MOUVEMENT JEUNE MPP

JENI 50yèm Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Nan lento pòt la.

MPP depi nan nesans li nan ane 1973 la, kwè nan devlope yon veritab edikasyon popilè an Ayiti, espesyalman nan enterè klas peyizan an. MPP se pitit edikasyon popilè, se pitit òganizasyon popilè. Edikasyon popilè nan MPP pran non animasyon pou chanjman sosyal. Nan yon premye tan, fondatè MPP a [Chavannes Jean-Baptiste], se an menm tan fondatè metòd animasyon pou chanjman sosyal la. Li t ap travay anba diktati Divalye a, nan sans sa, li te prefere di pito animasyon olye animasyon pou chanjman sosyal la. Edikasyon popilè a se yon edikasyon altènativ k ap fè valorizasyon ak jesyon patrimwàn kiltirèl ayisyen yo. Atik 15 nan estati MPP an montre priyorite li bay patrimwàn kiltirèl ayisyen an, lè li mansyone : « bay kilti natif natal nou yo valè, wete tout vèdegri lòt peyi jete sou kilti peyi a etan n ap bay pwodiksyon natif natal nou yo valè (manje, mizik, lang kreyòl, pwovèb yo, elatriye) […] » ( Estati MPP, 2013, PP – 10-11). Travay valorizasyon kontni kiltirèl ayisyen an pase atravè twa wòch dife MPP chita sou yo, tankou : fanm, gason ak jèn yo. Nan sans sa, nan lide pou MPP pouse jèn yo fè rechèch, fòme tèt yo, li mete kanpe JENI 50yèm nan objektif : ranfose kapasite ak angajman jèn yo sou ansanm aks entèvansyon li yo, tankou : istwa MPP, agwoekoloji peyizan, anviwònman, politik MPP, plan estratejik MPP, sante natirèl, elatriye.

Rasin premye edisyon JENI 50yèm MPP an.

Jeni 50yèm MPP an, se yon inisyativ ki pran nesans nan ane 2023, sitou nan okazyon kongrè 50yèm (1973-2023) anivèsè li a. « Gerline Jeannot ki se yon manm MPP, te fè wè lide pou MPP ta mete kanpe yon aktivite ki ta kapab non sèlman pouse jèn yo fè rechèch men tou ankouraje deba lakay yo. Nan yon premye tan, li te eseye rapwoche Malachy Bastien pou ansanm yo te kapab reflechi sou  fòmalizasyon aktivite sila a » […] Konsa Malachy Bastien ki se yon manm MPP, te kòmanse ekri gid lansman premye edisyon JENI an. « Premyè edisyon JENI 50yèm nan te fèt sòti 20 jen pou rive 5 dawout 2023. Se nan moman sa a konsèp JENI 50yèm nan sòti. Li te chita sou ansanm tematik sa yo : konesans jeneral, agwoekoloji, anviwònman, sante, espò, reyalite nasyonal ak entènasyonal, lavi MPP. Premyè edisyon an te baze tou sou tout aks entèvansyon MPP yo. Li te genyen 8 gwoupman ki te patisipe senpman nan komin Ench. Tout match yo te òganize nan Sant Lakay kote prim yo te remèt pandan Kongrè MPP an. Ekip ki te chanpyon premyè edisyon JENI an se « Union des jeunes » ki sòti nan lokalite Seramon.

Dezyèm edisyon JENI 50yèm MPP an.

Dezyèm edisyon JENI an te fèt nan okazyon Nwèl MPP, sòti 23 novanm pou rive 22 desanm 2023. Li te òganize anba tèm – Konnen MPP, nan lide pou li pèmèt jèn MPP yo chèche konnen plis sou òganizasyon an. Li te reyalize nan twa komin epi konpoze 14 gwoupman : 4 gwoupman nan komin Mibalè ; 4 gwoupman nan komin Mayisad ak 6 gwoupman nan komin Ench. Li te chita sou aspè sa yo : gran oryantasyon MPP ; estati MPP ; vizyon ak istwa MPP ; relasyon MPP avèk MPNKP, 4 je, La Via Campesina, CLOC ak KONTRAPÈPLA. Ekip ki te chanpyon nan dezyèm edisyon JENI an se « Jèn an aksyon » ki te sòti nan komin Mibalè.

Twazyèm edisyon JENI 50yèm MPP an.

Gwoupman ki chanpyon an ki se : “AJTDAN”

Twazyèm edisyon JENI 50yèm nan te kòmanse sòti 28 avril rive 5 jen 2024. Li te òganize anba tèm : « agwoekoloji peyizan, sèl mwayen pou nou refwadi planèt la ». JENI an te genyen 14 gwoupman ki sòti nan twa (3) komin, tankou – komin Ench, komin Mibalè ak komin Mayisad. Gwoupman ki chanpyon twazyèm edisyon an se « AJTDAN ». Gwoupman «Lafoumi» dezyèm, gwoupman « Men nan men » rive an twazyèm epi gwoupman « jèn avanse nan Yawo » rive nan katriyèm pozisyon. Final twazyèm edisyon JENI an te reyalize nan okazyon jounen mondyal anviwònman nan lokal « Sant lakay » ki nan twazyèm seksyon kominal Ench lan. Manm jiri final sa a : Juslène Tyrésias, Chavannes Jean-Baptiste, Gislaine Saint-Fleur ak Faudeline Florelus. Plizyè manm nan kòdinasyon an te pran lapawòl, pami yo Gumpson Cheranfant te pale sou ansanm règ jwèt yo avan dewoulman match lan. Kòdonatris JENI an, Gerline Jeannot, te eksprime lakontman ak gratitid li pou tout moun ki te angaje yo nan reyalizasyon twazyèm edisyon an. An n li ansanm yon ti bout nan pawòl kòdonatris la :

[…] N ap pwofite remèsi epi felisite tout jèn nan gwoupman yo ki te pran desizyon pou yo patisipe nan twazyèm edisyon JENI an. N ap remèsye ak felisite tout animatris ak animatè ki nan zòn Mayisad, Mibalè, nan twazyèm ak katriyèm seksyon kominal Ench lan. Y ap fè gwo travay sou teren an, espesyalman Manno, Marie Lucie, Derniéla, Dieudonné, Célanès, Gislaine ak Saintilus. Yo te deside sakrifye tan yo pou yo pèmèt JENI an reyalize nan zòn yo […] N ap pwofite di jèn yo etidye, fòme tèt yo, fè lekti tout tan yo kapab, paske fè lekti [nan liv ki kapab sèvi sewòm nan nouri lespri ak kò yo] kapab jwe yon wòl enpòtan nan [travay pwofesyonèl yo epi pou lasante yo]. L ap pèmèt yo ranfòse kapasite entèlektyèl yo epi ogmante nivo refleksyon yo pandan l ap reveye konsyans yo […]

Derniéla Noёl ki resevwa yon plak pou bon travay li.

 Nan okazyon sa a tou kòdinasyon JENI an te deside bay Sergo Marcelus yon prim, kòm pi bon jwè twazyèm edisyon an.  Li sòti nan gwoupman « Men nan men » nan komin Mayisad. Nan yon lòt bò, Derniéla Noёl resevwa yon plak nan kad angajman li nan reyalizasyon twazyèm edisyon an.

Boutofen, kòdonatris JENI an – Gerline Jeannot, kwè inisyativ sa a se yon metòd aprantisaj kolektif k ap pèmèt jèn yo aprann travay ansanm an pèmanans andedan oganizasyon an. Li ta dwe enskri nan Estati MPP an kòm yon sou seksyon andedan seksyon edikasyon ak animasyon an, anplis nan plan estratejik MPP an, nan plan l ap monte chak ane yo. JENI an pa ta dwe fèt pou li rete senpman nan MPP, men li dwe ale pi lwen nan tout lòt depatman yo atravè Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP). Angwo, JENI 50yèm nan se yon pwojè nou dwe chèche konprann atravè vizyon estratejik li ak objektif li. Pou li rive rete vivan, se nan angajman, nan disiplin, nan solidarite ak konviksyon, l ap rive ale pi lwen. Dirijan yo, direksyon ekzekitif ak kòdinasyon yo nan MPP dwe kontinye angaje yo ladan l, konsa y ap pèmèt li rete vivan pandan tout egzistans òganizasyon an.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.