MOT DU FONDATEUR

Mouvman Peyizan Papaye

TI KOZE FONDATE MPP A.

Mesye-Dam la sosyete,  nan okazyon 50yèm anivèsè MPP, nou kontan anpil nou kapab lanse yon nouvo Sit Web. Se fwi yon gwo konbit kote anpil moun te pote kole. Nou di yon gwo mèsi a tout moun ki te patisipe nan bèl reyalizasyon sa.

1973-2023 – fè 50 lane depi yon lide te jème nan tèt nou apati konpreyansyon nou sou sitiyasyon peyizan yo. Yon sitiyasyon kote divizyon tap vale tèren, kote solidarite, fondman sivilizasyon peyizan an tap fè bak, kote reziyasyon fè peyizan tounen zonbi,  fè peyizan yo pèdi tout volonte pou yo travay ansanm pou transfòme move sitiyasyon yap travèse. Tou sa makònay ak konplèks enferyorite ki anvayi peyizan. Konsa lespri konbit la ak lespri pataj la ap diminye.

Lè nou te kòmanse, rejim Divalye yo tap itilize peyizan yo sou pretèks devlòpman kominotè pou kenbe yo anba diktati. Konsèp devlòpman kominote a te tounen yon zouti zonbifikasyon. Yo te pratikman fòse peyizan yo antre nan sa yo rele konsèy kominotè pou fè ‘’devlòpman’’. Devlòpman = travay sou wout.

Se nan kontèks sa semans MPP a tapral simen nan yon teren sèk, yon teren danjire paske divalyeris yo pa te akspete okenn lòt fòm òganizasyon. Men, nou te deside fè fas kare.deside. Nou te deside kòmanse yon lòt fòm òganizasyon pou tounen nan sivilizasyon peyizan yo ki chita sou : konbit, manje kwit pa gen mèt, pise krapo fè larivyè desanm, vwazinay se fanmiy, lapenn yon kongo se pou tout kongo. Sivilizasyon peyizan yo se solidarite san limit, se respekte lanati, bèt yo se zanmi, men se manje ki soti nan vant tè a.

Divizyon, mefyans, rayisans, bondyebontis, sosyete konsomasyon an, makònen ak move rejim politik, mete sivilizasyon peyizan yo an danje Devan tablo makawon sa, MPP te deside pa rete bra kwaze.  Filozofi MPP se retounen nan SIVILIZASYON BYEN VIV ANSANM lan. Se konbat divizyon ak rayisans nan kreye konfyans, ranfòse solidarite ak renmen epi travay ansanm. Filozofi MPP se kraze mantalite Bondyetis la, konprann se moun ki gen kapasite fè chanjman, kapasite transfòme espas yo epi kreye yon anviwònman vivab, pou yo pa disparèt.

Sistèm esklavajis la fè anpil ayisyen meprize travay manyèl. MPP vle fè konprann se travay ki fè moun moun, se travay ki bay libète. Se travay kap kreye richès ki nesesè pou tout moun viv. Se pou sa, Gwoupman MPP yo chita sou disiplin, sou travay ansanm, manje ansanm, etidye ansanm, aprann ansanm pou chanje kondisyon Lavi a pou tout moun.

MPP fèt epi grandi tou dousman anba diktati a nan travay pwodiksyon ak transfòmasyon pwodwi agrikòl yo ak metòd agrikilti zansèt yo te konn itilize. Metòd pwodiksyon ki respekte anviwònman an, pwoteje sante ak lavi moun. MPP travèse anpil move tan nan 50 lane sa yo. Nou gen manb yo pèsekite, tòtire, touye. Yo eseye disparèt MPP. Men li la pi rèd. Li pa janm bay legen, nan lit pou mete kanpe yon Ayiti, kote peyizan se moun tankou tout moun, yon Ayiti kote pa gen moun pase moun. Yon Ayiti kote dwa ak misyon peyizan yo respekte kòm pwodiktè manje ki sen, manje ki pwodwi nan respè dwa Latè, manman Limanite.

Nan 50 lane sa yo, nou konstate sitiyasyon lavi peyizan yo, lavi pèp ayisyen jan MPP reve sa pa chanje anpil. Plis moun kouri kite milye riral la, plis moun ap mouri ak grangou. Men, satisfaksyon nou se kapasite rezistans peyizan yo, se konsyans peyizan yo pran yo se moun epi yo fyè paske yo peyizan, yo fyè de wòl yap jwe nan pwodiksyon manje agwoekolojik pou nouri planèt la, nan wòl yo dwe kontinye jwe nan lit pou refwadi planèt la anba dife rechòfman klimatik la.

Zanmi, Senpatizan ak Patnè MPP yo  nan 50 lane sa yo, MPP rive konprann sitiyasyon peyizan yo pap chanje an Ayiti san yon chanjman global, san yon chanjman Leta. MPP ap travay ansanm ak lòt òganizasyon peyizan, ansanm ak lòt òganizasyon sosyal ak politik pou bati yon Ayiti granmoun, yon Ayiti kote tout fòm eksplwatasyon, eksklizyon ak dominasyon disparèt, Ann pote kole !

Oganizasyon ou lanmò!
0

Femmes en 1998

0

Jeunes 1998

0

Groupements