Education, Realisations

Mouvman Peyizan Papay (MPP) rekòmanse nan rasin nan pou yon lòt 50 ane

Devan pòt la.

Nan okazyon jounen entènasyonal dwa timoun yo nan dat 20 novanm, kòdinasyon pwojèn MPP deside relanse Pre-Pepinyè Jèn travayè Peyizan (PPJTP) ak Pepinyè Jèn Travayè Peyizan (PJTP). Se yon evènman ki fèt nan Sant Lakay Papay, nan dat 22 novanm 2025, anba tèm : MPP rekòmanse nan rasin nan pou yon lòt 50 ane. Nan eslogan : Ti moun yo se rasin MPP. Anviwon 300 timoun vini patisipe nan rasanbleman sa a. Objektif jounen sila a : relanse ofisyèlman mouvman PPJTP ak PJTP ki te deja egziste men ki pa t aktif. MPP se yon òganizasyon ki egziste jenerasyon an jenerasyon, sepousa aprè 52 ane batay, dirijan yo vle afime yon lòt fwa angajman timoun yo pou yon lòt 50 ane.

Nan evènman sa a te genyen prezans Fanfa – Jèn Vizyonè nan Basen Zim ; defile timoun yo ; ekspozisyon tablo ewo nasyonal ak entènasyonal yo ; mo byenvini Ciara Andel Paola Labady ; remiz flanbo Mulaire Michel ak Nandcie Pierre ; diskou fondatè MPP an – Chavannes Jean Baptiste ; prezantasyon kòdinasyon pwogram jèn MPP ; prezantasyon komite mouvman timoun yo.

Yon mistik revolisyonè timoun yo reyalize sou dezyèm mitan match MPP an. Yo eksprime angajman yo nan bati yon sosyete sosyalis kote lèt ak myèl ap koule pou tout moun. Yon sosyalis ki chita sou sivilizasyon peyizan Ayisyen an. Yo chante refren chante MPP ki di : “ nan dezyèm mitan sa a se pou n jwe pou n genyen match la” […] epi yo fini nan eslogan MPP an – Òganizasyon ou lanmò. Aprè mistik lan se Im nasyonal ayisyen an, Im MPP ak Im mouvman jèn MPP. Manm kòdinasyon pwogram jèn MPP an, an menm tan manm komite mouvman timoun yo, Gumpson cherenfant, prezante yon diskou nan non mouvman timoun yo nan MPP (PPJTP ak PJTP). Nan animasyon an te genyen chante timoun yo :  MPP ooo, yon gwo pye bwa repozwa, nan ane 73 istwa sa te kòmanse ak Chavannes Jean Baptiste […] Anplis, Keycha Alexandre nan yon powèm sou timoun yo ki dekri enpòtans timoun yo. Fason timoun yo dwe grandi nan yon sosyete ki pa gen eksplwatasyon ak dominasyon […]

Timoun yo prezante de (2) konferans, youn sou dwa, yon lòt sou istwa MPP, PPJTP ak PJTP. Reyalizasyon plizyè pèfòmans atistik sitou nan patisipasyon gwoup Ibolele MPP ak PPJTP(dans kwazelewuit). Keycha Samara Monerot prezante mo remèsiman an. Se yon jounen ki fini nan manje ansanm. Se yon pratik ki enskri li nan prensip filozofik MPP. An n suiv nan liy anba yo pami refleksyon ki degaje nan jounen an.

Mo beynvini Ciara Andel Paola Labady.

Medam, mesye, jodi a se avèk anpil kè kontan ak fyète, PPJTP ak PJTP ap swete tout moun byenvini nan lansman mouvman timoun MPP an, nan okazyon jounen entènasyonal dwa timoun yo. Nou kontan wè prezans tout moun, espesyalman fondatè Mouvman Peyizan Papay lan – Chavannes Jean Baptiste ; dirijan MPP yo ki toujou kwè nan fòme jèn ak timoun yo ; kòdinasyon pwogram jèn MPP an ; paran yo ki toujou mete konfyans yo nan MPP ; patnè ak tout zanmi MPP yo ki toujou sipòte vizyon MPP an ; manm ekip kominikasyon MPP. Angwo nou di tout timoun byenvini, nou pral resevwa flanbo MPP an, kòm yon senbòl angajman, pou n kontinye batay pou lòt 50 ane nan MPP. Byenvini tout moun !

Pawòl Gumpson Cherenfant nan non mouvman PPJTP ak PJTP.

Direksyon egzekitif MPP, seksyon edikasyon MPP, kòdinasyon pwogram jèn MPP, timoun yo, zanmi, kamarad yo, se avèk anpil respè, kè kontan ak fyète nou pran lapawòl jodi a, kòm kòdonatè ak kòdonatris mouvman timoun yo nan MPP (PPJTP ak PJTP) nan okazyon lansman ofisyèl mouvman timoun yo. Nou pwofite di MPP yon gwo mèsi atravè kòdinasyon pwogram jèn lan ki mete tout konfyans yo nan nou pou n kòdone bèl mouvman sa a. Yon mèsi espesyal pou kamarad Nadège Saintil (kòdonatris pwogram jèn MPP) pou angajman li ak sans responsabilite li.

