa yo pa valorize ankò. Nou pa kwè se nou menm ki pou chanje peyi a. Nou neglije tout sa k ap bon pou nou pandan n ap anbwaze tout s ak pa bon pou nou yo. Nou dyabolize tout ansyen pratik gastwonomik nou yo, tankou : manje nan kuiy, manje tchaka, elatriye. Se yon ansanm move mit yo mete nan tèt nou. Pou nou rive retire move mit sa yo, se travay edikasyon popilè. Tounen nan rasin nou, chache konnen istwa nou. Retire lide ki fè kwè nou se yon peyi ki pòv. Tounen nan pratik solidarite a. Fòme karaktè timoun yo depi nan fanmi a. Fòme yo pou yo genyen lanmou pou peyi yo. Ranfòse kapasite analiz nou nan konprann rezon youn pa vle wè lòt la. Sispann voye move imaj sou peyi a. Leve timoun yo san prejije sèks.

Rezime entèvansyon sou analiz sitiyasyon malouk peyi d Ayiti.

Questamène Cenor, manm kòdinasyon fanm potomitan, manm seksyon edikasyon MPP ak animatris MPP ; Iselande Alexandre, manm kòdinasyon pwogram jèn MPP ; moderatris – Néhémie Emmanuella D. Germain, manm kòdinasyon pwogram jèn MPP. Yo montre peyi d Ayiti ap travẻse yon kriz sou tout plan, tankou : politik, ekonomik, sosyal, ideyolojik ak kiltirèl. Se prèv ki montre enstitisyon Leta yo prèske pa egziste ankò. Ensekirite ap vale teren, pẻp la ap viv nan grangou, chomaj ak laperèz, sitiyasyon difisil sa  mete lavi popilasyon an an danje, sitou fanm ak tifi, ki parèt plis vilnerab nan sosyete nou an. Y ap viv anba gwo presyon ak vyolans. Amelyore sitiyasyon y ap viv nan peyi a, se pa travay yon grenn oubyen yon gwoup moun. Se pito responsabilite chak sitwayen. ansanm nou kapab konbat ensekirite a ak relanse ekonomi a ; refòme sistẻm edikatif la, epi rekonstri yon Ayiti kote ki genyen estabilite. Nan sans sa, se nan onètete, nan lanmou ak respẻ pou peyi a, nou kapab soti nan stiyasyon malouk sa a pou n mete peyi a sou ray devlòpman ekonomik kominotè ak diyite. Fanm yo leve kanpe pou n defann dwa nou pandan n ap ranpli devwa nou kòm sitwayen peyi a, chanjman sosyal la pa p posib san patisipayon nou, an n kontinye angaje nou !

Rezime entèvansyon sou tèm – relasyon miwo miba ant fanm ak gason.

Jesula Saint-Fleur, manm ekip fanm potomitan, Mac Stéphanie G. Emmanuel, manm kòdinasyon pwogram jèn MPP, moderatris Iselande Alexandre, manm kòdinasyon pwogram jèn MPP. Yo pwodui yon refleksyon solid ki montre rapò miwo miba ki genyen antre fanm ak gason nan sosyete a. Yo fè yon analiz nan nivo politik, ekonomik ak sosyal. Refleksyon an bout kote yo fè kèk rekòmandasyon, pami yo : paran yo dwe byen trete timoun tankou moun ; aprann yo òganize lavi yo ; òganize nou pou n chanje kondisyon lavi nou ; batay pou n genyen yon Leta k ap travay pou li fè dwa chak moun respekte e pou jistis sosyal blayi.

Pawòl fondatè MPP – Chavannes Jean Baptiste.

 jodi a, se 25 novanm, nou pran abitid nan MPP chak 25 novanm pou nou reflechi ansanm. Se pa prezans fanm senpman men gason yo tou. Sistèm patriyakal la chita plis sou gason pase fanm. Nou menm nan MPP nou genyen devwa pou nou defann fanm yo, valorize travay yo, goumen pou yo jwenn plas yo merite nan sosyete a. MPP toujou pran defans dwa fanm yo. Nan MPP, depi nan kongrè 50 tyèm nan, li mete fanm ak gason nan menm fonksyon sosyal. MPP se premye defansè fanm yo. Nan filozofi MPP fanm yo genyen plis enpòtans pase gason yo men batay nou se pa pou youn genyen plis enpòtans pase lòt, se pou dwa yo respekte.

Nou konstate souvan fanm yo nan kase fèy kouvri sa a. Yo pè pale sou vyolans y ap sibi yo. Se yon vyolasyon nan prensip MPP si yon fanm ap sibi vyolans pou li pa denonse sa a.

MPP ap konfwonte yon pwoblèm bò kote gwoupman fanm yo. Rapò ki soti nan kongrè a montre mouvman fanm nan ap degrenngole. Menm si nou konstate genyen plis fanm nan òganizasyon an pase gason. Pou ane 2025 lan, òganizasyon ki reyini nasyon yo (ONU), li mansyone genyen 54 000 egzanp fanm ki sibi vyolans nan peyi a. Nan fenomèn banditis la se fanm ak tifi yo ki sibi plis vyolans. Genyen yon gwo lòt vyolans y ap sibi se nan mouri grangou. Leta pa di anyen pou yo. Reyalite a montre pa genyen Leta an Ayiti. Si genyen Leta se pa zafè popilasyon an l ap regle. Se yon Leta gang. Nou dwe konstri Leta nou. Batay pou nou chanje Leta sila a.

Youn nan obligasyon nou genyen se ankouraje sitwayen yo òganize yo. Jèn yo dwe entegre òganizasyon pwogresis yo. Genyen yon bèl aktivite ki fèt nan sal sa a nan dat 22 novanm 2025 lan, se relansman Pre-Pepinyè Jèn travayè Peyizan (PPJTP ) ak Pepinyè Jèn Travayè Peyizan (PJTP). Se yon evènman ki reyalize sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn MPP an. Nan sans sa, nou dwe rekòmanse nan rasin nan.

Li enpòtan pou fanm yo defann dwa yo. Fanm yo okipe majorite gwo plas yo nan MPP. Gany sa kapab pèdi si nou pa ankouraje timoun yo antre nan PPJTP ak PJTP. Depi timoun nan genyen 5 ane, li kapab antre nan òganizasyon an. Nou konprann se tout yon pwosesis edikasyon. Fanm MPP yo genyen yon devwa pou yo fè plis moun entegre gwoupman yo. Nou swete n ap kontinye reziste nan plis fòs, yon fason pou nou rive chanje sitiyasyon malouk n ap viv la. Nou salye jefò tout fanm yo. Bon travay !

Boutofen

Gislaine Saint-Fleur voye mo remèsiman li bay tout moun ki fè deplasman, gwoup Ibolele, laprès, tanbourinè yo, responsab son – DJ Makendy, panelis yo, Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP) ki fè mistik revolisyonè, Fabienne Hiassainte (sipòtè aktivite a), omaj pou manm MPP Amonia Belzi, Chavannes Jean Baptiste, elatriye. Se yon evènman sosyokiltirèl ki fini nan manje ak bwè ansanm. Pratik manje ansanm nan senbolize konfyans, lanmou, respè youn pou lòt. Li kontribye nan soude nou youn ak lòt.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions