Realisations

Konsekans eksplwatasyon min sou souverènte alimantè a

Nan lento pòt la.

Nan kad 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a ki te reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY  PAPAY, anba tèm jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti, anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi Dayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an. Pandan jounen vandredi 16 dawout 2024 la, Bedouby Nobert, reprezantan Kolektif Jistis Min (KJM) lan te pale sou enpak eksplwatasyon min sou souverènte alimantè a. KJM abitye òganize plizyè aktivite sansibilizasyon atravè peyi a kont lojik eksplwatasyon min yo, tankou nan komin Ench, Mayisad ak Milo, elatriye.

Pwoblematik ekstrativis minye nan lemonn.

Sistèm miwo-miba yo toujou ap ponn kriz. Chak fwa kriz sa yo sou pik yo peyi enperyalis yo pa wè lòt solisyon se anvayi yon seri peyi nan lide pou piye yo. Te genyen yon gwo kriz ki t ap brase bil Lewop nan bout kenzyèm syèk la, pou kapitalis yo rezoud kriz la se kontinan ameriken an yo te anvayi. Lakay nou nan peyi Dayiti yo te rive sou nou an chango 5 desanm 1492. Pandan plizyè syèk lojik eksplwatasyon peyi enperyalis yo ap vale teren. Nan lane 1910 yo, Etazini t ap konnen yon kriz ekonomik ak finansye, pou li pote solisyon nan kriz lsa a, li itilize menm estrateji peyi Lespay ak Lafrans ap aplike depi plizyè syèk, nan anvayi yon ansanm  peyi nan Amerik la, tankou : Pòtoriko, Kiba, Repiblik Dominikèn ak Ayiti, elatriye.  Nan ane 2008 la, yon lòt kriz ekonomik ak finansye parèt pi klè nan Lemonn, kòm solisyon se matyè natirèl peyi Sid yo ki kontinye sibi dappiyanp anba ponyèt peyi enperyalis yo.

Lojik eksplwatasyon sa yo souvan jwenn rezistans bò kote mas popilè a. Chak fwa kapitalis yo vle foure pwojè lanmò sa yo nan gagann mas yo, yo kwaze bab pou bab ak rezistans mas yo k ap revandike dwa grandèt majè yo. Yon dwa ki bwè nan sous pwojè libète byennèt la. Jouk jounen jodi a koze eksplwatasyon min ak souverènte alimantè ap fè gwo deba nan peyi Dayiti tankou lòtbò dlo, kote anpil save ap reflechi sou yo. Refleksyon yo pa toujou ale nan menm sans, paske lèzòm reflechi selon pozisyon politik ak enterè klas yo. Nan refleksyon ki fèt sou pwoblematik sa a, fouyapòt yo plis itilize yon mo kle ki rele Ekstraktivis minye. Nan kad refleksyon sila a nou pral founi je gade enpak ekstraktiv minye a genyen sou souverènte alimantè a. Mwen konsyan kapab genyen yon pakèt kesyon ki anboulatcha nan tèt nou, tankou : kisa ekstraktivis minye a ye ? Kisa ki souverènte alimantè a ? Ki rapò ki tabli nan mitan  de (2) konsèp sa yo ? kilè n ap kòmanse eksplwate min nou yo pou peyi a ka devlope ? Èske n ap kite etranje yo vin pran richès nou yo ? Kesyon yo kapab anpil men nanpwen tan. Nan sans sa, nou pral gade nannan konsèp ekstraktivis minye a ak souverènte alimantè a ; enpak eksplwatasyon min genyen sou ekonomi a ; enpak eksplwatasyon min genyen sou souverènte alimantè ; epi batay divès peyi mennen kont eksplwatasyon min nan lemonn.

Nannan konsèp ekstraktivis la.

Konsèp ekstraktivis la sòti nan refleksyon kritik yon ansanm save Sid-ameriken tankou Eduardo Gudynas (2009), Maristella Svampa (2013) ak Alberto Acosta (2013) t ap fè sou endistri resous natirèl yo. Refleksyon sa yo pran fòm nan teyori depandans lan ki chita sou kontradiksyon peyi sant/periferi, oubyen peyi Nò/Sid.  Kontradiksyon sa yo pran sous nan vòl ak piyaj peyi sant yo (peyi rich) fè sou peyi yo fè pòv yo. Sa ki sèten richès peyi Nò yo chita nan piye matyè natirèl peyi Sid yo nan peryòd kolonizasyon ak neyokolonizasyon an. Nou kapab remake nou pale sou matyè natirèl nou pa pale sou resous natirèl ni richès. Rezon an byen senp, se paske se matyè natirèl ki egziste. Resous natirèl se pèsepsyon machann sistèm kapitalis la genyen sou matyè natirèl yo. Sevre, travay save sa yo ride nou konprann kesyon ekstraktivis la, men li limite nou paske li inyore eksplwatasyon peyi sant yo, tankou : Etazini, Kanada ak Lafrans. Li inyore tou Leta peyi Sid yo k ap eksplwate yon ansanm espas lakay yo. Nan peyi sa yo anpil fwa pwoklame yo peyi pwogresis abitye eksplwate min lakay yo, nan anpil zòn ki majinalize, nan kominote aborijèn yo, zòn Gerard Barthelmy ta rele peyi andeyò a, sou pretèks yo pral fè devlopman (Neyoekstraktivis). Angwo, save latino-ameriken yo te elabore konsèp ekstrativis la pou yo montre dappiyanp k ap fèt sou matyè natirèl peyi Periferi yo nan enterè yon kèk konpayi etranje yo. Men jounen jodi a, sa pa anpeche  yo itilize konsèp sa nan plizyè domèn. Ekstrativis la fè pati lòd mondyal sistèm kapitalis la, li se nannan l (Langlois et. Al. 2023). Transfòme matyè natirèl an matyè premye se youn nan mak fabrik mondyalizasyon an. Se rezon sa ki lakoz jouk jounen jodi a nan zafè resous natirèl, Lafrik se jaden sistèm mondyal la.  (Geraud Magrin, Laetita P. Bruslé, 2011).

Souverènte alimantè.

Se Via Campesina ki te itilize konsèp souverènte alimantè a pou premye fwa, se te nan somè mondyal ki t ap fèt sou alimantasyon nan vil Wòm, nan lane 1996. Li se yon repons altènativ parapò pwojè Oganizayon Mondyal Komès (OMC an franse) la ki chita sou chomaj, patriyaka, destriksyon ekonomi riral ak agrikilti familyal peyizan an epi destriksyon planèt la. Angwo, souverènte alimantè a se dwa chak pèp, chak kominote genyen pou yo granmoun tèt yo nan zafè lamanjay san diskriminasyon rasyal, seksyèl ak relijye. Pou dwa sa rive garanti nan peyi Dayiti fòk genyen yon veritab refòm agrè entegral.

Kontribisyon endistri minyè yo nan ekonomi peyi salvadò, Repiblik Dominikèn ak Ayiti.

Konsènan kontribisyon endistri minyè nan ekonmi peyi yo nou te kapab pran anpil egzanp, men nan kad refleksyon sila a n ap gade sèlman peyi Savadò ak repiblik dominikèn. Nan ka 2 peyi sa yo, analiz yo montre sektè sa a kontribye 0,3 % nan PIB peyi Salvadò epi li kreye 0,1 % travay. pandansetan, sèktè agrikòl la reprezante 10 % nan PIB an epi li bay 19,1 % travay. (Fréderic Thomas, 2017)

Nan Repiblik Dominikèn, sòti 2013 pou bout nan lane 2020, se  2 % endistri minyè a kontribye nan PIB an (Ayibopost, sektanm 2023). Kidonk, non sèlman ekstrativis minye a pa pote kichòy nan ekonomi peyi kote l ap fèt la, men tou li se yon malè ki pandye sou tèt moun, bèt, dlo, plant ak lè, elatriye. Angwo li se yon malè ki pandye sou souverènte alimantè a, san konte li lakoz anpil gè nan lemonn.

Sòti nan lane 1956 pou bout nan lane 80 yo, Ayiti fè 2 gwo eksperyans nan zafè eksplwatasyon min. Te gen yon konpayi ki te rele SEDREN ki t ap eksplwate kuiv nan Latibonit, nan yon lokalite ki rele Meme. Epi yon lòt konpayi ki rele Renold ki t ap eksplwate boksit nan Depatman Nip lan, nan komin Payan. Pou Renold te fè eksplwatasyon sa a, li te mete 900 peyizan deyò sou tè yo. Pandansetan, se prèske 400 moun sèlman li te bay travay. Konpayi SEDREN te di li fè 83 milyon dola, se sèlman 3 milyon dola yo te bay Leta ayisyen. Lè konpayi yo ale tout moun yo tonbe nan chomaj, mete sou sa tè yo vin paka fè manje ankò paske yo anpwazonnen. Nan zòn Meme, dan tout moun prèske gate paske rivyè nan zòn nan kontaminen.

Enpak eksplwatasyon min sou souverènte alimantè a.

Ekstrativis minye genyen anpil enpak negatif sou anviwònman an, dlo, bèt, moun, sòl, lè, elatriye. Men tou nan peyi kote ki genyen Leta fèb yo tankou : Guyane, Gabon, Burkina Faso elatriye, li bloke sektè pwodiktif yo, andete peyi yo. Li marande nan koripsyon, konfli, Lagè epi diktati.

Depi nan faz pwospeksyon konpayi minye kòmanse fè dega sou anviwònman an, paske avan konpayi yo rive nan faz eksplwatasyon an fòk yo koupe anpil pye bwa nan fè plas pou machin konpayi y ap itilize yo. Machin sa yo degaje anpil gaz kabonik k ap polye lè a. Pou konpayi yo jwenn 6 kg Kuiv oubyen 6 g lò, li retire yon tòn wòch nan zantray latè a. Nan Nòdès peyi a, komin Tèryewouj te genyen yon konpayi minye ki rele SOMINE ki fouye yon pakèt twou nan chache lò. Sevre peyizan yo mete konpayi a deyò, men bèt peyizan yo pa sispann mouri nan twou sa yo. Mete sou sa, agrikilti a pa posib nan zòn sa a.

Minrè yo toujou genyen dechè wòch nan yo. Pou retire dechè wòch sa yo, konpayi yo itilize yon metòd ki rele anrichisman. Genyen plizyè mannyè yo fè anrichisman, men sila yo plis itilize a se liksivyasyon. Nan pwosede sila a, yo itilize anpil dlo epi pwodui chimik tankou : asenik, bwomi, asid silfirik, syani, plon, nikèl ak mèki, elatriye. Se yon fason pou separe minrè a ak dechè wòch yo. Lè konpayi yo fin pran minrè a, yo kite pwodui chimik sa yo nan zòn nan pou anpwazonnen sous, lè, rivyè, lak, lanmè, jaden ak n ap freyatik la. Sa ki pral koze gwo dega sou moun, bèt, plant, pwason, elatriye. Nan lane 2014, an Repiblik Dominikèn yo jwenn syani ak lòt metal nan san ak pipi abitan k ap viv nan zòn kote yon konpayi t ap eksplwate min. (Ayibopost, sektanm 2023)

Aprè tout dega sa yo, pwosede ki rele liksivyasyon an ap fè sou anviwònman an, men tou li egzije konpayi yo privatize dlo nan zòn eksplwatasyon an. Nou ka pran egzanp, pou konpayi yo ekstrè lò, yo itilize 250 000 lit dlo chak 1 èd tan, sa ki bay 6 milyon lit dlo chak jou san kanpe. Angwo, eksplwatasyon min polye anviwònman an, li pwazonnen tè a, anba tè a, lè a, dlo an, biyodivèsite a, elatriye. Li kreye yon vid anba tè a, san nou pa bliye itilizasyon idwokabi kanserijèn yo. Fondri yo jete anviwon 400 tòn diyoksid souf nan lanati chak ane. (Francis Pierre et. Al. 1993)

Angwo tè ak dlo se 2 pi gwo eleman peyizan yo bezwen pou yo travay. Anmenmtan, pou fè eksplwatasyon min 2 eleman sa yo esansyèl. Eksplwatasyon min nesesite anpil tè ak dlo, li anpwazonnen yo. Kidonk eksplwatasyon min ak souverènte alimantè a se lèt ak sitwon.

Batay kont ekstrativis minye.

Genyen òganizasyon nan plizyè peyi ki leve kanpe pou yo batay kont eksplwatasyon min, nou kapab pran egzanp òganizasyon nan peyi Ajantin ak nan pèyi Salvadò. Lè yo konsidere kantite dega eksplwatasyon min kapab fè sou anviwònman an, genyen yon lòt modèl panse ki kale nan lide pou yo defann anviwònman an. Modèl sa redefini rapò lèzòm ak anviwònman an, pandan li mete an valè konesans otoktòn yo. Se nan sans sa, Benoît Monange ak Fabrice Flipo (2019) di : “ fòk nou batay kont ekstraktivis la, lanati dwe yon sijè dwa nan tout jiridiksyon”.

Batay kont eksplwatasyon min nan peyi Ajantin, Salvadò, Irigwe ak Ayiti.

Nan peyi Ajantin plizyè òganizasyon te leve kanpe kont pwojè eksplwatasyon min nan lane 2007. Lè pouvwa anplas la (malgre yo di li te pwogresis) wè mouvman ap pran jarèt, li itilize tout estrateji tankou vyolans ak kòripsyon pou kraze mouvman an.

Aprè kokennchenn batay « Front Farabundo Marti de Libération nationale » (FMLN), anpil òganizasyon sosyal ak legliz katolik te mennen, asanble nasyonal Salvadò a, nan yon vòt te estope zafè eksplwatasyon min metalik sou tèritwa a. Se yon gany pou mouvman sosyal la nan peyi Salvadò.

Nan peyi Irigwe, nan bout ane 90 yo, Leta irigweyen an te manifeste volonte pou li fè chimen eksplwatasyon min. Men mouvan sosyal nan peyi sa a te di : « Leta men kwa manman w, men kwa papa w ». Se sa ki fè jouk jounen jodi a Iregwe rete youn nan peyi ki poko janm fè eksplwatasyon min.

Boutofen, bò lakay nou nan peyi Dayiti, lè prezidan Michel Joseph Martelly rive nan tèt peyi a li bay konpayi minyè yo 52 pèmi pou mennen aktivite minyè yo. Pami 52 pèmi sa yo, genyen 3 nan yo se pou fè eksplwatasyon min. Lè òganizasyon pwogresis yo tande sa, yo makònen fòs yo ak kominote ki menase yo pou yo batay kont pwojè lanmò sa a. Yo rive mete tout konpayi yo deyò nan kominote yo. E nan lane 2014, òganizasyon pwogresis yo makònen ak kominote yo te fòse sena ayisyen an pran yon moratwa pou entèdi eksplwatasyon min nan 4 kwen peyi a. Nou konprann yon lòt fwa pwojè rejim PHTK se yon pwojè kont pèp Ayisyen, sitou kont peyizan yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.