MPP LANSE GRAN OUVÈTI 27YÈM EDISYON KAN NASYONAL JÈN SOU SOUVERÈNTE ALIMANTÈ JOUNEN MADI 29 JIYÈ 2025 LAN NAN NAN SANT LAKAY
Tèm : Jèn yo, an n angaje nan konstriksyon yon pwojè lavi.

Eslogan : jèn yo debou pou n bati Lapè !
Kan nasyonal jèn sou souverènte alimantè a se yon tradisyon andedan MPP ki pran nesans depi ane 1998.
Objektif kan an se: “ede jèn yo konprann okenn peyi sou planèt la paka devlope san li pa granmoun nan zafè manje pou jere pitit li”.
Depi 27 ane, Jèn yo te abitye sòti nan dis (10) depatman peyi d Ayiti andedan òganizasyon ak enstitisyon popilè yo, tankou : peyizan, etidyan, sendika, enstitisyon dwa moun, yo vin reyini nan Sant nasyonal fòmasyon kad peyizan/ Sant Lakay Papay, pou yo vin pran fòmasyon sou agwoekoloji peyizan.
Nan ane 2025 sa a kote pwoblèm sosyo-politik peyi a ap degrenn gole plis, nan fenomèn ensekirite planifye a, malgre sa a genyen 150 jèn fi ak jèn gason k ap sòti nan senk ( 5) depatman ki chita nan gran Nò peyi a k ap vin patisipe nan kan an.
MPP vrèman regrèt pandan l ap denonse konpòtman aktè politik yo kote anpil jèn anvi patisipe nan kan an, men yo paka sòti nan tout dis (10) depatman peyi a vin patisipe ladan li.
https://www.facebook.com/share/v/19Ev8CBhat
https://www.facebook.com/share/v/195NP4UZHz