Realisations

Deklarasyon final kan nasyonal souvrènte alimantè a.

Nan okazyon 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a, nou menm 300 jèn fi ak jèn gason ki sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, nou te reyini sòti 12 rive 18 dawout 2024, nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo : SANT LAKAY  PAPAY.  Nou t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje  nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti.

Depi 1998, nou rele kan sa a, kan souverènte Alimantè. Nou kontinye ap mennen lit la, paske se inik mwayen pou nou konbat grangou sou planèt la. Mwayen nou genyen pou nou reyalize li se nan agwoekoloji peyizan. Poukisa nou chwazi tèm sa a ? Nan ki kontèks ? N ap souliye koripsyon an se yon fenomèn ki egziste nan tout peyi sou latè. Sa kapab rive genyen kote li mwens oswa prèske pa egziste, men Ayiti fè pati peyi ki plis kowonpi yo sou planèt la. Genyen yon pratik koripsyon ki egziste nan peyi a pandan digdantan. Nan administrasyon piblik la pratik koripsyon ap vale teren. Nou kapab pran egzanp rejim PHTK ki genyen  yon pratik koripsyon ki vrèman efikas.

Rejim sa a fè fenomèn banditis la ap vale teren, fòse anpil moun kite lakay yo pou yo ale nan pwovens ak lòt peyi. Pratik koripsyon an klè depi nan koupe lonbrit konsèy prezidansyèl la. Nou suiv tout lòt eskandal ki sou do konsèy la, men sa ki fè plis bri a, se non twa (3) manb KPT an ki site nan tantativ koripsyon ak direktè BNC an. Konseye sa yo te ale mande responsab BNC an 100 milyon goud pou yo kenbe Raoul Pierre Louis nan tèt Bank lan. Malgre sa, pyès manm non yo site nan koripsyon yo pa demisyone. Moun ki enplike nan koripsyon yo dwe pini devan lalwa. Pratik koripsyon an se yon krim.

Pratik koripsyon, ensekirite, kriz alimantè, kriz anviwònmantal, kriz sosyal ak migrasyon, tout fenomèn sa yo se konsekans aksyon Leta peze souse a an Ayiti ak mannigans peyi enperyalis yo, nan enjerans politik y ap fè nan peyi a.

Jodi a  peyi d Ayiti vin envivab. Leta an Ayiti pa manifeste volonte li nan jere pwoblèm sosyoekonomik, politik ak sekiritè a. Sevre reprezante nan Leta an Ayiti fè apèl pou genyen yon fòs militè nan ede amelyore kondisyon sekiritè a. Katriyèm fòs miltinasyonal sa a ki antre nan peyi a depi nan dat 25 jen 2024 la, li pa chanje anyen reyèlman. Nou konstate jiskaprezan genyen plis zòn gang yo kontinye ap kontwole. Chak jou pi plis gang yo ap konsolide tèt yo kote yo menm genyen yon rezo gang ki nome : Viv ansanm. Li klè tou, Polis Nasyonal Ayisyen an kowonpi, li enkapab, li manke mwayen ak volonte politik pou kòlte ak sitiyasyon sa a. Nou konstate, Akò 3 avril la sou wout pou li echwe. Paske se li menm ki kreye kondisyon pou konsèy prezidansyèl la ak tout gouvènman an jwenn lejitimite pou yo dirije. Li fikse kondisyon kòman pou li mete kanpe konsèy elektoral pwovizwa, mete kanpe yon enstans suivi sou aksyon gouvènman ap mennen yo, tabli kondisyon pou nou fè referandòm lan, malerèzman Akò sa a pa janm pibliye nan jounal ofisyèl peyi a – Lemonitè. Li klè sektè politik mafya, PHTK katriyèm vèsyon an ki marande ak enperyalis yo pa genyen volonte politik pou yo amelyore kondisyon sosyoekonomik ak politik peyi a.

