Realisations

Madi 29 jiyè 2025 : ouvèti ofisyèl 27yèm edisyon Kan Nasyonal Souverènte Alimantè nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Devan pòt la.

Jèn yo debou pou n bati lapè ! Se nan eslogan sa a 27yèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a reyalize nan sant lakay Papay soti 28 Jiyè rive 3 Dawout 2025. Objektif kan an se ede jèn yo konprann okenn peyi sou planèt tè a pa p kapab devlope san li pa granmoun nan zafè manje pou li jere pitit li yo. Anviwon 250 jèn fanm ak jèn gason vini patisipe pandan y ap reflechi sou tèm : jèn yo, an n angaje n nan konstriksyon yon pwojè lavi. Lendi 28 Jiyè 2025, nan aprè midi, komite kòdinasyon kan an sou lidèship kòdonatris pwogram jèn MPP – Nadège Saintil, resevwa jèn yo nan yon anbyans lakontantman nan lokal Sant lakay Papay. Nan aprè midi sa a, chak manm kòdinasyon kan an fè yon kout prezantasyon devan jèn yo. Prezante yo kòdonatè ak kòdonatris chak sou komite kan an. Pale jèn yo sou ansanm prensip yo dwe respekte pandan moman y ap pase a. Preparasyon mistik ouvèti a sou direksyon Edmond Mathieu ak Emmanuella D. Germain.

Madi 29 jiyè 2025, mèt seremoni yo – Nandcie Pierre ak Diodat Elie, ofisyèlman louvri kan an.  Pandan jounen sa a, te genyen son rasanbleman, animasyon chante. Yon mistik revolisyonè ki dekri rezistans Kako yo nan batay kont okipasyon ameriken nan dat 28 jiyè 1915-1920. Lojik rezistans Charlemagne Péralte depi nan distri Lewogàn […] Nan mistik sa a yo chante yon chante MPP ki genyen tit : nou pa p bay legen nan batay la. Anplis, Im nasyonal peyi a, Im MPP, Im JTP (Jèn Travayè Peyizan), Im entènasyonal sosyalis. Mo direksyon egzekitif MPP – Mulaire Michel. Mo kòdinasyon jeneral JTP – Emmanès Michel ak Aline Garconvil. Prezantasyon yon kout istwa sou objektif ak tèm kan an – Chavannes Jean Baptiste. Yon analiz sou konjonkti sosyopolitik la – Faudeline Florelus ak Philfrant St-Narré. Konferans sou enpak okipasyon ameriken sou sitiyasyon Ayiti – Bedouby Nobert. Konferans sou kilti kòm zouti pou chanjman sosyal – Emmanuella D. Germain ak Malachy Bastien. Nan bout jounen an, monte atelye travay yo ak yon sware rekreyatif.

https://www.facebook.com/share/v/1K93ngodWh

Mo Mulaire Michel nan non direksyon egzekitif MPP.

Bonjou jèn yo, genyen 3 moun ki soti nan depatman sant. Tout jèn ki soti nan depatman sa a leve men pou mwen. Bonjou jèn ki soti nan depatman Latibonit, Nò, Lwès, Nip, Nòdwès, sidès, Grandans, Nòdès ? […] Se yon kan k ap fèt depi nan ane 1998. Menm jan yo di li non pa m se Mulaire Michel. Mwen se manm ekip teknik MPP […] Mwen soti depi nan baz la, nan kreyasyon JTP nan ane 1979. Tèm kan an, jèn yo, an n angaje n nan konstriksyon yon pwojè lavi. Jèn yo ki prezan mwen ta renmen konnen si nou angaje nou nan konstriksyon yon pwojè lavi. Nan done estatistik yo, jèn yo plis nan peyi a. Nou dwe angaje nou nan konstriksyon yon pwojè lavi. Yon pwojè k ap chita nan konstriksyon yon Ayiti granmoun, souveren […] Se yon kan solidarite, aprantisay, se pa yon kan menm jan lòt yo k ap fèt nan peyi a. Mwen santi m kontan pou m prezan ak nou, menm si mwen pa p kapab la pandan tout moman yo nèt parapò yon ansanm kontrent mwen genyen. Mwen envite nou ale pataje sa nou jwenn yo avèk lòt jèn nan òganizasyon nou. Mwen swete nou yon lòt fwa byenvini !

https://www.facebook.com/share/v/15QnEbBknP

Mo Emmanès Michel, kòdonatè jeneral JTP.

