Realisations

45 yèm Asanble jeneral MPP : Peyizan […] An n reziste kont okipasyon

Devan pòt la.

Mouvman Peyizan Papay (MPP) òganize 45 yèm Asanble jeneral li nan Lakay Sant Nasyonal Kad Fòmasyon Peyizan/Sant Lakay, ki lokalize nan Papay, twazyèm seksyon kominal Agwayedyong riv dwat , nan komin Ench, soti 19 rive 21 mas 2026. Asanble sa a te chita anba tèm : Peyizan […] An n reziste kont okipasyon. Pandan twa jounen sa a plizyè aktivite sosyo kiltirèl te reyalize, tankou : akèy ak enskripsyon delege yo ; manje ansanm ; mo lizay dirijan ak manm Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP) ; animasyon pou chanjman sosyal ;  analiz konjonkti sosyo-politik ; refleksyon sou tèm Asanble ; rezime bilan aksyon MPP an 2025 ; sware rekreyativ ; Atelye (jèn, fanm ak gason) travay sou rezistans MPP kont pwojè rekolonizasyon peyi a ; refleksyon sou agwoekoloji peyizan pou souverènte alimantè peyi a ; refleksyon sou wòl ekonomi sosyal ak solidè nan konstriksyon yon lòt Ayiti ; prezantasyon plan aksyon MPP nan rezistans kont okipasyon an 2026 ; prezantasyon deklarasyon final pou laprès ; prezantasyon pi bon gwoupman : jèn, Fanm, Miks ak animatris/animatè chanpyon an 2025 ak mistik revolisyonè kloti Asanble a. Animasyon Asanble te asire sou responsabilite Ibolele/MPP, Nandcie Pierre, Diodat Elie, Nadège Saintil ak Jacky Darius. Ouvèti ofisyèl Asanble a fèt sou dizon Jacky Darius ak Isemide Irma (kòdonatè gason ak fanm MPP).  An n suiv nan liy anba yo rezime dizon chak entèvenan yo pandan Asanble a.

Analiz konjonkti  sosyo-politik sou direksyon Philfrant St-Naré ak Chavannes Jean Baptiste

Analiz konjonkti sosyo-politik la fèt nan nivo nasyonal ak entènasyonal. Pami gwo pwen yo nan nivo nasyonal : kòman MPP ede konbat fenomèn banditis la ; kòman MPP konprann enskr ipsyon 320 pati politik ki vle pran wout eleksyon ; fenomèn dappiyanp sou tè peyizan yo ; pale sou fenomèn migrasyon ; pale sou konpòtman dirijan Ayisyen yo ; pale sou pozisyon MPP dwe pran nan kesyon eleksyon k ap pale a. Asanble a mete li dakò y ap nan eleksyon men se pa p nan eleksyon pike kole ki ta dwe fèt nan moman sa a.

Refleksyon Chavannes Jean Baptiste sou tèm 45 yèm Asanble jeneral MPP an

Nou pral fè yon ti kout refleksyon sou tèm nan. Nou pa p rete sou mo peyizan paske nou se delege gwoupman peyizan yo.  Menm si genyen gwo save ki pa konnen ki sa mo peyizan ye. Nan peyi d Ayiti peyizan yo se potomitan, menm jan nan MPP nou genyen yon emisyon ki rele fanm Potomitan. Nan demografi peyi a majorite moun se peyizan. Se yon kategori moun k ap viv ak pratike agrikilti.  Ayiti pa p kapab kanpe solid san peyizan yo.

Mo rezistans

Nan tèm nan mwen ta renmen kèk moun nan Asanble a di nou kisa mo rezistans lan vle di. Selon pami delege yo : se yon moman kote w ap travèse yon kriz, w ap batay jouk ou soti ladan li ; rete fèm nan sa w ye a ; nou menm nan MPP se nan rezistans lan nou ye la kote malgre nou pran kou men nou prezan pi rèd ; genyen pasaj nan Labib ki di nou dwe reziste lwen djab la konsa nou menm n ap kouri kont okipasyon an ; nan MPP nou konnen mo rezistans nan eprèv nou pase sou koudeta Jean Bertrand Aristide 1991 ; rezistans vle di mennen yon lit pou ou pa pèdi ; se moman w ap pran kou kote ou mare santi w men ou kontinye ap batay menm jan kamarad Chavannes pran anpil kou pou li mouri men li kontinye reziste.

Reziste vle di batay pou w soti. Lè w nan yon move sitiyasyon ou pa nan plenyen men ou batay pou ou soti ladan li. Reziste se lè w pran kou ou chache remèt kou yo. Nan MPP nou pratike s ak rele rezistans lan tankou nan Jwanarya anpil militant te sibi move trèteman nan moman koudeta 1991 lan. Genyen lide ki fè kwè lòt moun pa vle antre nan òganizasyon an pou yo pa kale yo, paske te genyen manm MPP yo bat jouk yo rive soud.

Rezistans lan se pa ale vòlè, ni tiye tèt ou, ni fè endiyasyon fè w tiye tèt ou, men se batay pou ou pa pèdi, pran kou remèt kou. Menm jan nan komin Boukankare sitiyasyon an lakoz rezistans lan vrèman difisil. Genyen yon jèn ki soti nan komin sa a ki di pou nou ede li priye men nou menm nan MPP priyè nou se batay pou chanjman sosyal la. Lapriye pa kapab sove nou nan katchoubonmbe nou ye la. Se batay li ye. Se rete vrèman fèm epi kontinye mare santi nou.

kisa sa vle di, reziste kont okipasyon ?

Mwen ta renmen kèk nan nou di nou kisa sa vle di, reziste kont okipasyon. Kisa okipasyon an vle di ? Wi nou anba okipasyon nan peyi a, nou chaje tankou legba anba okipasyon ; wi nou anba okipasyon paske tout dirijan nou yo se enperyalis yo ki deside mete yo, nou dwe batay pou nou soti ladan li ; pou mwen okipasyon an vle di nou pa lib, pitit nou pa kapab manje, nou pa kapab voye timoun nou lekòl, n ap viv nan laperèz ; nan peyi a nou anba okipasyon Blan meriken paske se yo k ap deside pou nou ; okipasyon vle di pèdi souverènte ; nou anba okipasyon paske n ap viv nan depandans agrikòl.

Selon kamarad Chavannes Jean Baptiste,  pou mwen menm Asanble a byen kòmanse nan fason  delege yo pale epi fè bon jan analiz. Pou mwen menm tèm nan byen chwazi. Okipasyon an parèt sou anpil fòm. Genyen yon fòm mwen byen kontan yon delege pran li kòm egzanp. Se kote li di nou pa granmoun tèt nou. Depi yon moun pa genyen kontwòl vant li, li anba kontwòl oswa sou depandans. Genyen lòt moun ki fè nou konnen yo retire chèn nan pye nou, yo mete li nan tèt nou. Fason n ap pale montre sa a. Okipasyon an pa senpman nan sèvo nou, li nan asyèt nou, men li tout kote, tankou nan administrasyon piblik ak prive yo.  Menm jan jodi a, yo mete Alix Didier Fils-Aimé kòm sèl chèf. Yo mete li pou li kapab fè tchoul yo. Pa genyen yon peyi sou latè yon Anbasadè genyen tout pouvwa sa a. N ap raple sistèm kolonizasyon an ap vale teren nèt, sitou nan eleksyon 2011 yo, kote enperyalis yo soumèt nou Michel Martely kòm chèf Deta. Se pa pèp ayisyen ki te vote li. Nan diskou li di yon mo anglè ki montre nou kòman li vini vann peyi a – Haiti is open for business. Gouvènman li a mete kanpe anpil zòn franch nan peyi a. Fè dappiyanp sou tè peyizan yo pou yo bay boujwa, se tankou peyizan yo pa fèt pou yo genyen tè.

Fenomèn ensekirite an Ayiti sou kontwòl enperyalis ak aktè sosyo-politik restavèk Ayisyen yo

Jodi a, se menm misyon kraze peyi a k ap kontinye. Black Wather ki se konpayi prive Éric Prince. Gouvènman sa a bay konpayi Éric Prince 50 milyon dola vèt pou yo touye ayisyen ki sou sòl papa Desalin nan. Enperyalis yo te mete 9 prezidan sou direksyon CARICOM. Genyen pwojè pou yo voye vini 5500 militè k ap soti nan 18 peyi k ap antre an Ayiti. Genyen enfòmasyon k ap sikile kòm militè Kenyan yo ap ansent jèn fanm nan peyi a. Nou sonje kantite dega MINUSTAH te fè nan sans sa an Ayiti. Okipasyon an klè an Ayiti.

Soti nan KPT an rive sou Fils-Aimé se gwo dega senpman k ap fèt sou peyi a. Pou yo kapab jwenn plis lejitimite yo bezwen fè eleksyon pike kole. Yon fason pou enperyalis franse, kanadyen ak Etazinyen kapab kontwole peyi a plis byen. Etazinyen yo ap chache jwenn ‘Terre rare”, yo bezwen eksplwate rezous ki anba vant sòl peyi a.

Alix Didier Fils-Aimé elabore yon Pak. Tout peyizan yo konnen kisa yon pak ye epi kisa ki ladan li. Se Kochon peyizan yo mete nan Pak pou yo kapab angrese byen. Mwen pa t panse t ap genyen moun ki ta prale nan koze sa a. Nou wè anpil moun ap defile ale ladan li. Nou konsidere yo kòm Konze. Tout moun ki ale enskri nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) se trèt.  Genyen 320 pati politik ki enskri, nou konsidere sa a kòm yon eskandal piblik. Pami pati sa yo KONTRA PÈP LA pa ladan li. Nou pa p ankouraje okipasyon an. Nou genyen devwa pou nou reziste kont okipasyon an. Fason n ap batay kont okipasyon sa a pral manifeste plis nan atelye jèn, fanm ak gason yo pral fè. N ap raple premye viktim okipasyon 1915 lan se mas peyizan yo. Se youn nan koz pwoblèm granmounite nou.

Rezime refleksyon sou agwoekoloji peyizan pou souverènte alimantè peyi a sou direksyon Mulaire Michel, Iselande Alexandre, Alexander Placide ak Guenpsom Cherenfant.

Kisa konsèp Souverènte alimantè a ye ? Poukisa MPP antre nan demach sa a ?

Souverènte alimantè a se yon konsèp fondamantal pou lavi nou ak pou lavni peyi nou. Pale sou manje pa vle di sèlman satisfè grangou, men li se yon zouti libète. Lè yon pèp depann  sou sa k ap soti nan lòt peyi pou nouri tèt li, li pèdi pouvwa li. Men lè nou kontwole pwodiksyon ak konsomasyon manje nou, l ap pemèt nou  reziste kont depandans, kont kondisyon sosyo-ekonomik miwo miba, epi kont nenpòt fòm okipasyon, ekonomik oswa politik. Sepousa nou di souverènte alimantè se pa sèlman yon konsèp agrikòl, men li se yon zouti batay pou endepandans, diyite, ak rezistans pèp la.

Souverènte alimantè se dwa yon peyi oubyen yon pèp genyen pou li deside kijan li pwodwi manje, kisa li vle manje, epi kijan li òganize sistèm agrikòl li nan jwenn manje ki sen, san depann sou lòt peyi. Se pa sèlman kesyon manje, men se kesyon diyite, endepandans ak devlòpman ekonomik kominotè. Chak pèp, chak peyi genyen dwa pou yo pwodwi manje, manje ki sen, nan pri abòdab pou popilasyon an epi manje ki respekte kilti ak abitid alimantè granmoun lontan yo.

Agwoekoloji a parèt kòm yon apwòch dirab ki mete ansanm pwodiksyon agrikòl, pwoteksyon aviwònman ak devlopman sosyal. Li pèmèt ogmante pwodiksyon pandan li respekte resous natirèl yo epi li valorize konesans lokal peyizan yo. Agwoekoloji a transfòme sistèm alimantè yo pou yo vin plis lokal, plis dirab epi plis jis. Konsa, li tabli yon baz solid pou li garanti souverènte alimantè a nan yon fason ki respekte anviwònman ak byennèt popilasyon yo.

Etid yo montre klèman agwokelojiloji a se potomitan souverènte alimantè a. Nou pa kapab rive nan souverènte alimantè a si nou pa mete an valè prensip ak pratik agwoekolojik yo. Paske li :

  • Redwi depandans sou angrè ak pestisid chimik ;
  • Ankouraje divèsite pwodiksyon ;
  • Ranfòse kapasite peyizan yo pou yo kontwole pwodiksyon ak distribisyon manje yo ;
  • Amelyore rezilyans devan dezòd klimatik.

Rekòmandasyon pou Leta ak enstitisyon ak peyizan yo :

  • Mete an plas politik piblik pou sipòte agwoekoloji ;
  • Bay fòmasyon ak asistans teknik pou yon agrikilti dirab ;
  • Fasilite aksè nan pwodwi agrikòl yo ;

Pou esnstitisyon yo :

  • Ankouraje rechèch sou pratik agwoekolojik yo ;
  • Fè pwogram fòmasyon pou peyizan yo ;
  • Sipòte òganizasyon kominotè ak koperativ yo.

Pou peyizan yo :

  • Adopte pratik agwoekolojik yo (fè konpòs, asosiyasyon ak wotasyon kilti, itilize angrè ak pestisid natirèl, semans lokal) ;
  • Konsome pwodwi lokal yo ;
  • Pataje eksperyans yo ak lòt pwodiktè ;
  • Fè jaden nou yo tounen modèl pou Agwoekoloji ;
  • Tounen nan kesyon konbit la ;
  • Pwoteje tè ak dlo kòm resous kle.

Aprè ekspoze a, plizyè delege gwoupman yo nan Asanble a te poze yon ansanm kesyon. Pami kesyon ki te poze yo :

  • Kòman nou kapab konbat okipasyon an ?
  • Èske agwonòm yo kreye yon sendika nan fòme peyizan yo nan lide pou yo kapab jwenn plis rannman ?
  • Kòman agwonòm yo kapab ede nan konsève pwodui lokal nou yo ?
  • Kisa ki fè mòn yo rete blanch pandan moun yo ap konstri nan vil yo senpman ?
  • Kòman agwoekoloji a kapab ede nan ogmante kantite manje n ap pwodui yo an Ayiti ?
  • Kòman agwoekoloji a kapab redui nan depandans nou ?

Refleksyon sou wòl ekonomi sosyal ak solidè nan konstriksyon yon lòt Ayiti sou direksyon Verona Val, Chavannes Jean Baptiste ak Phanahèm Joachin

Pawòl Chavannes Jean Baptiste

Ekonomi sosyal ak solidè a se yon altenatif parapò ekonomi sistèm kapitalis la. Se yon ekonomi ki anfas ekonomi sistèm kapitalis la. Ekonomi se youn, men ekonomi sosyal ak solidè se yon ekonomi kominote. Se li menm ki ranplase lojik sistèm gwo k ap vale piti a. Nan ekonomi sa a genyen twa gwo fòm : koperativ, mityèl solidarite ak asosiyasyon. Youn nan eleman enpòtan nan mityèl la se solidarite.

Jodi a, genyen anpil zouti k ap konstri nan sosyete a, tankou Tipa. Nan MPP nou pa ankouraje moun antre ladan li. Nou ankouraje manm gwoupman yo enskri nan SPC. Li enpòtan pou yo mete kòb yo nan Epay olye ekonomi. Nan ekonomi sosyal ak solidè li pèmèt nou sispann esklav. Li enpòtan pou nou konnen sa n ap achte ak lajan nou pou nou pa bay sistèm ekonomik kapitalis la jarèt sou yon lòt fòm, tankou nan achte pwodui enpòte yo. Nan MPP nou ankouraje nou devlope yon ekonomi granmoun, yon fason pou nou genyen yon peyi granmoun. Nan Asanble SPC nou te klè lajan li pa p ale nan Labank boujwa yo, yon fason pou li pa bay grannèg jarèt nan modèl ekonomi yo.

Pawòl Fanehem Joachim

Kamarad Fanehem Joachim pale sou fòm koperativ la. Poukisa se li menm ? Paske li se prezidan Sere Pou Chofe (SPC) k ap fete 50 rekòt kafe li nan bout mwa mas 2026 lan. Selon li menm :  mwen kontan prezan pou mwen vini fè ti pale sa a. Depi MPP pran nesans li mete kanpe nan ane 1976, SPC. Tout manm MPP dwe manm SPC. Nan filozofi MPP se konbat sistèm kapitalis la. Sepousa, li mete kanpe SPC kòm prensipal bank peyizan yo. Sistèm kapitalis egzije w pou ou depanse chak jou, tankou yon moun k ap fimen chak moman fòk l ap voye lajan monte nan lafimen ; bwè kleren ; jwe bòlèt vin yon obligasyon oswa yon presyon sosyal suivan yon manipilasyon sosyal fòse. Nou dwe travay pou nou sere ak itilize lajan nou nan bon jan kondisyon. Travay pou nou konsève lajan nou. Sere lajan nan bank peyizan yo tankou nan SPC. Si w kite li lakay ou se pa yon bon estrateji. Fòk ou sere pou ou kapab chofe.  Si se nan bank boujwa yo ou ale mete lajan w, n ap pèmèt yo vini plis rich pandan n ap vini plis pòv.

Mwen ankouraje nou chache yon fason pou nou lave pwòp figi nou. Anpil moun ap tann se moun ki pou fè l pou yo. Si se moun k ap lave je nou li kapab pete je w, sitou si li anbisye. Se nan sans sa, SPC envite nou vini sere pou nou kapab reyalize pwojè nou yo. Nou dwe reflechi sou sa nou kapab fè, men se pa sa moun kapab fè pou nou. Lè se nou k ap fè l n ap fè l byen. Nan dat 30 avril 2026, l ap fè SPC 50 ane. Li se bank nou. Vini chofe ladan li. Youn nan pwojè nou genyen jounen jodi a se pèmèt li ale plis prè nou. Se yon fason pou nou kapab fè transaksyon lajan nou plis fasil. Ankouraje gwoupman nou yo vini enskri nan SPC. Se youn nan fason n ap kapab rezoud pwojè nou yo.

Pawòl Verona Val

Pawòl Verona Val (direktris egzekitif MPP, prezidant mityèl), wòl mityèl la kapab jwe nan rezistans kont okipasyon an. Mityèl la se yon zouti ki devlope nan kominote yo. Li pa yon enstitisyon finansye. Se yon gwoup moun ki nan yon kominote ki konstate pwoblèm k ap travèse nan yon kominote epi ede rezoud li. Prensip mityèl la se manm li yo ki defini yo. Objektif li : pèmèt moun yo òganize tèt yo, fè solidarite, ede rezoud pwoblèm ki genyen nan kominote a. Genyen  anpil mityèl ki fonde ki kraze paske gwo chabrak ki ladan li yo pran kòb yo gagote, pati kite peyi a ak yo. Nan yon mityèl genyen : kè, tèt ak sèvo. Chak manm yo enpòtan epi se manm yo ki kreye komite yo. Mityèl la ede nou fè yon ekonomi fòse epi ranfòse revni nou. Kontrèman nan Labank boujwa yo fòk nou ranpli tout fòmalite legal yo ak gade si nou genyen kapasite pou nou peye kredi a.

Nan yon mityèl, se manm yo ki mèt li. Chak mwa dwe genyen yon rapò sou lajan manm yo. Si genyen pwoblèm pami nan manm yo pa rive peye, nou ale gade kisa ki nan nannan pwoblèm sa a.  Anpil moun toujou ap temwanye enpòtans mityèl yo. Nan mityèl la manm yo se prensipal kòk chante. Pa genyen pyès Blan mannan k ap vini pase lòd. Si nou bezwen soti nan move kondisyon sosyo-ekonomik sa a, se kreye pwòp mwayen nou pou nou kapab rezoud pwoblèm sosyoekonomik yo. Se youn nan fason nou kapab konbat okipasyon an.

Temwanyaj ak kesyon

  • Manm SPC depi 1976. Li eksplike kòman SPC ede li konfwonte lanmò papa li. Koperativ sa a, se kanè bank malere yo, nou dwe kontinye chofe, chofe, chofe.
  • Konbyen moun ki kapab kòmanse yon koperativ ?
  • Kòman nou kapab jwenn fòmasyon nan kreye yon koperativ ?
  • Kòman yon mityèl kapab kreye ?
  • Kòman lajan mityèl la fonksyone ?

Prezantasyon gwoupman modèl : Jèn, Fanm, Miks ak animatris/animatè ki chanpyon nan ane 2025

Anpil dirijan nan MPP fè plizyè konsta kote anpil gwoupman ap kraze. Genyen lòt gwoupman ki pa fonksyonèl reyèlman. Dirijan yo mete aksan sou plizyè aspè ki ta kapab nan rasin pwoblèm sa yo, tankou : migrasyon, ensekirite, etid, ankèt entegrasyon sosyal kòm pwofesyonèl, elatriye. Annatandan yon repons rasyonèl ki kadre yon travay rechèch akademik sou sa a, dirijan MPP yo poze youn nan aksyon sosyal k ap pèmèt yo kòmanse genyen yon lide sou pwoblèm nan. Yo reyalize yon ankèt sou direksyon seksyon edikasyon ak òganizasyon nan lide pou yo konnen pi bon animatè, animatris, gwoupman jèn, gwoupman miks (gason ak fanm) ak fanm pou ane 2025 lan. Rezilta ankèt la fè konnen :

  • Gwoupman jèn chanpyon : Gwoupman IJPM (Inyon Jèn Peyizan Mapou) – lokalize nan Katriyèm seksyon kominal Ench.
  • Gwoupman jèn vis chanpyon : Gwoupman GVL (Groupement voix Liberté) – lokalize nan twazyèm seksyon kominal Ench, sitou nan Papay.
  • Animatris chanpyon : Maricame Paul – Komin Tomonn
  • Vis animatris chanpyon : Daniela Noёl – Mayisad
  • Animatè chanpyon : Childérick Placide – Twazyèm seksyon kominal Ench, sitou nan Lospalis.
  • Vis animatè chanpyon : Gelcacha Mompremier – Sèkalasous
  • Gwoupman fanm ki chanpyon : Fanm vanyan Basen Bèf  – lokalize nan twazyèm seksyon kominal Ench.
  • Vis chanpyon gwoupman fanm : ?
  • Gwoupman miks chanpyon : Lapsyans – lokalize nan twazyèm seksyon kominal Ench, sitou nan Lospalis
  • Gwoupman vis chanpyon miks : Lite pou chanjman – lokalize nan vil Ench.

Boutofen, 45 yèm Asanble Jeneral MPP an se te yon espas aprantisay, retwouvay ak kè kontan kote plis pase 300 delege te reponn prezan nan Sant Lakay Papay, nan objektif pou yo vini reflechi ak pran bon jan dezisyon sou lavni òganizasyon an. Li fini nan bay yon konferans pou laprès ki fikse yon lòt fwa pozisyon sosyo-politik MPP. Nan sans sa a, Asanble jeneral MPP an lanse yon apèl ijan pou rezistans :

  • Rezistans òganizasyon peyizan yo nan 4 kwen peyi a kont dappiyanp k ap fèt sou tè agrikòl yo. Sonje peyizan = Travay tè. Wete tè agrikòl yo nan men peyizan yo egal elimine peyizan yo. Reziste, Reziste kont vòlè tè.
  • Rezistans kont destriksyon agrikilti peyizan yo nan retounen nan pwodwi manje natif natal. Sa mande devlope agwoekoloji peyizan pou bare anvayisman agrikilti endistriyèl la k ap detri sòl yo, detri anviwònman. Sa mande reziste kont manje pèpè, reziste kont dechè plastik, reziste kont destriksyon anviwònman. An nou konstri souverènte alimantè kòm baz souverènte nasyonal peyi d Ayiti.
  • Rezistans kont pwosesis elektoral okipasyon an. Reziste kont tout demann pou nou kandida, pou nou kore kandida, pou nou ale vole pou 1000 goud. Peyizan sispann sèvi politisyen Konze. Veye kandida yo. Bare yo. Nou pral vote an mas lè genyen yon pwosesis eleksyon nòmal nan yon klima nòmal.
  • Asanble jeneral MPP an mande mas popilasyon an k ap soufri yo pou yo pa dekouraje, pa bay legen. Sonje istwa nou. Depi yo te derasinen nou nan Afrik manman nou, nou t ap reziste depi nan bato yo ki t ap transpòte nan Amerik la pou nou pa esklav. Nou te bay lemonn antye yon leson nan revolisyon 1804 la.

ABA OKIPASYON. VIV YON AYITI GRAN MOUN. ÒGANIZASYON OU LANMÒ !

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions