MOUVMAN PEYIZAN PAPAY (MPP) MANDE POU POPILASYON AN RETE MOBILIZE JISKASKE LAJISTIS METE ANBA KÒD GWOUP KI PLANIFYE AK EGZEKITE ASASINA DR B.D.G JUNIOR CHERELUS LA
Mouvement Paysan Papaye (MPP) ap kontinye kondane nan tout nivo vàn san ki ouvè nan 4 kwen peyi a. Depi lè vàn san sila ouvè popilasyon an pa sispann konte kadav. Se sitiyasyon sa ki lakòz asasina ki fèt sou Dr B.D.G Junior CHERELUS jodi lendi 10 novanm 2025 lan, nan perimèt Konplèks administratif Ench lan.
Dr B.D.G Junior CHERELUS, sete pitit Ench natif natal, yon pitit sòyèt ki batay di pou konstwi lavi l nan sousi pou l sèvi peyi l. Kamarad Junior rive yon kad pwofesyonèl, yon militan gwogresis revolisyonè, yon defansè dwa moun yo fè pòv yo. Yon avoka militan. Li se Rektè “Institut Supérieur des Sciences Économiques, Politiques et Juridiques” (ISSEP). Li te fèt nan dat 13 avril 1982. Li asasine 10 novanm 2025 nan Vil Ench, nan 43 lane.
Dr B.D.G Junior CHERELUS se manm MPP atravè yon Gwoupman MPP ki rele “Prospérité” li te prezidan Gwoupman sila a.
Dr B.D.G Junior CHERELUS sete Sekretè (Mouvement Jeunes Hinche/MJH) /MPP). MJH, se yon Kolektif Gwoupman jèn MPP nan vil Ench ki fonde depi ane 1989.
Dr CHERELUS se Ansyen etidyan Lekòl Fòmasyon Politik “Charlemagne Peralte” (LFPCP), 8èm pwomosyon “Jacques Stephène Alexis”.
Dr B.D.G Junior CHERELUS, se yon jèn gason responsab ki te angaje l nan denonse yon seri malvèsasyon ak kòripsyon k ap fèt nan ansanm enstitisyon ki nan Leta yo. Dr CHERELUS toujou ap mande jistis sosyal fas plan neyokolonyalis Ayiti ap viv jounen jodi a.
MPP ap mande pou popilasyon Ench lan rete solidè ak tout deplase Ba plato yo (Mibalè, Laskawobas, Sodo […] jiskaske jistis blayi sou zak san parèy sa a epi nou mande reparasyon pou fanmi Dr B.D.G Junior CHERELUS.
Mouvement Paysan Papaye (MPP) ap kontinye kondane nan
tout nivo vàn san ki ouvè nan 4 kwen peyi a. Depi lè vàn san sila ouvè
popilasyon an pa sispann konte kadav. Se sitiyasyon sa ki lakòz asasina ki fèt
sou Dr B.D.G Junior CHERELUS jodi lendi 10 novanm 2025 lan, nan perimèt Konplèks administratif Ench lan. Dr B.D.G Junior CHERELUS, sete pitit Ench natif natal,
yon pitit sòyèt ki batay di pou konstwi lavi l nan sousi pou l sèvi peyi l.
Kamarad Junior rive yon kad pwofesyonèl, yon militan gwogresis revolisyonè, yon defansè dwa moun yo fè pòv yo. Yon avoka militan. Li se Rektè
“Institut Supérieur des Sciences Économiques, Politiques et
Juridiques” (ISSEP). Li te fèt nan dat 13 avril 1982. Li asasine 10 novanm
2025 nan Vil Ench, nan 43 lane. Dr B.D.G Junior CHERELUS se manm MPP atravè yon
Gwoupman MPP ki rele “Prospérité” li te prezidan Gwoupman sila a. Dr B.D.G Junior CHERELUS sete Sekretè (Mouvement
Jeunes Hinche/MJH) /MPP). MJH, se yon Kolektif Gwoupman jèn MPP nan vil Ench ki
fonde depi ane 1989. Dr CHERELUS se Ansyen etidyan Lekòl Fòmasyon Politik
“Charlemagne Peralte” (LFPCP), 8èm pwomosyon “Jacques Stephène
Alexis”. Dr B.D.G Junior CHERELUS, se yon jèn gason responsab
ki te angaje l nan denonse yon seri malvèsasyon ak kòripsyon k ap fèt nan
ansanm enstitisyon ki nan Leta yo. Dr CHERELUS toujou ap mande jistis sosyal
fas plan neyokolonyalis Ayiti ap viv jounen jodi a. MPP ap mande pou popilasyon Ench lan rete solidè ak
tout deplase Ba plato yo (Mibalè, Laskawobas, Sodo […] jiskaske jistis blayi sou zak san parèy sa a epi nou
mande reparasyon pou fanmi Dr B.D.G Junior CHERELUS.