Zanmi kanmarad k ap koute nou sou radyo Vwa Peyizan, 93.9 FM ak sila yo ki sou fesbouk la bonswa. Nan non tout kòdinasyon santral jèn MPP, n ap di tout delege yo byen vini lakay yo. Ane sa ankò malgre kontèks difisil peyi a ap travèse, nou deside reyini pou n bwase lide sou tèm : « Jèn yo, an n angaje n nan konstriksyon yon pwojè lavi », ki pou nou sèl kote fòs nou chita. Se nan sans sa, MPP gen yon chante ki di ‘’Jèn yo angaje’’, paske si nou pa angaje nou jodi a, demen nou pa bezwen espere anyen nan peyi nou tout reve a. Yon peyi kote lèt ak myèl ap koule. Kòm kòdonatè jèn nan MPP, n ap di nou tout delege yo ki prezan nan kan ane sa KOURAJ. Kouraj sa se pa paske n ap preche nou reziyasyon, ni fè nou kwè nan yon ilizyon jan legliz yo ap fè a. Kouraj sa se pou di nou gen lespwa toujou si nou tout dakò makònen fòs nou pou n di non nan tout sa nou pa dakò yo. Kouraj ak ensekirite planifye sa a. Kouraj nan okipasyon makiye. Kouraj nan move distribisyon richès peyi a. Kouraj pou jèn k ap kite peyi a nan ale imilye kay vwazen an, elatriye.

Pou fini, n ap adrese nou dirèkteman ak otorite yo nan pi wo nivo Leta a, espesyalman sila yo ki plase pou bay jistis nan peyi a. Nou mande jistis ak reparasyon pou tout jèn gason ak jèn fanm ki tonbe nan batay pou chanjman ti bout tè Papa Dessalines nan. Ayibobo tout jèn ki malgre machin lanmò planifye ki sou peyi a kote pyès moun pa epanye men ki brave danje pou yo vini kontinye pale yon pawòl lespwa nou tout te abitye ap pale lontan. Se yon fason pou nou wè kòman n ap pote kole nan rive libere bout tè papa nanchon an. Viv yon Ayiti granmoun kote tout pitit li fyè pou rete viv ladan li !

Mo Aline Garconvil, kòdonatris jeneral JTP.

Non pa m se Aline Garconvil, kòdonatris Jèn Travayè Peyizan (JTP). Moun ki soti nan diferan òganizasyon andedan peyi a tankou : MPP, MPNKP, Brigad Desalin ak tout lòt òganizasyon nou pa site yo BONJOU ! Ane sa a fè 27 tyèm fwa MPP òganize yon kan souverènte alimantè ki ouvè ak jèn ki soti nan òganizasyon sosyal k ap travay pou bati yon lòt Ayiti. Yon Ayiti kote tout fòm eksplwatasyon ak dominasyon kaba. Tèm ane sa se : Jèn yo, an n angaje n nan konstriksyon lavi’’. Eslogan se : ‘’Jèn yo debou pou n bati lapè’’. Toujou sonje se yon kan fòmasyon, se yon kan travay, kote tout delege yo dwe patisipe nan tout aktivite kan an, pandan y ap respekte tout prensip yo paske depi nou di òganizasyon nou di prensip ak disiplin. San prensip ak disiplin pa gen okenn chans pou nou konstrui lòt Ayiti nou reve a, sa vle di yon AYITI SOSYALIS. Nou swete tout moun bon jan patisipasyon nan 27 tyèm edisyon Kan Nasyonal Souverènte Alimantè a. Nan non Jèn Travayè Peyizan (JTP), nou deklare ofisyèlman KAN LOUVRI.

Mo Chavannes Jean Baptiste, fondatè MPP, sou pètinans tèm kan an.

Yon minit silans nan memwa tout jèn ki tonbe nan batay pou liberasyon peyi a. Yon lòt fwa mwen salye tout jèn ki prezan. Yo prezan nan yon kontèks difisil. Poukisa depi 27 ane, MPP deside fè yon kan nasyonal souverènte alimantè. Kiyès ki konnen kisa ONU ye ? Kisa FAO vle di. Nan ane 1996, FAO òganize yon woumble sou alimantasyon. Nan woumble sa a yo envite plizye òganizasyon, pami yo yon òganizasyon MPP manm fondatè li ki fonde nan peyi Bèljik, li  rele La Via Campesina (LVC). Li defini kòm chemen peyizan yo. Li rasanble òganizasyon peyizan nan tout kontinan yo. Nan ane 1996, FAO envite LVC nan vil Wòm. Nan woumble sa a yo t ap pale sou sekirite alimantè. Nan okazyon sa a, LVC deside pale pito sou souverènte alimantè. Kilè yon peyi souveren ? Èske Ayiti genyen souverènte alimantè ?

Jodi a, Ayiti se yon peyi restavèk nan zafè manje. Vant nou anpwazonnen nan manje manje pèpè […] Li enpòtan pou nou aplike souverènte alimantè a. Souverènte alimantè, se dwa chak pèp genyen pou yo pwodui pwòp manje yo, manje ki sen, ki respekte kilti yo. Nan ane 2007, ansanm òganizasyon ki nan LVC yo reyalize yon konferans nan peyi Mali. Nan okazyon sa a nou bati plis pase 500 ti kay, kote nou resevwa 500 delege. Konferans sa a batize Nyeleni […] Depi 2007, LVC ap pwonnen vizyon souverènte alimantè a. Yon fason pou sosyete yo pa viv nan depandans, pou yo kapab granmoun pwòp tèt yo. Genyen de kalite agrikilti, agrikilti endistriyèl ak agwoekoloji peyizan an. N ap defann agwoekoloji peyizan an.Depi 1998, nou rele kan sa a, kan souverènte alimantè. Nou kontinye ap mennen lit la paske se inik mwayen pou nou konbat grangou sou planèt la. Mwayen nou genyen pou nou reyalize li se nan agwoekoloji peyizan. Poukisa nou chwazi tèm sa a ? Nan ki kontèks ?

Nan MPP, depi ane 1998, nou deside reyalize premye kan sou souverènte alimantè kote nou reyini jèn lavil ak andeyò. Jèn lavil yo dwe angaje yo nan lit sa a. Yon fason pou nou reflechi ansanm. Ane sa a, se 27 tyèm edisyon li. Chak ane li bati sou yon tèm. Poukisa tèm sa a ? Èske an Ayiti n ap peri ? Si nou di yon pwojè lavi sa vle di nou nan yon pwojè lanmò. An Ayiti, jodi a, depi yon bon bout tan, se represay, lanmò, kidnapping, ensekirite, dappiyanp sou tè peyizan yo, elatriye. Li enpòtan pou n frennen tren lanmò k ap anvayi nou an. Anpil moun ap mouri toupatou, chak jou san ap koule, masak sou masak. Machin lanmò touye plizyè milye moun. Li kontinye ap vale teren chak jou pi plis. Plis pase 2 milyon sitwayen Ayisyen oblije kite kay yo pou yo chape poul yo anba machine lanmò a. Jodi a, Komin Sodo, Laskawobas, Mibalè, genyen plis pase 50 mil moun ki kouri kite kay yo, ki vin viv nan wo plato. Anpil fanm ansent, timoun ak granmoun ap viv kay lòt moun, elatriye. Nan Latibonit se menm jan, tankou nan Machan Desalin, Lyankou, Lachapèl. Genyen anpil moun k ap mouri tou nan grangou, nan estrès […] Plizyè milye ayisyen ale pran swen nan Repiblik Dominikèn anba gwo imilyazyon. Sòti oktòb rive jiyè 2025, Prezidan Abinadè arete plis pase 300 mil ayisyen nan peyi Repiblik Dominikèn. Anpil ayisyen pati kite peyi a, 200 mil ayisyen ale nan pwogram Biden. Anpil nan yo ap viv nan kache nan peyi Etazini. Ayisyen ap viv nan lanfè anpil kote nan lemonn.

Nan sans sa, komite k ap òganize kan an deside trete tèm sa a. Kiyès ki genyen responsabilite nan fason n ap viv epi trete nou nan lemonn ? Se responsabilite Leta. Menm si pa genyen Leta an Ayiti. Sepandan, li egziste kanmenm nan bati yon pwojè lanmò kont nou. Jodi a, genyen yon pouvwa gang ki monte nan peyi a, sitou prezans Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an. Se yon pouvwa k ap batay kont pèp la, se yon pouvwa oligajik sou direksyon core group k ap alimante machine lanmò. Se pa pèp la ki mete pouvwa sa a, sepousa, san pèp la ap koule san yo pa di anyen. Misyon y ap egzekite se kontinye fè okipasyon pran plis rasin. Yo fabrike yon konstitisyon san patisipasyon pèp la. Y ap egzekite yon misyon ki pa misyon pèp la. Yo anvi fè eleksyon bidon nan lide pou yo fè dappiyanp sou richès peyi a. Yo elabore yon bidjè lagè, san nou pa konnen avèk kiyès peyi nou nan lagè. Yo monte yon pwojè divizyon pou yo fè n ap batay youn kont lòt. Dat 28 jiyè 2025, li fè 110 okipasyon meriken. KPT an pa tire leson sou kriz sosyo-istorik yo, sitou nan ale siyen yon kontra ak yon konpayi sekirite prive etranje ki rele Black Wather. Konpayi sa fè anpil krim nan plizyè peyi tankou Irak. Kontra sa se pou  yo fè vini 150 mèsenè pou touye gang yo. Pawòl sa se yon Blag ! Black Wather ki se konpayi prive Éric Prince mande pou Leta ayisyen bay yo kontwole dwàn ak pò yo nan peyi a pandan 20 ane. Éric Prince se bon zanmi prezidan Donald trump.

Latwoublay sosyopolitik ki kreye nan peyi a se yon konplo mafya nasyonal ak entènasyonal. Nan sans sa, genyen yon ijans pou jèn yo konprann reyalite sa a pandan y ap fè edikasyon popilè, kontinye pran fòmasyon politik ak ideyolojik nan konsyantize lòt moun andedan peyi a. Edikasyon popilè a se zam k ap itilize nan pale koze lespwa nan peyi a. Pwojè lespwa ak lapè a ap tabli lè nou fin kraze sistèm kapitalis la nan bati yon Ayiti sosyalis. Fòk genyen jistis sosyal, bon jan kondisyon pou jèn sispann antre nan gang. Sepousa, jèn yo dwe angaje yo nan batay politik la nan bati yon pwojè lapè. Jèn yo dwe antre nan pati politik lagoch revolisyonè yo. Jèn yo dwe debou nan zafè agwoekoloji, debou nan zafè souverènte alimantè, debou nan batay kont chanjman konstitisyon an. Konstriksyon lapè a se konstrui yon Ayiti soveren ekonomikman, politikman, sosyalman ak kiltirèlman.

Faudeline Florelus ak Philfrant St-Narré sou analiz konjonkti sosyopolitik la.

https://www.facebook.com/share/v/1CrPWcQfEj

Analiz konjonkti a se yon egzamen oswa yon etid ki fèt sou yon fenomèn byen detèmine. Li sèvi kòm zouti k ap pèmèt nou konprann kèk aspè nan yon fenomèn. Li kapab reyalize sou plizye tèm, tankou : kilti, anviwònman, politik, sosyal ak ekonomik. Nan nenpòt tèm sa yo l ap pèmèt nou konprann yon aspè nan reyalite a.

Jodi a, nenpòt ayisyen k ap viv nan peyi a oswa aletranje, yo preyokipe sou ansanm pwoblèm k ap pase nan peyi a. Pwoblèm peyi a anpil, li kapab prezante sou yon pakèt aspè. Nou pa p kapab analize tout fenomèn k ap pase yo. Nan sans sa, mwen ta renmen nou di ki fenomèn ki enterese nou. Pawòl nou tout enpòtan nan analize kèk aspè nan reyalite a ansanm. Pami pwopozisyon pwen diskisyon yo :

  • Pale sou fenomèn ensekirite k ap pase nan peyi a ;
  • Analize nannan koz ensekirite a ;
  • Pale sou Akò Montana, wòl yo nan gouvènman ;
  • Dekri kòman nou kapab jwenn yon pèspektiv nan dinamik depandans  core group peyi a ye la ;
  • Diskite sou pwojè konstitisyon yo vle soumèt nou ak okipasyon ameriken an ;
  • Enpak arestasyon Reginald Boulos, revokasyon viza mèt André Michel nan peyi Etazini.

Estrateji nan plante kawo a : kontwole pouvwa politik, jidisyè, lejislatif ak Lame a,  fè eleksyon pike kole, konvèti ajan militè peyi a an CIA,  koripsyon (laprès…), distribisyon zam nan monte ajan paramilitè (makout, grigri [Manigat], chimè [Aristide], Bandi legal [Prezidan Mateli ak Jovenel Moise]). Se yon ansanm mekanis kontwòl pou yo domine, eksplwate yon peyi. Pafwa yo itilize lòt peyi nan destabilize yon lòt, tankou (Izayèl ak Palestin) ; fòse popilasyon an deplase sitou lè yo bezwen genyen kontwòl yon espas minye.

  • Pami kesyon patisipan yo.
  1. Kisa nou dwe fè pou n soti nan sitiyasyon malouk nou ye la ?
  2. 2- Kòman aktè yo kapab sansibilize gang yo pou n rive konstrui yon pwojè lavi ?
  3. 3- Ki mezi ki te pran pou nou pa t rive kote nou ye la ?

Rezime entèvansyon Bedouby Nobert.

Asasina Vilbrun Guillaume Sam nan se te yon fo pretèks pou chèf marin ameriken an, Amiral Caperton te anvayi peyi d Ayiti. Desizyon Etazini pran pou li anvayi peyi a pa t yon aza, li te gen plizyè ane depi yo t ap prepare li. Li enskri nan yon demach kote Tonton Sam t ap devlope nan dezyèm mwatye 19e syèk la, kote Etazini, Lafrans, Angletè ak Almay t ap twoke kòn yo nan peyi d ayiti. Peyi sa yo pa tande, yo pa wè lòt bagay se envesti lajan nan lòt peyi pou yo fè plis lajan, epi piye richès lòt peyi. Se nan sans sa, depatman Leta ameriken te mete kanpe yon politik dominasyon sou tout Amerik la. Se sa ki fè soti nan ane 1867 pou rive 1900, Etazini poze lapat sou anviwon 50 zile nan pasifik la. Nan ane 1898 li pran Pòtoriko ; an 1905 li pran Panama ; 1898 li pran Kiba ; 1909 li pran Nikaragwa ; 1915 li pran Ayiti, epi li pran Sendomeng 1916, menm ane a li achte Ilvyèj. Kidonk se rezon ekonomik, politik ki lakoz lokipasyon an. Enstabilite politik nan peryòd la se te yon pretèks politik pou blan meriken okipe peyi a. Pou yon ansanm otè tankou : Dantès Bellegarde, Suzie Castor, Michel Hector, Jean Casimir lese kwè okipasyon meriken an gen gwo konsekans moral, ekonomik, sosyal ak politik sou peyi a.

Sou plan sosyal, kondisyon materyèl egzistans mas yo te malouk anpil paske olye pou yo kreye kondisyon nan satisfè bezwen mas yo, lajan peyi a te ale dirèkteman nan pòch konpayi yo. Lamizè te gaye nan 4 kwen peyi a, peyizan  yo te lage 2 bwa pandye. Jounen jodi a, si bezwen sosyal mas la pa satisfè se paske Etazini piye peyi a soti 1915 pou bout jounen jodi a.

Sou plan politik, aprè elimininasyon mouvman kako yo, pouvwa santre nan nivo pòtoprens, sa lakoz mouvman popilè yo vin konsantre nan gran vil yo, espesyalman nan pòtoprens. Mouvman peyizan fè bak, kote li soti nan pran zam pou li tonbe nan pankat. Okipasyon ameriken 1915 lan fè peyi a tounen jaden Etazini. Ayiti pèdi dwa grandèt majè. Se Etazini k ap deside pou Ayiti. Si peyi a nan eta sa a, Etazini responsab paske depi 1915, se li ki mete prezidan nan peyi a, sof premye vèsyon Aristide la.

Nan zafè anviwònman okipasyon meriken an lage anviwònman peyi a sou lagraba. Se youn nan peyòd sa kouvèti vejetal ak forestye Ayiti te plis detrui, paske pou tabli zòn franch yo se sou plizyè milye kawo tè. Tè sa yo se espas ki te bwaze. Mete sou sa genyen konpayi prensipal aktivite yo se te eksplwatasyon bwa. Blan meriken te enplike tou nan kanpay rejete legliz katolik t ap mennen kont vodou nan peyi a. Nan kanpay sa legliz te koupe anpil pye bwa nan peyi a sou pretèks y ap chase lwa. Kidonk okipasyon meriken an pa inosan nan dezas ekolojik ki genyen Ayiti jounen jodi a.

Nan zafè ekonomi, okipasyon peyi a bay ekonomi a yon lòt oryantasyon ki nan enterè Tonton Sam. Pwodiksyon ki se prensipal baz ekonomi nou tonbe plat atè. Ekonomi peyizan yo kraze nan enterè zòn franch konpayi etranje yo. Koripsyon an ap taye banda nan administrasyon piblik la […]

Boutofen, premye jounen ouvèti ofisyèl kan an te fini nan yon ansanm refleksyon ki vrèman rich. Plizyè patisipan te eksprime lakontantman yo. Nan 27 tyèm edisyon kan an pou ane 2025 lan, MPP konprann jèn yo dwe angaje yo nan konstriksyon yon pwojè lavi parapò pwojè lanmò mafya nasyonal ak entènasyonal, Leta an Ayiti ak konze yo ap aplike sou peyi d Ayiti. MPP konprann se yon ijans pou jèn yo angaje yo nan fè edikasyon popilè, konsyantize lòt kouch sosyal andedan sosyete a nan bati pwojè lavi sa a ki chita sou sosyalis la ak sivilizasyon peyizan an.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions