Realisations

Pawòl William Jeanty nan kongrè 50yèm MPP an

Kongrè 50 rekòt kafe (1973-2023) Mouvman Peyizan Papay (MPP) la fèt anba tèm “MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis,” sòti 5 dawout pou rive 11 dawout 2023 nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti. Plizyè pèsonalite te pran lapawòl, pami yo, William Jeanty t ap analize kontèks reyalite nasyonal ayisyen an.

Pawòl William Jeanty (ansyen Senatè depatman Nip, kòdonatè jeneral pati Kontra Pèp la)

Mwen salye yon fwa ankò sakrifis nou fè pou n prezan nan kongrè a. [Nan katchouboumbe Ayiti ye la, kontradiksyon yo vin pi plis. Yo prezan nan tout sosyete]. Youn nan eleman ki fè 1804 posib se kontradiksyon ki te egziste nan mitan gwo pisans yo. Se nan mitan kontradiksyon sa yo zansèt nou rive konstri endepandans nou. [Menm si anpil peyi oksidantal yo pa t deside rekonèt endepandans Ayiti a. Jodi a pami nan peyi oksidantal yo ap konnen kèk kontradiksyon antre yo]. Genyen kèk peyi ki konteste ejemoni Etazini a. Li enpòtan pou nou konprann kriz jewopolitik ak nasyonal la. Nan nivo nasyonal, mwen kapab kalifye kriz n ap viv la kòm yon lanfè se pa nan sans figire a, men mwen panse se nans pwòp la.

Pami karakteristik kriz ayisyen an

Genyen 2 elaman enpòtan pou nou konprann nati kriz la : depandans (restavèk) Ayiti parapò Etazini. Se yon depandans ki egziste depi jiyè 1915 kote tout desizyon k ap pran andedan peyi a se pa pèp ayisyen ni dirijan yo ki soumèt yo men se Etazini. Peyi Etazini pase anba pye souverènte peyi a. Nou konnen premye zouti yon pèp dwe genyen se souverènte li. Nou pèdi souverènte nou depi yon bon  moman an.  [Òganizasyon popilè yo fè gwo jefò pou yo rekanpe souverènte peyi a]. Eleksyon 1990 la, se premye fwa pèp la te chwazi moun ki pou dirije l. Men aprè kèk mwa CIA ak militè ayisyen yo kontribye nan bay  Jean Bertrand Aristide yon koudeta nan dat [30 sektanm 1991]. [koudeta sa a genyen gwo konsekans nan febli fòs pwogresis yo. Ayiti vin anba anbago ki pral pwodui yon move kondisyon sosyoekonomik sou popilasyon an. Peyi Etazini ki kontribye nan kreye move sitiyasyon sa a ta parèt tèt li kòm solisyon. Chak moman sitiyasyon sa yo prezante souvan genyen èd materyèl osnon lajan li pwopoze nan lide pou li ede rezoud kriz yo].  Lè nou tande Etazini di l ap bay èd lajan se pa Ayiti li vle fè solidarite reyèlman ak li, men se enstitisyon tankou USAID, elatriye.

Dezyèm eleman enpòtan pou n konprann kriz peyi a se relasyon Leta devlope fas popilasyon ayisyen an. Leta devlope yon rapò miwo miba ak mas popilè a. Modèl Leta ki egziste depi sou ansyen prezidan Petyon an pa t janm genyen misyon pou li tabli byennèt pou tout moun. Leta trete peyizan yo kòm moun andeyò. Peyizan yo pa t genyen aksè antre lavil san pèmisyon. Nou pa genyen yon Leta k ap travay nan enterè tout moun. Nou pa genyen Leta.

Konpòtman Leta sa a lakoz enstitisyon yo san valè. Nan moman blan meriken yo antre, yo konstri yon Lame an Ayiti. Aprè yo kraze l yo konstri Lapolis. [ Genyen anpil jèn ki pran fòmasyon militè ki nan Lame a men yo pa p bay popilasyon sèvis reyèlman. Yo sèvi kòm yon zouti politik nan fè reprezay sou popilasyon an. Prezans yo ak Lapolis pa vo anyen, ni gouvènman pa itilize yo nan ede batay kont ensekirite a. Gang yo anvayi peyi a]. Kesyon gansterizasyon an se yon konstriksyon sosyal. Li se yon pwojè pou toufe mobilizasyon mas popilè a. Nan kontèks gang yo ap vale teren an se moman te genyen gwo mobilizasyon popilè. Prensipal sektè politik ki benefisye sèvis gang yo se PHTK […]

Nou kapab itilize kontradiksyon yo pou n libere a. Zansèt nou yo te jwe sou kontradiksyon yo pou yo libere peyi a [1803]. Menm jan tou nou genyen yon okasyon pou n jwe sou kontradiksyon yo nan chanje move kondisyon sosyoekonomik mas popilè a. Nou dwe kòmanse adrese pwoblèm ensekrite, grangou, pase men nan konstitisyon an, pase men nan CEP an. Fòk genyen eleksyon ki fèt nan mwens lajan. Batay nou dwe fè a li pa yon senp kesyon voye premye minis defakto Ariel Henry ale men se rive chanje estrikti sosyal la. Se yon batay ki konplèks. Genyen yon pwojè koupe fache ki dwe fèt yon bò. Nan yon lòt bò, genyen lide kenbe estatikwo a. [Nan sans sa, nou panse dwe genyen yon koupe fache nan modèl Leta sa a]. Fòk Leta an Ayiti redefini rapò li ak moun yo nan sosyete a.

Aprè finisman kout bat bouch ansyen Senatè a, patisipan yo te poze plizyè kesyon, pami yo: kòman n ap fè pou n pa repete menm erè yo ? Kòman nou kapab pran egzanp Mali, Boukinafaso nan fason y ap mete an kesyon peyi kolonizatè yo? Ki ajanda epi ki kote nou ye nan pwojè FPP an?

Pwoblèm ak pwopozisyon òganizasyon lagoch yo

Kòdonatè jeneral pati Kontra Pèp la souliye defi ki genyen nan mitan òganizasyon lagoch yo kote yo manke genyen  kapasite pou yo òganize yo. Nan yon lòt, genyen  pwoblèm fòmasyon politik pou jèn yo.  Senatè a  analize estrateji kèk peyi ap fè nan dènye moman sa yo. Li pran egzanp peyi Lachin ak Brezil. Lachin ap itilize teknoloji a nan devlopman agrikilti peyizàn nan, li genyen yon vizyon ki plis global nan domèn sa a menm pase peyi Etazini. Peyi Brezil nan yon demach kote li vle eksperimante plis nan pwodiksyon manje ki sen yo. Sòti nan mwa oktòb rive desanm 2023, genyen yon eksperimantasyon machin ki ta dwe rive fèt nan peyi Brezil.

Nan sans sa, fòs pwogresis yo dwe devlope plis klèvwayans politik. Nou dwe gonfle fòs nou pandan n ap kenbe liy ideyolojik Fwon Patriyotik Popilè (FPP) a. FPP se yon fòm diktati pwoletarya ki pran nesans isit la nan Papay, nan twazyèm sekyon kominal Ench lan. [Li kwè peyi a paka rete pou lontan nan move kondisyon sosyoekonomik ak politik sa a. Zanzèt nou yo pa t batay pou n t ap viv nan move kondisyon sa yo]. [Istwa lemonn montre se pa senpman Ayiti ki abitye travèse modèl kriz sa yo. Kriz yo pa yon fenomèn ki pa ka chanje. Yo se yon konstriksyon sosyal. Genyen lòt peyi ki jwenn altènatif nan moman kriz yo kote elit yo deside pran responsabilite yo], tankou peyi Nijè, se yon elit ki pran responsablite l. Kontrèman Ayiti nou genyen yon elit ki pa genyen dimansyon politik ak ideyolojik […]

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.