Uncategorized

 50 rekòt kafe Sere Pou Chofe (SPC) kòm Bank ki fòme pou Peyizan yo

Sere pou Chofe se bank pèp la e

si w pa sere w pa p chofe ladan l

Sere pou Chofe se bank pèp la e

Vini sere pou ka chofe ladan l.

Se nan kòmansman chante sa a premye Asanble jeneral Sere Pou Chofe (SPC) te reyalize nan Sant Lakay Papay, nan dat 29 janvye 2026 lan. Se yon Asanble ki te konpoze plis pase 158 patisipan. Yo sòti nan plizyè zòn diferan nan komin Ench ak Tomonn, tankou : Lowòb, Basen bèf, Lospalis, Jwanarya, Papay, Karida, Basen Zim ak Koladè, elatriye. Plizyè manm nan administrasyon Mouvman Peyizan Papay (MPP), manm konsèy SPC, Biwo SPC, komite edikasyon SPC, komite siveyans SPC, komite kredi SPC, ekip animasyon MPP, ekip kominikasyon MPP, yo te reponn prezan nan kad envitasyon pou Asanble a.

Nan pwogramasyon jounen an : rasanbleman ak animasyon ; priyè ; salitasyon ; moman silans nan memwa tout manm SPC ki mouri, tankou kamarad Edmond Mathieu ; mo byenvini (Fanahème Joachim) ; apèl patisipan yo nan chak zòn (Rosenel Israёl, Fanahème Joachim ak Withny Placide) ; prezantasyon komite yo ak pèsonèl SPC yo (Fanahème Joachim) ; Sèman nouvo manm yo (Mulaire Michel) ; lekti pwosè vèbal dènye Asanble a (Rosemana Déїlaire) ; deba vòt pwosè vèbal Asanble a (Fanahème Joachim) ; rapò konsèy Administrasyon SPC (Guerda Mogelin) ; rapò travay komite siveyans (Sauvenie Jean-Baptiste) ; rapò travay komite kredi (Monerot Jean-Claude) ak rapò travay komite edikasyon (Bazelais Filismond).

Pwogramasyon an kontinye nan fè yon ti rale sou kredi yo, lòt sèvis SPC ofri yo ak fonksyònman koperativ la (Aliette saint-Fleur) ; pale sou 50 tyèm rekòt kafe SPC (Fanahème Joachim), temwanyaj kèk manm sou fason SPC ede yo fè pwogrè nan lavi ekonomik ak sosyal yo ; prezantasyon bilan ak rezilta koperativ lan pandan ane 2025 lan ; eleksyon pou yo renouvle komite yo, sa vle di 1/3 nan chak komite yo sou direksyon konsèy elektoral (Fanahème Joachim ak Chavannes Jean Baptiste) ; prezantasyon komite yo (Rosenel Israёl) ; entèvansyon konseye Teknik SPC (Chavannes Jean Baptiste) ; kesyon enterè jeneral ; remèsiman ak manje ansanm.

Pawòl Aliette Saint-Fleur (direktris SPC).

Direktris la ankouraje manm yo plis aktif, aprann fè epay, montre yo enpòtans SPC nan batay kont kout ponya izirye yo. Li souliye, nan kanè a genyen yon pati se “pa sosyal” se li menm li plis ankouraje aplike paske se li menm k ap travay, manm lan ap jwenn enterè sou li. Si manm lan bezwen kòb sa a, l ap ekri direksyon an yon mwa davans. Nan sa ki genyen rapò nan pati ekonomi sou kanè a, administrasyon an pa kapab mete li travay paske manm lan kapab vini pran li nenpòt moman si li bezwen lajan sa a. Nan pati kredi a, se li menm ki pèmèt koperativ la fonksyone. Direktris la mansyone ansanm pwoblèm kèk manm ap bay nan kesyon kredi a. Yo pa vle peye, ni respekte prensip yo. Se youn nan rezon ki fè koperativ la pa ale pi lwen nan misyon li. Nan yon lòt bò, li prezante eta finansye SPC. Aprè entèvansyon direktris la anpil manm te poze kesyon sou kèk pwen ki te manke klè pou yo. Yon ansanm presizyon te rive parèt. Manm yo te aplodi fason responsab yo ap jere koperativ lan. Pi devan plizyè manm temwanye fason SPC ede yo pwogrese nan lavi ekonomik ak sosyal yo. Gras egzistans SPC yo achte tè, bèt pou yo fè elvaj, asire edikasyon pitit yo, ranfòse komès yo, elatriye.

Eleksyon pou Asanble a renouvle 1/3 nan chak komite yo.

Sou direksyon konsèy elektoral la ki konpoze : Fanahème Joachim ak Chavannes Jean Baptiste, yon eleksyon reyalize pou yo chanje 1/3 nan chak komite yo. Aprè eleksyon yo, plizyè nouvo ak ansyen manm entegre komite yo. Nan konsèy administrasyon an, manm ki eli yo se (Bazelais Filismond, 96 vòt ; Rosenel Israёl, 93 vòt ; Julienne Dorssaint, 84 vòt) ; pou komite edikasyon genyen de (2) manm ki eli ladan li : Questamène Cenor, 110 vòt ; Decimus Pierre Louis, 109 vòt) ; nan komite siveyans pa t genyen kandida, Asanble a deside aplodi Sauvenie Jean-Baptiste pou travay wòtpòte l ap reyalize nan SPC. Nan komite kredi a, Rosalie Présumé eli nan dezyèm tou anfas Durossier Joachim, respektivman youn 78 vòt, yon lòt bò 46 vòt.

Pawòl Chavannes Jean Baptiste (Fondatè MPP, aktyèl konseye teknik SPC).

kamarad yo bonswa. Chak ane nou toujou fè yon ti analiz nan Asanble yo, men ane sa a, se yon ane espesyal. SPC pran nesans nan ane 1976, konsa nou ta pral fikse  premye Asanble jeneral SPC. Se yon prensip jiridik pou Asanble a fèt aprè twa mwa ane fiskal koperatif la […]

SPC pran anpil pataswèl kote plis pase twa fwa yo kase, vòlè lajan koperatif la. Se gras konfyans manm yo ki fè li kontinye egziste, paske yo konnen se pa dirijan SPC yo ki fè konplo nan pran lajan yo. Nan peryòd koutdeta sou premye prezidans Aristide lan, militè yo kase konfrefò nou. Nou kontinye egziste malgre sa yo […]

Nou pral genyen pou nou fè yon bilan sou 50 ane egzistans koperativ lan, menm jan nou te fè li nan kad kongrè 50 ane MPP an. L ap pèmèt nou konnen si nou echwe oswa si nou atann objektif nou. N ap kontinye ankouraje manm yo fè epay. Se yon koperativ ki pa fèt pou gran nèg men se pou malere yo rive fè epay. Pwoblèm edikasyon fè malere yo manke vin manm koperativ la. Nan 50 ane SPC li te dwe genyen 50 fwa kòb li posede nan moman an. Manm yo dwe konnen SPC kapab ede yo fè anpil pwogrè sosyal ak ekonomik. Temwanyaj yo montre sa a, tankou manm gwoupman Lapasyans yo fè anpil pwogrè gras SPC.

[…] Nou te pran yon angajman pou nou pa ale mete lajan nou nan Bank boujwa yo, paske lajan nou pa dwe ale sèvi boujwa yo. Sepousa, nou dwe respekte prensip yo. Lajan nou prete yo, nou dwe remèt yo. Anpil manm ap peye amann paske yo pa respekte prensip yo. Nou ankouraje nou mete lajan nou plis sou “kapital sosyal” olye nan epay.” Kapital sosyal” la bay bon jan garanti, n ap jwenn enterè k ap monte sou kòb nou, nan yon lòt bò, n ap jwenn li san anbouteyaj ak mizè. Pa genyen okenn Bank k ap bay nou enterè sou kòb nou an Ayiti, mwen ta kapab di menm  sou latè. Nan sans sa, lè nou prete kòb se pou nou remèt, yon fason pou nou pa peye pènalite. Nou espere aprè 50 ane ankò SPC ap kontinye rete vivan […] Mwen felisite tout manm yo ak dirijan yo nan SPC pou angajman yo ak transparans yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions