Realisations

Wòl alimantasyon nan lasante moun

Nan lento pòt la.

Juslène Tyresias ak Chavannes Jean-Baptiste pran lapawòl pandan jounen vandredi 16 dawout 2024 la, nan okazyon 26 zyèm edisyon kan souverènte alimantè a nan MPP. Kamarad sa yo montre nesesite ki genyen pou ayisyen redefini alimantasyon nan retounen nan pratik ak tradisyon alimantè bizawèl ak Tatawèl nou yo. Se yon apwòch ki makònen filozofi tèm kan an, nan aprann respekte tèt nou nan tout nivo. Tèm kan an :  Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Se yon kan ki reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an.

Refleksyon sou nitrisyon.

Kò yon moun se pati materyèl ki fè li viv.  Li enpòtan nan lavi yon moun. Poutèt sa li mande anpil pwoteksyon si w vle kò an fonksyone byen, nan ka kontrè l ap mal fonksyone. Si yon moun vle viv byen sa chita sou plizyè bagay tankou li dwe manje, li dwe respire bon lè, li dwe fè espò, elatriye. Tout bagay sa yo se faktè ki ka fè yon moun jwi yon bon sante. Pou yon moun viv an sante fòk li manje manje ki sen epi ki byen balanse, li pa ta dwe fimen ni bwè anpil alkòl, li dwe bay tèt li bon prensip sou kesyon ijyèn, an gwo nou kapab di lavi yon moun repoze sou anpil faktè men lè n ap gade fason reyalite a ye jodi a nan lemonn, an patikilye an Ayiti, èske tout kondisyon yo reyini pou nou di n ap viv nan bon lasante ? An nou analize bagay yo pi byen pou nou wè sa ki merite chanje nan rejim alimantè nou.

Depi yon moun fèt li ta dwe viv byen paske tout règ ak nòm ki egziste nan lemonn an jeneral kote chak peyi rekonèt se yon dwa fondamantal pou tout moun ki genyen lavi, viv byen. Se dwa inivèsèl pou tout moun viv byen pa genyen dout nan sa, menm konstitisyon peyi dayiti nan atik 19 mansyone : « Leta dwe degaje l tout jan, tout manyè, pou tout ayisyen fanm kòm gason, timoun kòm granmoun jwenn lavi, lasante ak respè. Atik 22 pi klè toujou paske li di: « Leta dwe rekonèt tout ayisyen genyen dwa jwenn dekwa pou yo ka byen manje ». Nan sans sa, pou yon moun ka viv nan bon lasante fòk li ranpli tout kondisyon sa yo : li dwe byen manje, respire bon lè fre, fè espò epi respekte tout règ ijyèn yo. Pou yon moun byen manje li dwe aplike sa ki rele nitrisyon an.

Kisa nitrisyon an ye ?

Nitrisyon se tout pwosesis yon moun itilize pou li kapab absobe aliman yo, sètadi manje ki endispansab pou li bay kò an antretyen  ak tout sa li bezwen nan kantite enèji pou li byen fonksyone. An gwo nitrisyon an se baz lasante menm li ye. Nitrisyon an se yon espesyalite li ye, tankou tout lòt yo li vas anpil. Li enpòtan pou yon moun bay tèt li yon bon prensip sou kesyon nitrisyon an nan sa l ap manje yo. An gwo nou konstate baz nitrisyon an se bay kò an yon bon abitid alimantè, se pa manje vant plen, men se manje yon pati nan tout sa kò an bezwen pou li grandi, genyen enèji ak pwoteje li. Nan sans sa a, nou kapab klase manje yo sou baz nitrisyon an, an 3 gran gwoup :

  • Manje ki bati kò an (aliman konstriktè) : nou jwenn manje sa yo nan tout sa ki sòti nan bèt yo ak nan pwa yo tankou nan : ze, lèt, pwason, vyann, pwa yo, pistach, nwa, akamil, manba, elatriye.
  • Manje ki pwoteje kò an (aliman pwotektè) : nou jwenn eleman sa yo nan tout fwi ak legim yo tankou nan : zoranj, seriz, mango, fig, chadèk, sitwon, zabriko, zaboka, gwayav, karòt, berejèn, epina, lyann panye, zèb egiy, militon, papay.
  • Manje ki bay kò an enèji fòs ak kouraj (aliman enèjetik) : n ap jwenn yo  nan  sereyal yo, viv yo, sik ak grès yo, tankou : diri, mayi, pitimi, bannann, manyòk, patat, pòmdetè, pen, kasav, yanm, malanga, manba, bè, lwil, elatriye.

Nan liy anwo yo nou wè pou kò an byen fonksyone li bezwen anpil eleman tankou sila yo ki rele lipid, glisid, pwotid, vitamin yo, eleman mireral yo ak oligo-eleman yo.

Lipid : se yon eleman fondamantal nan kò moun, li sèvi pou bay kò an kantite chalè li bezwen an. Lipid yo sòti nan kò gra yo, oswa yo genyen orijin animal oubyen orijin vejetal yo. Nou jwenn lipid la nan manje ki gra yo tankou manba, lwil, bè, lèt ak fwomaj. Lipid yo se sous prensipal vitamin ki fonn nan grès yo tankou vitamin A, vitamin D, vitamin E, vitamin K. Se aliman ki rich an kalori nan 1 gram manje sa yo genyen 9 kalori, sou plan enèjetik, lipid yo bay kò an yon kantite chalè ki enpòtan paske chak gram bay 9 kalori. Pakont pwotid yo bay sèlman 4 kalori. Bè an genyen vitamin ki fonn nan grès menm jan ak vitamin A ak vitamin D. Lwil ki sòti nan vejetal yo tankou nan pistach, mayi, palmye ki genyen lwil, elatriye. Genyen asid gra esansyèl kò an pa kapab fè pou kont li, yo enpòtan anpil pou edifikasyon tisi nève yo.

Grès yo jwe yon wòl enpòtan nan kò an, tankou : lwil, bè, zaboka, fwomaj ak vyann. Menm jan li pa bon pou nou manje anpil grès li pa bon tou pou nou pa ta manje eleman ki bay enèji yo tankou sa ki bay grès yo ditou paske yo ede digesyon an fèt epi se sa ki transfòme pati grès nou bezwen an an asid gra epi ki ranfòse aksyon vitamin D pandan yo depose kalsyòm ak fosfò nan zo ak nan dan nou.

Glisid :  se yon eleman fondamantal nan kò yon moun, li sèvi nan bay kò an kantite chalè li bezwen an, nan voye yon kantite idwojèn, oksijèn ak kabòn nan kò an. Nou jwenn glisid nan sik, myèl, konfiti epi nan chokola. Myèl la genyen anpil glisid paske chak 100 gram myèl bay 310 kalori, li genyen vitamin B ak oligo eleman yo, fosfò, manganèz, fè, kwiv, potasyòm, mayezyòm, klò epi li ede dijesyon lòt manje fèt pi vit.

Sik :  jwe yon gwo wòl nan bay kò an kalori men li pi bon pou nou pran sik natirèl yo, genyen 2 kalite ki se friktoz ak glikoz yo, yo egziste nan prèske tout fwi ak legim yo patikilyèman nan rezin, yanm ak mayi, kann, anana ak kawòt, pwa wouj, pwa frans, pòmdetè ak manyòk. Nou konseye moun pou yo pa manje sik blan paske li rafine li pa genyen sa kò an bezwen an.

Pwotid : Se sibtans ki genyen pwoteyin yo bon pou kò an paske se gwoup sa ki konstri kò an, li enpòtan anpil nan konstriksyon kò an. Nou jwenn yo nan 2 gwoup manje tankou : genyen ki sòti nan animal yo ki se : pwason, lèt, ze, ak vyann yo.

  • Genyen ki sòti nan vejetal yo ki se :
  1. Legim fre yo tankou: fèy vèt yo, karòt, elatriye.
  2. Legim sèk yo ki se: pwa yo ak sereyal yo.

Genyen 2 klas pwoteyin:

  • Premye klas la kenbe kò an nan bon eta, nou jwenn yo nan jòn ze, fwomaj, lèt, fwa, mewl, nan andedan bèt epi genyen kèk vejetal ki genyen yo tou tankou nwa pistach ak jèm ble
  • Dezyèm klas la ede kò an rete an sante nou jwenn li nan tout kalite pwa n ap manje yo nan sereyal yo ak nan blan ze. Wòl pwoteyin yo se anpeche nou anemi paske se pwoteyin yo ki ede nou genyen emoglobin, anzim, pwoteyin nan san nou ak òmon ki fè kè nou ak ren nou byen fonksyone

Vitamin yo: se sibtans òganik ki endispansab pou kwasans ak bon fonksyònman kò an, menm lè se nan yon kantite ki fèb. Yo divize an 2 gwoup tankou :

  1. Yon gwoup ki fonn nan grès ki se Vitamin A, vitamin D, vitamin E, vitamin K.
  2. Yon gwoup ki fonn nan dlo ki se vitamin B yo, vitamin C ak  vitamin PP(antipellagreuse) li bon pou moun ki genyen po fann, twoub digestif, twoub mantal ak twoub nan sistèm nève yo nou ka jwenn vitamin PP nan « levure de bière » ak fwa bèt yo.

Vitamin yo jwe yon wòl enpòtan nan kò an, Vitamin A ede nou wè pi byen sa,  li bay nou rezistans kont enfeksyon epi kont maladi ki aji sou zye nou. Pami eleman ki nan vitamin A yo se : kawòt, melon zabriko, pèsi, epina, nave, fwa, grenn vant bèf ak kabrit ak lèt. Vitamin C yo ede nou pa gripe fasil li aji soublese, ilsè, frakti nan zo epi yo ede tisi konjontif yo fòme, nou jwenn yo nan sitris yo, jinkawòt ak piman dous. Vitamin D yo aji sou zo ak dan nou, li ede nou bèl, ede pwatrin nou rete fèm, nou jwenn yo nan lwil fwa mori ak nan bèt ki sòti nan lanmè yo. Vitamin E ede fanm ansent pa fè fos kouch, pou ti bebe yo pa mouri, nou jwen li nan leti, tomat, manba, kawòt, jòn ze, nwa ak nan zaboka, li ede po nou rete bèl. Vitamin K li nesesè pou ede san kaye si nou pa genyen ase vitamin K lè w blese sa koz ou bay anpil san li p ap vle rete, dyabèt ak tansyon wo, nou jwenn li nan epina ak lyann panye.

Sèl mineral yo : se toujou menm sibstans chimik ki bon pou kò an nou jwenn yo nan plizyè eleman nou manje paregzanp nan sèl n ap manje ak nan fwi yo, plant yo, elatriye. Pou nou ka rete an sante epi viv an jwa fòk nou konsome aliman ki voye sèl mineral yo nan kò an, yo genyen menm enpòtans ak vitamin yo, yo ede kò an kenbe kantite likid li bezwen pou li fonksyone.

Oligo-eleman yo : se yon seri eleman chimik nou jwenn nan manje nan yon fason natirèl ki bon pou kwasans kò an tankou yode, fè, kalsyòm, zen, manganèz. Oligoeleman se yon sous sante pou kò an paske yo rich an vitamin ak sèl mineral yo. Nou pwodwi tout sa ki ka bay nou eleman nou site la yo lakay nou san nou pa bezwen konsome pwodwi ki sòti nan lòt peyi ki plen pwodwi chimik. Se youn nan rezon li enpòtan anpil pou nou konnen sa n ap manje yo, kòman yo pwodwi yo. Li pi bon pou nou manje sa ki pwodwi nan peyi a. Depi nou pran konsyans epi genyen volonte l ap pèmèt nou pwodwi plis lè nou valorize manje ki pwodwi lakay nou.

Genyen moun ki di pou yon moun bay tèt li yon bon abitid alimantè li dwe manje twa gwoup manje yo, fòk li genyen anpil lajan. Sepandan si n ap gade byen menm si yon moun pa genyen anpil lajan li kapab chanje abitid nan fason li te abitye manje depi li konnen diferan bagay ki fè pati 3 gwoup manje yo. Anplis, yon moun kapab manje tout sa ki fè pati 3 gwoup nou site yo, men li pa manje manje ki bay lasante okontrè li ka anpwazone tèt li, selon sa li manje yo paske jounen jodi a anpil moun pa vle manje manje lokal. Yo pito manje, manje ki plen pwodwi chimik bagay ki pa bon pou kò an ki bay anpil maladi tankou tansyon, kansè, sik, fibwòm, elatriye. Nou konnen trè byen Ayisyen se youn nan pèp ki pèdi fason l te abitye manje nan achte pwodwi pèpè yo.

Li bonè anpil si nou vle chanje abitid alimantè nou, l ap bon pou nou anpil.

  1. Premyeman, sa nou dwe fè se manje bonè, menm lè se yon ti manje ki byen senp men melanje yo ak 3 gwoup nou te pale sou yo, tankou : mayi ak fèy, zaboka. Se pa anpil lajan k ap pèmèt nou fè manje sa a.
  2. Dezyèmman, nou pa dwe manje twòp lwil ni twòp sèl , ni twòp sik bagay sa yo pa bon pou kò nou ni pou kè nou.
  3. Manje anpil fwi ak legim lokal.

Pou nou balanse sa n ap manje, se pa kantite manje a nou dwe bay enpòtans men pito varye kalite manje yo se sa ki pi enpòtan ak fason nou manje a. Se pou nou byen fè sa n ap manje a sou plan ijyèn epi kraze sa n ap manje byen pou nou fè bon dijesyon. Answit pa manje menm kalite  manje chak jou si jodi a nou manje diri demen pran mayi se pou nou varye sa n ap manje a. Pa genyen dout nan sa, yon moun ki genyen yon bon abitid alimantè, lavi li dire plis paske li jwi  yon bon sante.

Pou sante tout moun, nou dwe chwazi yon bon abitid alimantè se sèl fason nou ka pataje byen tout eleman kò nou bezwen pou l byen fonksyone, si nou fè sa selon bon prensip yo n ap viv plis tan, n ap genyen anpil fòs ak vivasite, n ap pi bèl. Nou konstate nan peyi Dayiti esperans lavi moun kout anpil paske premyèman yo pa jwenn enfòmasyon sou ki jan pou yo kondwi tèt yo.

Konklizyon ak konsèy.

Nou konseye pou tout moun pa manje anpil grès, twòp sèl, pa fimen, pa bwè twòp alkòl, lè n ap kwit legim yo, kwit yo lejèman, lave salad yo byen pou nou elimine tout jèm mikwòb, pa manje manje ki chaje pwodwi chimik, paske l ap nwi sante nou, aplike bon prensip ijyèn lè n ap prepare manje epi nan kò nou. Sepousa nou dwe konnen kòman sa n ap manje yo pwodwi epi ki kote yo sòti. Answit, chèche genyen plis enfòmasyon ak konesans sou 3 gwoup manje kò a bezwen pou nou kapab rete an sante. Sa n ap manje yo dwe fre epi natirèl, sa k ap pèmèt òmonn yo sekrete nan kò an pou li kapab byen fonksyone. Yon alimantasyon byen ekilibre, konplè ki rich an vitamin se meyè pwoteksyon kont tout sa ki kapab twouble sante nou. Sonje byen manje vant plen pa siyifi byen manje ni manje anpil vyann chak jou pa vle di byen manje. Genyen moun ki kwè anpil grès vle di bon sante, men yo nan erè.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.