Entegrasyon ak angajman jèn yo nan MPP
Nan lento pòt la.
Sòti 21 pou rive 27 dawout 2023, plis pase pase 400 jèn te rasanble nan zòn Papay, twazyèm seksyon kominal Ench lan, espesyalman nan lokal Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan. Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, depi 25 ane ap òganize kan souverènte alimantè pou jèn yo. Se yon kan ki te fèt anba tèm : jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan menm ane sa a, MPP te selebre 50 ane egzistans li anba tèm : MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan okazyon ouvèti ofisyèl kan an nan dat 22 dawout 2023, Sovenie Jean-Baptiste ak Diodat Elie te pale sou istwa Jèn Travayè Peyizan (JTP) an, epi sou angajman jèn yo nan MPP.
Enpòtans Jèn yo nan MPP.
Kamarad Diodat Elie souliye, mouvman jèn nan, se avni MPP, jèn yo se sous enèjetik MPP. Manm fondatè MPP an – Chavannes Jean-Baptiste fin travay, kounya se pou li chita kwaze pye li ap gade jèn yo k ap fè òganizayon an vanse nan tout nivo. Fason tou y ap batay pou chanjman sosyal an Ayiti. Menm jan kamarad Phanphan [Philfrant St- Naré] te ka di l : « fè tankou papa w ». Chavannes Jean-Baptiste kwè se pou jèn yo tout envesisman sa yo fèt, sa vle di nan fè yo pran fòmasyon nan peyi a, kou lòt bò dlo. Jodi a, tout moun k ap travay nan MPP yo sòti nan gwoupman, tankou : Direktris MPP, Philfrant St-Naré, Mulaire Michel, Questamène Cenor, Alexandre Placide, Guerda Mogelin, elatriye.
Non sèlman Chavannes Jean-Baptiste fòme jèn yo pou yo dirije MPP, men tou li fòme yo sou plan politik ak ideyolojik. Li fòme yo pou yo mennen Ayiti epi angaje yo nan konstri yon Ayiti granmoun kote tout moun se moun, pou tout moun genyen menm dwa pou yo viv nan byennèt sosyoekonomik ak anviwònmantal.
Jèn MPP yo ap travay pou yo bay kilti a jarèt. Poukisa nou di jarèt ? Lè n ap gade jounen jodi a zafè kilti a nan peyi nou ap pi fèb chak jou pi plis, kote nou menm rive nan wout pou li disparèt. Lè n ap konstate eleman kiltirèl n ap ranmase nan lòt peyi yo. Jenès la manke konsyan sou konsekans globalizasyon an sou aspè akiltirasyon [enfliyans yon kilti genyen sou yon lòt pwovizwaman] ak dekiltirasyon [lè enfliyans kiltirèl yon peyi rive disparèt yon lòt kilti] an. Lojik enperyalis kiltirèl k ap devlope nan lemonn nan sou wout pou li fè disparèt kontni kiltirèl sosyete yo, gwoup etnik yo, tankou kominote otoktòn yo, elatriye.
Nan sans sa, nou menm nan nivo MPP nou deside travay pou nou bay kilti nou valè li merite, onore li epi ancheri li. Si n ap gade nan estati MPP nan paj 10 atik 15 li di : « bay kilti natif natal nou yo valè, wete tout vèdegri lòt peyi jete sou kilti peyi a pandan n ap bay pwodiksyon natif natal nou yo valè, tankou : manje, dans lakay, lang kreyòl, pwovèb, konbit, tire kont, elatriye ».
Boutofen, lè Chavannes Jean-Baptiste t ap travay se te yon jèn gason, jodi a konbyen Chavannes ki genyen nan sal la ? Konbyen Juslène Tyresias, Guerda Mogelin, Questamène Cenor ki genyen ? Nou menm jèn ki deja nan MPP, nou fè yon apèl solanèl avè w, ou menm k ap gade nou sou rezo sosyal yo, nou rele w vin jwenn nou. Vin jwenn nou, pou nou batay ansanm nan rekipere idantite nou kòm pèp, pandan n ap chanje fason n ap abiye, manje, nan devlope yon lòt relasyon nan anviwònman an. N ap tann nou nan MPP, nan batay ansanm pou n genyen yon Ayiti granmoun reyèlman.
Nan lit MPP ap mennen an, li vle bati yon Ayiti souveren nan zafè lamanjay, yon Ayiti granmoun nan nivo ekonomik, sosyal, politik ak kiltirèl, men li paka fèt san angajman jèn yo. MPP ede jèn peyizan malere yo òganize yo, li ede yo jwenn fòmasyon pou yo devlope lespri yo ak kò yo. Ansanm fòmasyon sa yo reyalize nan ede jèn yo grandi yon lòt vizyon, nan konstri yon sosyete tou nèf kote tout moun ap viv nan libète ak byennèt.
Gwoupman jèn yo ap kontinye travay nan tout nivo, tankou nan nivo ekonomik yo, y ap travay pou yo otojenere epi otofinansye tèt yo. Genyen nan yo ki livre yo nan agrikilti peyizan agwoekolojik la kote yo fè jaden prekay nan kawotchou ak sou platbann. Genyen tou ki fè elvaj kabrit, bèf ak kochon. Anplis yo fè mityèl solidarite, elatriye.
Nou menm jèn yo, nou dwe òganize nou tout bon vre, pa rete izole paske nou paka fè anyen pou kont nou. Jan pwovèb la di a : « yon sèl dwèt pa manje kalalou ». Jèn yo pa dwe pran nan koze tèt anba k ap fè yo kwè travay latè se aksyon moun sòt. Anpil moun konsidere travay latè se travay moun sal ak moun sòt. Si yon ti moun paka fè bèl mwayèn lekòl, yo di ti moun sa yo, y ap voye yo plante patat. Nou dwe batay kont tout fòm diskou diskriminatwa sa yo.