Rasin vizyon « Souverènte alimantè » a nan lemonn
Nan lento pòt la.
Nan menm okazyon 50 tyèm rekòt kafe MPP an nan ane 2023, anba tèm : MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis, se ta pral tou 25 kyèm edisyon kan jèn yo. Kan te fèt anba tèm : « Jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis », sòti 21 pou rive 27 dawout 2023, nan zòn Papay ki nan twazyèm seksyon kominal Ench lan, espesyalman nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan/Lakay. Yon gwo bat bouch te fèt sou konsèp « Souverènte alimantè » a, entèvenan yo se : Iselande Alexandre, Michelier Saint-Fort, Nandcie Pierre ak Mulaire Michel.
Entwodiksyon.
Zafè manje se yon gwo deba, yon gwo pwoblèm sou planèt tè a jounen jodi a. Genyen moun ki genyen twòp manje, konsa tou genyen moun ki pa genyen menm. Genyen moun grangou ap touye yo, genyen moun ki manje twop. Twop move manje ap touye moun yo. Nou dwe sonje pwovèb kreyòl la ki di : « grangou se mizè, vant plen se traka ». Se yon pwoblèm mondyal kote jodi a genyen plis moun manje twop touye yo, menm pase moun ki grangou yo.
Nan mwa janvye 2018, kalkile yo montre popilasyon mondyal la se 7.63 milya moun k ap viv sou tè a. Nan moman sa a genyen 2.2 milya moun k ap soufri maladi obezite (sa vle di moun ki two gra, moun ki manje twop yo). Etid syantifik yo montre obezite a touye 3 fwa plis moun pase grangou jodi a. Etid yo montre obezite a touye plis pase 5 moun chak minit, ki bay yon total 6850 mò chak jou.
Deba sou zafè manje a, se yon deba politik mondyal, yon deba politik nan chak peyi. Se yon kesyon chwa politik gouvènman chak peyi yo. An Ayiti, selon yon rapò FAO (Organisation des Nations Unies pour l’Alimentation et l’Agriculrure) ak OPS (Organisation Panaméricaine de Santé), kote jounal Lenouvelis rapòte li nan dat 16 oktòb 2017, li mansyone anviron 5 milyon moun anba grangou an Ayiti. Nan yon lòt bò, Ekonomis Fritz Jean deklare nan ane 2018, genyen 6.5 milyon moun anba grangou nan peyi a, sa vle di anviron 60 % popilasyon an.
Chif sa yo pa egzajere si nou konsidere chif Bank Mondyal yo ki montre 76 % nan popilasyon an ap viv nan povrete total. Se nan pi piti pase 2 dola ameriken chak jou moun yo ap viv. Nenpòt fason nou vire chif yo, n ap konstate Ayiti se peyi ki genyen pi gwo pousantaj popilasyon ki anba grangou nan kontinan ameriken an.
Genyen gwo deba politik ki fèt nan nivo mondyal sou zafè « Sekirite alimantè » ak « Souverènte alimantè » a. Nou enterese chache konprann 2 konsèp sa yo, analize diferans ki genyen antre yo. Pandan n ap fikse pozisyon nou sou chwa konsèp « Souverènte alimantè » a olye « Sekirite alimantè » a.
Devlopman.
Ki kote konsèp « Souverènte alimantè » a sòti ?
Se La Via Campesina (LVC), nan Woumble sou alimantasyon FAO te òganize nan vil Wòm, peyi Itali nan ane 1996, ki te mennen konsèp sa a kòm pwopozisyon politik pou rezoud pwoblèm manje a nan lemonn oswa sou planèt la. Konsèp sa a ale pi lwen anpil pase sila a « Sekirite alimantè » FAO ap pwonnen an.
LVC ta pral antre pi fon nan konsèp sa a nan yon Fowòm li te òganize nan yon ti kominote ki rele SELINGUE nan peyi MALI an Afrik ant 23 rive 27 fevriye 2007. Fowòm sa a te batize Nyeleni 2007, li te reyini 500 delege fanm ak gason, yo sòti nan 80 peyi. Nyeleni vle di premye Fi. Se yon fanmiy peyizan premye pitit li se Fi. Selon koutim yo genyen, yon sèl pitit se yon wont. Lè se yon Fi menm se yon pi gwo wont toujou. Malgre move konteks sa a, Nyeleni te vin yon gwo agrikiltris ki t ap pwodwi pou li nouri fanmiy li epi ede anpil lòt moun jwenn manje pou yo manje. Li te vin yon gwo espesyalis nan zafe pwodiksyon ak transfòmasyon pou moun manje. Istwa rakontre li te devlope yon sereyal ki rele FONIO. Yon sereyal k ap pwodwi depi plizyè syèk pou moun yo manje. Fowòm sa a te pote non an, se yon fason pou li valorize Fanm yo nan kontinan Afriken an ki genyen yon wòl fondamantal nan pwodiksyon manje nan kontinan Afrik nan.
Aprè reyalizasyon Fowòm sa a, LVC te konstwi tou yon vilaj 500 ti kay ki pote non Nyeleni ki tounen yon Sant fòmasyon nan domèn agwoekoloji a. LVC te asosye ak plizyè lòt òganizasyon ki fòme komite pilotaj Fowòm nan, paske batay k ap mennen nou « Souverènte alimantè » a mande anpil pasyans. Jounen jodi a, se anpil òganizasyon sou planèt la k ap travay, batay pou tout Pèp yo konsyan rive nan « Souverènte alimantè » a.
Depi 2007, « Souverènte alimantè » a tounen pwopozisyon estratejik LVC ak anpil alye li yo nan rezoud pa senpman pwoblèm alimantè a nan lemonn, men egalman nan rezoud kriz sistèm kapitalis la kreye yo, tankou : kriz finansyè, kriz enèjetik, kriz klimatik, kriz alimantè, elatriye. « Souverènte alimantè » a marande pèp souveren yo, sa vle di Pèp granmoun yo nan zafè manje. Se dwa chak Pèp yo genyen nan defini pwòp politik alimantè yo nan pwodwi manje ki sen, ki respekte resèt kizin tatawèl ak bizawèl nou yo, sa vle di prensip ansyen paran nou yo. Se yon fason pou Pèp yo kontinye viv nan bon jan lasante.
Prensipal pilye ouswa poto mitan lasante :
- Alimantasyon sen ;
- Anviwònman sen ;
- Jesyon estrès ;
- Espò.
Definisyon « Souverènte alimantè » a, selon dokiman Nyeleni 2007 lan.
« Souverènte alimantè » a se : « dwa tout Pèp yo genyen pou yo pwodwi manje ki sen, manje ki adapte ak kilti chak Pèp yo. Manje a dwe pwodwi nan yon metòd ekolojikman sen, e dirab. Chak Pèp genyen dwa pou li chwazi pwòp sistèm pwodiksyon agrikòl li. Chak Pèp, chak peyi genyen dwa pou li pwodwi manje ki sen, nan pri tout moun ka achte li, epi manje ki respekte kilti ak abitid alimantè granmoun lontan yo ».
« Souverènte alimantè » a mete pwodiktè yo, distribitè yo ak konsomatè yo nan sant sistèm politik alimantè a, nan plas ekjijans mache yo ak militinasyonal yo. « Souverènte alimantè » a enterese sou demen lòt jenerasyon k ap vini yo. Li vle devlope yon estrateji rezistans pou li demantibile komès manje ki anba kontwòl gwo miltinasyonal yo. Bay fòmasyon nesesè nan mete anplas sistèm pwodiksyon alimantè, sistèm agrikilti ak lapèch ki byen defini, epi pwodiktè yo dwe byen òganize sistèm sa yo nan mitan yo menm. Anplis, li bay eleman sa yo, yon ansanm priyorite : ekonomi lokal, mache lokal, mache nasyonal. Moun k ap peche yo, k ap fè zèv atizanal yo, Peyizan yo ak agrikilti peyizan genyen pouvwa ak otonomi. Li vle tou genyen garanti pwodiksyon yo, distribisyon ak konsomasyon aliman yo ki chita sou yon dirabilite (perenite) ekolojik, sosyal ak ekonomik. Angwo, li favorize yon kòmès san koken (transparans) pou li pèmèt chak moun jwenn yon revni ekitab, epi garanti dwa konsomatè yo pou yo kontwole alimantasyon yo ak nitrisyon yo. Garanti dwa pou se peyizan yo ki jere tèt yo, tèritwa yo, bèt yo ak biyodivèsite a. Egzije nouvo relasyon sosyal san eksplwatasyon, san rapò sosyal miwo miba antre moun yo, tankou gason ak fanm, ant pèp yo ant jenerasyon yo.
Kont kisa nou dwe goumen ?
- kont enperyalism, neyoliberal ak matchis (patriyaka), kont tout sistèm k ap febli lavi, resous yo ak ekosistèm yo. kont tout ajan sistèm nan, tankou : enstitisyon finansyè entènasyonal yo, OMC, Lib echanj ak miltinasyonal yo ;
- Kont « dumping » pwodwi alimantè yo ak pri ki pi ba pase depans pou yo fè pwodiksyon nan ekonomi monfyal la ;
- Kont teknoloji ak pratik k ap detri kapasite alimantè, k ap detwi anviwònman an ak sante nou, OGM, teknoloji « terminator », elvaj endistriyèl, pwodiksyon lèt endistriyèl, monokilti, pwodiksyon agwo kabiran ;
- Kont manje ki tounen machandiz, privatizasyon sevis piblik yo, privatizasyon konesans, latè, dlo, semans, bèt yo ak patrimwàn natirèl yo ;
- Kont eksplwatasyon min k ap deplase popilasyon an, detri anviwònman an ak patrimwàn natirèl nou yo ;
- Kont dappiyant sou tè yo, ekspwopriyasyon ak zòn franch yo ;
- Kont èd alimantè (manje sinister yo), èd makiye, èd bidon ONG yo, elatriye.
Ki estrateji nou dwe devlope pou nou kontribye nan enplante « Souverènte alimantè » a ?
- Makònen fòs nou, konbat liberalizasyon komès. N ap goumen pou nou fè pwomosyon pwodiksyon mache lokal lan.
- Defann dwa pwodiktè yo ak konsomatè yo, pou nou kontwole mache lokal yo.
- Ranfòse mache lokal ofisyèl yo ak enfòmèl yo, kreye makònay dirèk ant pwodiktè ak konsomatè manje yo. N ap defann eksperyans agrikilti ak lapèch komimotè yo paske yo pèmèt devlopman yon klima konfyans.
- N ap soutni koperativ alimantè, transfòmasyon lokal, Fowòm konsomatè ak ekonomi sosyal solidè yo ki favorize mache lokal la ak bon jan pri pou ti pwodiktè yo.
- Pwopoze gouvènman yo politik ki pwoteje pwodiksyon ak mache lokal la. N ap ekzije yo vote ak aplike lwa ki bare dappiyanp miltinasyonal yo epi fasilite kontwol pwodiksyon ak distribisyon alimantè yo nan chak kominote lokal yo.
- Kanpe kont OMC (Òganizasyon Mondyal Komès), akò komèsyal rejyonal ak bilateral, « dumping », politizasyon ak manipilasyon èd alimantè yo, e n ap respekte dwa chak peyi genyen pou li pwoteje pwodiksyon ak mache entèn li.
- Nan gwo peyi pwodiktè ak ekspotatè pwodwi agrikòl yo, n ap goumen pou nou mete kanpe politik altènativ pwodiksyon yo, epi apiye pri yo pou yo evite « dumping ».
- N ap mennen aksyon kont enpòtasyon manje agogo, bon mache k ap kraze pwodiksyon lokal dirab yo.
- Lite kont règ jwèt komès yo ak politik finansyè entènasyonal yo, elatriye.
Konklizyon.
Nou te gade rapidman ki kote konsèp « Souverènte alimantè » a sòti epi kòman li kapab ede kreye bon jan pwodiksyon ki sen, kontrèman lojik « Sekirite alimantè » a k ap pwodwi manje an kantite ki genyen yon kokenn chenn pwazon nan yo. Move pwodiksyon sa yo kontribye nan kreye anpil maladi sou sante moun yo, bèt yo ak anviwònman an. Grangou ak obezite se konsekans lojik sistèm kapitalis la atravè aksyon miltinasyonal yo ak òganizasyon entènasyonal yo. FAO, menm jan tout lòt enstitisyon entènasyonal yo, se yon enstriman ki anba ponyèt miltinasyonal yo k ap kouvèti agrikilti a, an biznis.
La Via Campesina pote deba yo sou alimantasyon an nan yon lòt nivo. Lè li mennen konsèp « Souverènte alimantè » a nan Woumble mondyal sou alimantasyon an. Se nan Fowòm Nyeleni an konsèp sa a pral pran yon dimansyon mondyal kòm estrateji pou nou konbat yon pakèt kriz sistèm kapitalis la kreye, tankou : kriz alimantè, kriz klimatik, kriz enèjetik, kriz finansyè, kriz migrasyon, elatriye. Presyon LVC ak alye li yo fòse FAO louvri yon ti chimen pou agwoekoloji a, kont volonte enperyalis meriken an ki pa vle wè agwoekoloji a. Batay òganizasyon peyizan yo ak alye yo dwe kontinye pou fè ti chimen an tounen GWO WOUT. Konsèp la vale teren, li rantre nan konstitisyon kèk peyi. Mobilizasyon an dwe kontinye nan tout peyi sou planèt tè a nan lide pou nou fè « Souverènte alimantè » a blayi tou patou.
« Souverènte alimantè » a, jan li defini se sèl mwayen pou nou elimine tout kriz sistèm kapitalis la kreye, se chemen pou nou fini nan tout destriksyon k ap fèt yo sou planèt tè a, pou nou fini nan tout fòm eksplwatasyon ak dominasyon. An Ayiti, nou dwe etidye konsèp la byen, pou nou konprann li, pou nou fè òganizasyon peyizan yo, mouvman sosyal popilè yo, konsomatè yo ki lavil ak andeyò, nan pran konsyans sou enpòtans lit kolektif n ap mennen nan peyi a, nan enterè « Souverènte alimantè » a. Pa bliye, san « Souverènte alimantè » a, pa p kapab genyen « Souverènte nasyonal » la.
Viv yon Ayiti souveren nan zafè manje, viv « Souverènte alimantè » a sou tout planèt tè a !