[…] Nou pwofite okazyon sa pou n di tout paran timoun yo k ap tande nou, yo toujou di edikasyon bay nan lekòl, legliz ak nan lafanmi, men n ap di nou jodi a, se pa senpman nan enstitisyon sa yo. Timoun nou dwe leve nan òganizasyon ki pou ede yo distenge twalèt poul ak bè. Yon mèsi espesyal pou tout paran ki konfye nou pitit yo. Paske si nou pa t deside konfye kòdinasyon pwogram jèn MPP timoun nou yo, jodi a, nou pa t ap kapab genyen bèl lansman sa a. Kòdinasyon pwogram jèn MPP an konte sou kolaborasyon nou pou mouvman timoun yo grandi […] Mèsi tout moun. Viv timoun yo ! Viv MPP ! Viv solidarite !!!

Plan premye konferans timoun yo.

Konferans timoun yo (Evensley Michel, Rose Calandia Paul, Sandro Michel, Lovelie Elie), nan yon premye tan yo fè prezantasyon pèsonèl yo. Defini plan entèvansyon an, ki genyen ladan li : kote dwa soti ? Sans objektif dwa ; sans sibjektif dwa ; kondisyon lavi timoun yo nan peyi d Ayiti ; rekòmandasyon timoun yo. Yo dekri 10 dwa fondamantal timoun yo : dwa pou timoun yo genyen yon idantite ; dwa pou timoun yo jwenn laswenyay ; dwa pou timoun yo jwenn ledikasyon ; dwa pou timoun yo jwenn pwoteksyon ; dwa pou timoun yo genyen yon kote pou yo rete ;  dwa pou timoun yo pwoteje kont tout fòm diskriminasyon ; dwa pou timoun yo pa fè lagè ni pou yo sibi lagè ; dwa pou timoun yo jwe epi pou yo jwenn lwazi ; dwa pou timoun yo jwenn enfòmasyon, pou yo eksprime yo epi pou yo patisipe yo libelibè ; dwa pou timoun yo genyen yon fanmi ki antoure yo epi renmen yo. Dwa fondamantal sa yo se chwal batay Òganizasyon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF). Dwa sa yo bobo nan twa (3) pwotokòl akò.

Plan dezyèm konferans timoun yo.

Konferans (Smarc Kervens, Shisemaylove, Mac Daphnée Biddgie Emmanuel, Karvens) timoun yo ki retrase kisa MPP ye, ki kote lide PPJTP ak PJTP an soti, ki prensipal batay MPP ap mennen ak ki prensipal wòl PPJTP ak PJTP nan batay sa a.

Mo pasasyon flanbo PPJTP ak PJTP.

Pou MPP sa li ye jodi a, kòm gwo òganizasyon peyizan ki rive nan laj 52 ane, genyen anpil fanm ak gason vanyan ki te kontribye. Si nou menm timoun k ap pale sou MPP te genyen moun ki te trase chemen sa a, men aprè 50 ane ki deja pase yo. Yo konsidere l kòm premye mitan match MPP an, si genyen premye mitan fòk genyen yon dezyèm mitan e dezyèm mitan sa a, se nou timoun yo ki pral genyen pou yo jwe li. Pou nou byen jwe fòk nou genyen kotch. Se pou kotch sa se yon bon kotch fòk li konnen jwèt la byen. Nan sans sa, nou genyen kamarad Mulaire Michel ak Nandcie Pierre ki te nan jwèt la depi nan 5 ane nesans yo rive kote yo ye a jodi a. Nou paka doute sou yo. Yo konnen jwèt la byen, sepousa, nou chwazi yo kòm antrenè nou. Se yo menm ki pral bay PPJTP ak PJTP règ jwèt la. Nou genyen onè remèt yo mikwo a. N ap mande tout timoun yo kanpe pou yo resevwa antrenè nou yo, pandan n ap aplodi yo byen fò.

Pawòl timoun yo lè yo fin resevwa flanbo a.

Timoun yo di mèsi kamarad Mulaire Michel, mèsi kamarad Nandcie Pierre, jodi a PPJTP ak PJTP resevwa flanbo MPP an nan men nou avèk anpil respè ak fyète. Nou konnen flanbo sa a se pa yon jwèt, men li senbolize ansanm lanmou, detèminasyon, kouraj, lespwa ak ansanm batay nou mennen pou MPP sa li ye jodi a, ki fè nou menm timoun yo kapab benefisye gwo moniman istorik sila a. Nou menm PPJTP ak PJTP, nou pran angajman pou nou toujou kenbe flanbo a limen tout kote nou pase, nan aksyon nou, nan konpòtman nou epi nan fason n ap patisipe nan tout sa MPP ap fè pou li chanje lavi peyizan yo. Viv MPP. Viv lit peyizan yo !

Pawòl fondatè MPP – Chavannes Jean Baptiste.

Timoun yo bonswa. PPJTP, PJTP bonswa. Jodi a, se yon gwo jou pou mwen, MPP ak timoun yo, yon gwo jou pou paran timoun yo, komite kòdinasyon pwogram jèn MPP, komite k ap travay ak timoun yo, y ap travay pou yo relanse PPJTP ak PJTP. Nou kontan konstate Nandcie Pierre k ap pase flanbo an menm jan Mulaire Michel ki te pase nan PPJTP ak PJTP. Jodi a, tout manm k ap dirije MPP te pase nan mouvman jèn nan. Li se rasin nan. Rasin nan se li menm k ap nouri pye bwa pou li kanpe djanm. Lavni MPP se nan men timoun yo. Se yon gwo espwa kote MPP genyen 52 ane. Se pami nou ki prezan nan moman sa a nouvo dirijan MPP yo pral soti. Menm si sitiyasyon timoun yo malouk nan lemonn. Menm si òganizasyon ki reyini tout nasyon yo (ONU) deklare 20 novanm jounen entènasyonal dwa timoun yo, men nou konstate dwa yo vyole. An Ayiti dwa timoun yo vyole. Youn nan premye dwa timoun dwe genyen se dwa pou yo jwenn bon jan manje, sitou manje ki sen.

Nan MPP, mouvman jèn nan kòmanse nan ane 1979. Nou konstate pa genyen mouvman jèn reyèlman nan peyi a […] Nan kad travay relansman sa a, mwen pwofite voye yon gwo kout chapo pou komite timoun yo, sitou kamarad Nadège Saintil. Nou swete direksyon MPP pran nòt, se yon gwo siy. Si nou vle pou MPP rete pou tout tan genyen tan fòk nou retounen nan rasin nan, sitou nan PPJTP ak PJTP. Nou vrèman felisite tout moun ki pote kole nan reyalizasyon jounen sa a. Nou mande yon gwo bwavo pou fanfa “jèn vizyonè nan Basen Zim” nan kad gwo travay yo fè. Nou kontan lide ki swete ranmase pami nan dans tradisyonèl nou yo, tankou “dans kwazelewuit”. Nou mande yon gwo bwavo pou moun ki kenbe tradisyon nou yo. N ap kontinye travay pou n kenbe eritaj kiltirèl nou yo byen wo.

Dezyèm mitan MPP an ap garanti nan PPJTP ak PJTP. Jounen sa a montre angajman nou nan bati yon lòt sosyete. N ap mande paran yo plis angaje yo nan ankadre timoun yo. Timoun yo dwe solid pou n genyen yon Ayiti solid. Yon Ayiti kote myèl ak lèt ap koule pou tout moun, kote tout  moun se moun. Se yon sosyete sosyalis ki chita sou sivilizasyon peyizan an. N ap mande tout timoun kanpe pou nou aplodi tèt nou. Mèsi !

Pawòl Keycha Samara Monerot nan mo remèsiman an.

Medam, mesye, nan non tout moun ki fè pati kòdinasyon PPJTP ak PJTP yo, nou di tout moun ki  kite aktivite yo pou yo vin patisipe nan jounen espesyal sa a, yon gwo mèsi.

  • Yon mèsi espesyal pou kòdinasyon pwogram jèn MPP an ak dirijan yo, espesyalman Chavannes Jean Baptiste, ki bay tout yo menm pou lansman sa  te posib. Yo kwè timoun yo kapab kontribye nan batay pou jistis sosyal ak souverènte pèp Ayisyen an ;
  • Yon gwo mèsi pou tout paran yo, responsab timoun yo non sèlman ki te dakò pou timoun yo patisipe nan relansman ofisyèl PPJTP an, men yo akonpayne yo, chapo ba ;
  • N ap di kizinyè yo mèsi, yo pèmèt timoun yo jwenn yon bagay pou yo manje ;
  • N ap di DJ Mackendy Alexandre mèsi nan pèmèt nou jwenn bon son ak mikwo pou vwa nou te soti vrèman byen ;
  • N ap di Fanfa mèsi ki te akonpanye nou nan chante yo ;
  • Yon gwo mèsi pou ekip kominikasyon an ki asiste tout aktivite a epi pèmèt vwa timoun yo ale pi lwen ;
  • Pi gwo mèsi a se pou tout timoun yo ki prezan, malgre lè yo soti lekòl tou fatige, yo te dakò vini nan repetisyon yo, jis nou rive reyisi bèl aktivite sila a. Chapo ba pou nou tout, si nou kenbe menm detèminasyon an, flanbo MPP an pa p janm etèn. Mèsi ankò tout moun !

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions