Asanble jeneral Sere Pou Chofe (SPC)
Realisations

Asanble jeneral Sere Pou Chofe (SPC)

Pandan jounen 23 janvye 2025, Sere Pou Chofe (SPC) reyalize yon asanble jeneral ki reyini plis pase 100 manm fanm ak gason, yo sòti nan plizyè zòn diferan nan komin Ench, espesyalman nan twazyèm seksyon kominal la. Se yon asanble ki fèt nan lokal Lakay Sant Fòmasyon Kad Peyizan oswa Sant Lakay. Depi nan kreyasyon SPC nan ane 1976, kòm koperativ altènativ k ap travay nan enterè klas popilè a, espesyalman peyizan yo, se yon tradisyon nan òganize modèl asanble jeneral chak ane. Asanble a enskri li nan yon  objektif pou li klarifye epi pèmèt manm yo konprann ki aktivite lajan yo ap regle, nesesite pou yo kontinye epaye nan kreye pwòp richès yo k ap fasilite yo devlope yon otonomi finansyè pandan y ap koupe fache nan lojik kout ponya izirye yo. Nan dewoulman asanble a nou jwenn mo byenvini ; prezantasyon ekip kominikasyon MPP an ; apèl prezans chak zòn ak idantifye kantite manm yo ki prezan ; bay rapò pwosè vèbal asanble jenral SPC  2024 lan ; sèman angajman nouvo manm yo ; temwanyaj kèk manm sou enpòtans SPC ; analize plizyè aspè, tankou : evalye fonksyònman koperativ la ; fè manm yo konprann pi byen filozofi SPC epi konnen nan tout transparans sa lajan yo ap regle kòm aktivite sosyoekonomik ; eleksyon pou asanble a renouvle 1/3 nan chak komite yo, tankou : konsèy administratif ; komite seveyans ; komite edikasyon ak komite kredi.

Prezantasyon pwose vèbal Asanble Jeneral SPC pou ane 2024 la

  • Rapò komite siveyans : li travay sou sèvis kredi SPC, verifye rapò jounalye epi analize yo analiz yo montre verifikasyon 585 kredi, 80 dosye frè ti plantè,  300 dosye prè sou ekonomi ; 135 nouvo manm  pou ane 2023-2024. Asanble a dwe pran bon jan mezi pou moun ki dwe yo kapab vini peye, nan yon lòt vann byen moun yo ki fè prè sou ipotèk yo. Genyen 126 manm ki fè prè ki pa respekte  prensip ranbousman yo […]
  • Rapò komite kredi (2023-2024) : 10 reyinyon pandan ane 2024 lan. Yo bay anviwon 300 manm SPC prè. Prezidan komite a – Whitny Placide, presize sou demann prè yo, nou dwe di kisa n ap ale fè avèk lajan an. Demann yo dwe klè, tankou : lanmò, maladi, lekòl ak biznis. Li enpòtan pou nou mete nimewo telefòn nou. Sekretè Monerot Jean-Claude pale sou dinamik komite a. Fason manm yo ki fè demann prè yo dwe suiv ansanm fòmalite yo. Pou ane 2023 te genyen 345 demanm kote yo akòde yo tout. Pou ane 2024 la, te genyen 343 prè, yo akòde 342 demann prè. Li enpòtan pou nou li fòmilè demann prè a byen avan menm nou siyen li. Genyen prè lajan sou kosyon, ekonomi, salè, ti machann, ti plantè ak sou ipotèk. Genyen 61 prè pou kesyon lekòl, 100 prè ki ale nan travay latè, 133 prè ki ale nan komès, 4 prè pou elvaj, 22 prè pou konstriksyon kay ak lojman, 5 prè pou achte tè, ak 7 prè pou lanmò […]
  • Rapò komite edikasyon : prezidan komite a Baselais Filismond, sekretè Gerline Jeannot. Yo reyalize plisye asanble mobilizasyon ak sansibilizasyon sou enpòtans SPC. Genyen 6 asanble zòn ki rive fèt. Nan asanble sa yo, yo pale sou istwa SPC, kalandriye ranbousman, fonksyònman ak sèvis li ofri yo, enpòtans epay ak politik kredi li genyen yo […]

Sèman angajman nouvo manm yo nan SPC.

Sèman angajman yon dizèn nouvo manm SPC suivan kredo an : [mwen menm “non ak siyati”, devan dirijan SPC yo ak tout manm yo, mwen angaje m pou mwen respekte estati ak regleman SPC ; mwen angaje m pou mwen ankouraje anpil moun vin manm SPC ; mwen angaje m pou mwen pote kole ak lòt manm yo pou nou fè SPC vanse nan misyon li pou kaba kout ponya pou tout pòv malere.]

Temwanyaj kèk manm SPC sou enpòtans koperativ la.

Depi 1976 mwen se manm SPC. Kanè pa m nan se te nimewo 2, nimewo 1 an se Amantès Cesar. Non pa m se Childeric Placide, mwen anseye 4 moun, genyen 3 ki prezan nan sal la. Si mwen pa t nan SPC petèt se senpman filo pitit mwen yo t ap fè, jodi a mwen genyen ki kad nan MPP. Mwen te fè kanè pou yo tout. Se lajan SPC  ki ede yo vanse akademikman. Mwen aprann genyen pyèdèt, mwen menm, mwen prete, mwen remèt paske m ap kontinye bezwen prete ankò. Se nan lajan SPC mwen achte 7 kawo tè.

Mwen se moun Basen Zim, premye bagay SPC fè pou mwen, mari mwen te malad mwen pa t genyen lajan pou mwen voye li lopital, mwen ale kote Phanahèm Joachin, li di mwen li pa genyen kòb, li mande mwen si mwen pa nan SPC, mwen di li wi ,men mwen pa genyen ase lajan, kòm nan moman an mwen te kòdonatris fanm yo, kamarad Joachin ale kote Chavannes ak mwen, li fè yon prè sou kosyon pou mwen konsa mwen rive ale lopital ak mari mwen. Tout sa se gras SPC. Mwen prete, mwen toujou remèt lajan yo. Mwen fè edikasyon pitit mwen yo, mwen fè elvaj epi achte moto se paske mwen nan SPC.

Mwen se moun Papay, mwen pa vini pale kòm moun k ap travay nan SPC, men kòm manm SPC, nan lavi yon moun dwe genyen objektif, mwen fè edikasyon pitit mwen, jodi a li enfimyè se gras SPC, mwen achte tè, konstri kay mwen, se gras SPC. Mwen fè kanè pou tout pitit mwen yo, mwen siyen yo chak mwa. SPC fè anpil bagay pou mwen. Mwen prete, mwen remèt. Mwen pa pale kòm moun k ap travay nan SPC, men kòm manm li.

Difikilte SPC ap konnen yo.

Genyen plizyè manm ki prete lajan nan SPC ki pa respekte dèt prè yo. Selon prezidant SPC an, Aliette Saint-Fleur, genyen anpil moun ki konprann filozofi SPC, genyen sila yo ki pa fin konprann li. Souvan genyen manm ki vle jwenn prè men ki pa vle fè epay. Genyen anpil manm ki prete lajan men yo pa vle ranbouse lajan yo. Plizyè lòt manm sèvi modèl nan siyen kanè epi respekte prensip ranbousman yo. Nan sans sa, li prezante lis prezantasyon moun ki toujou siyen kanè yo epi respekte dat pèyman dèt yo. Genyen plis pase yon dizèn manm ki nan kategori manm sa yo. Komite SPC an deside rekonpanse manm sa yo. Prezidant SPC an ankouraje lòt manm yo suiv tras manm sa yo. Se yon aksyon senbolik ki montre lanmou yo genyen pou manm sa yo. Genyen gwoup KOPAS, « lite pou lavi » ki pami sila yo ki rekonpanse yo.

Refleksyon Chavannes Jean-Baptiste nan okazyon sa a.

Chavannes Jean-Baptiste, kamarad SPC yo bonswa ! pratikman aprè chak rapò yo mwen toujou fè yon analiz. Ane sa a pi bon pase ane pase yo. Fason grannèg yo t ap manyen kesyon dola, kriz sosyo politik pa t bon pou nou. Ansanm pwoblèm sa yo te kreye yon chok pou SPC. N ap felisite manm yo, tout enstans nan SPS, tout komite yo ki te rive travay anpil nan lide pou nou reziste parapò kriz sa yo. Jiskaprezan SPC pa nan yon wo nivo parapò laj li. Chif dafè li ta dwe pi lwen. Sevre genyen moun ki ale fè kanè men anpil manm pa konprann filozofi SPC. Souvan yo mete lajan sou epay aprè yo retire li, men si yo te mete l sou kapital sosyal li t ap pi bon pou yo. Nou konstate genyen anpil travay edikasyon ki dwe kontinye fèt sou filozofi SPC. Mwen genyen yon rekòmandasyon pou MPP kote manm anplwaye li yo dwe devlope yon lòt rapò nan SPC, nan fè yo konprann filozofi li. Si nou di SPC bank pòv malere yo, se pa yon blag sa ye. Paske peyizan yo pa genyen aksè jwenn kredi nan bank kòmèsyal yo. Ansanm fòmalite yo vrèman konplike.

Lajan peyizan yo ta ale mete nan bank kòmèsyal yo ale sèvi moun gwo zouzoun yo. Enterè bank santral mete sou lajan vrèman ba, sepandan kantite enterè SPC mete sou kapital sosyal peyizan yo pi wo. Malgre sa, konpòtman manm yo montre yo pa rive konprann filozofi SPC, paske yo manke mete kapital sosyal yo ladan li. Anplis, yo ta vle montre li se yon koperativ k ap bay kout ponya, lè yo prete yo pa vin peye kote enterè ap monte sou yo, san yo pa pase di anyen. Lè nou prete nou pa vini peye, nou pa di anyen n ap pase pou pyèdèt.  Lè nou aji konsa komite SPC an pa p kapab fè nou konfyans. Nou ta renmen reyalize yon moratwa pou moun ki dwe yo. Yon fason pou yo redefini prè yo. Sevre genyen anpil pwoblèm SPC ap konnen men nou bat yon gwo bravo pou li. Mèsi !

Eleksyon pou renouvle 1/3 nan komite yo:

  • Kandida yo ki pase nan eleksyon pou renouvle konsèy administrasyon an : Phanahèm Joachin, Guerda Mogelin.
  • Kandida asanble a vote pou komite kredi a : Monerot Jean-Claude.
  • Kandida asanble a apwouve pou komite edikasyon an : Yvronette Elie.
  • Kandida ki eli pou komite siveyans  lan : Gelkacha Mompremier.

Boutofen, se yon asanble ki te vrèman rich nan deba, kesyon, pataj konesans nan objektif pou SPC rive yon koperativ ki totalman modèl nan fonksyònman li andedan peyi a. Aprè tout deba yo,  validasyon rapò pwosè vèbal asanble jeneral SPC 2024 lan : 91/150 ; eleksyon ; rapò chak komite yo, temwanyaj kèk manm SPC ak refleksyon Chavannes Jean-Baptiste, Phanahèm Joachin voye mo remèsiman li bay tout manm ki te manifeste volonte reponn prezan nan asanble sa a. Evènman sa a fini nan yon kolasyon antre manm yo. Se yon pratik nan MPP pou manm yo manje ansanm, se yon prèv lanmou, konfyans, inite ak solidarite y ap devlope pandan y ap konbat lojik gwo k ap vale piti a, divizyon sosyal, politik k ap taye banda nan mitan sosyete ayisyen an. MPP kwè lòt sosyete li reve a dwe chita sou rekonsilyasyon, jistis sosyal ak solidarite, kote tout moun se moun  pa genyen moun pase moun.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.