Plizyè milye ayisyen ap dòmi nan lari, san bliye tout lòt fòm vyolans y ap sibi yo. OIM mansyone genyen plis pase 310 000 ayisyen ki deja deplase andedan peyi a, Chif reyèl yo kapab plis pase double. Si n ap konsidere kantite ayisyen ki kite peyi a se yon veritab emoraji. Genyen plis pase 200 000 ki ale nan pwogram yo rele  Biden lan, genyen plis pase 100 000 ki ale Meksik pou seye antre Etazini. Genyen ki kouri kite peyi a nan lòt mwayen akòz mizè pou yon pòsyon, akòz ensekirite pou yon lòt pòsyon. San bliye kantite Ayisyen ki rekòmanse mouri nan lanmè.

Nou konstate tou genyen anpil mannigans politik k ap fèt pou yo fòse peyizan yo kite tè yo. Anpil peyizan kouri kite tè yo anba bal banti. Nan moman sa a, se bandi legal yo ki okipe tè peyizan yo, tankou nan depatman latibonit. Nan Nòdwès ak nan Plato Santral vòlè tè fè kenken. Tè sa yo te kapab sèvi pou nou pwodui manje natif natal pou nou reprann souvrènte alimantè nou. Lè n ap konsidere rapò FAO pandan ane 2023 a, genyen anviwon 4.97 milyon ayisyen ki nan ensekirite alimantè epi 1.64 milyon k ap mouri nan grangou an Ayiti. Sa vle di genyen prèske mwatye nan popilasyon ayisyen an k ap viv nan ensekirite alimantè a selon chif sa yo. Men an reyalite se plis pase 8 milyon Ayisyen ki nan ensekirite alimantè nan peyi a jodi a sou 12 milyon yo.

Nou menm jèn ki sòti nan òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a, nou renouvle angajman nou pou nou kontinye lite san pran souf pou :

  1. Patisipe nan tout aktivite k ap pwone chanjman sosyal la ;
  2. Fòse Leta manyen kesyon ensekirite a ak plis serye. Libere wout nasyonal yo ;
  3. Trase yon ekzanp kont koripsyon nan mete konseye ki genyen akizasyon koripsyon sou do yo ;
  4. Pran mezi drastik pou konbat kòripsyon nan enstitisyon Leta yo ;
  5. Fòse pibliye akò 3 avril la e mete l an aplikasyon yon fason total ;
  6. Pran mezi pou deplase yo tounen lakay yo epi ede yo jwenn mwayen pou yo rekòmanse viv ;
  7. Sansibilize lòt jèn pou yo antre nan òganizasyon pwogresis yo ;
  8. Batay kont enjerans politik ;
  9. Sansibilize lòt jèn epi bay òganizasyon yo jarèt, nan montre yo enpòtans ideyoloji sosyalis la ;
  10. Ale fè sansibilizasyon nan lekòl, legliz sou tematik ki te diskite nan kan sa a, tankou : agwoekoloji Peyizan an, souverènte alimantè, elatriye ;
  11. Fè plis moun konnen enpòtans agwoekoloji peyizan an.
  12. Repwodui pratik sou prensip agwoekolojik yo lakay nou ;
  13. Ankouraje popilasyon an sou dega dechè plastik yo epi resikle yo ;
  14. Montre popilasyon an enpòtans konsomasyon pwodui lokal yo ;
  15. Ale pataje ideyoloji sosyalis la nan tout espas sosyal yo ;
  16. Ale ankouraje lòt jèn yo devlope yon kilti apatenans sosyal ak konsève kilti ansestral la ;
  17. Patisipe ak ankouraje jèn yo antre nan politik aktiv k ap fèt nan peyi a.

N.B: Si gouvènman an pa kapab kreye kondisyon nan kaba ensekirite a, kreye klima konfyans pou òganize eleksyon, koupe fache ak sistèm eleksyon pouri a, se pou li rale kò l.

ABA KORIPSYON; VIV YON LÒT AYITI ; VIV YON JENÈS ENTÈG NAN POLITIK AN AYITI

AN NOU GLOBALIZE LIT LA, AN NOU GLOBALIZE LESPWA.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.