KÒDINASYON PWOGRAM MOUVMAN FANM MPP A AP LANSE SÈZ (16) JOUNEN AKTIVIS NAN KAD VYOLANS K AP FÈT SOU FANM AK TIFI NAN SANT LAKAY.
Kòdinasyon pwogram Mouvman Fanm MPP a, lanse premye jounen aktivis la nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan/ Sant Lakay avèk patisipasyon san senkant (150) fanm ki sòti nan tout depatman Sant peyi d Ayiti a.
Tèm jounen sa se: “Goumen kont vyolans sou fanm ak tifi se aksyon tout sitwayen onèt”
Nan jounen sa gen plizyè konferans k ap fèt tankou:
- Relasyon ant kolonizasyon mantal ak pratik nou yo ki makònen ak vyolans. Tèm sa ap prezante ak de konferansye: Gislaine Saint Fleur ak Juslène Tyrésias.
- Analiz sou sityasyon malouk peyi Dayiti. Konferansye yo se Nadège ak Questamène Cénor”.
- Analiz sou inegalite an fanm ak gason, koz li ak konsekans sou fanm yo an patikilye ak sosyete an jeneral. Konferansye yo se se: Jésula Saint-Fleur ak Stephanie Emmanuel
Jounen sa ap pran fen ak yon ” Deklarasyon pou Lapwès”.

Pwogram Aktivis sa ap fini 10 Desanm nan okazyon jounen entènasyonal dwa moun.
Nou envite w al swiv jounen sa k ap dewoule nan Sant Lakay sou paj facebook nou ki se:
https://www.facebook.com/MPPPAPAY
Fanm yo ann kontinye goumen pou n kaba vyolans k ap fèt sou nou!