Realisations

Migrasyon ak konsekans li yo sou lajenès an Ayiti

26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a fèt sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, anba tèm Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib ! 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, rasanble nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Pandan jounen 16 dawout 2024 la, yon batbouch te reyalize sou sijè : migrasyon ak konsekans li yo sou lajenès an Ayiti. Se yon panèl ki te genyen twa (3) entèvenan : Malachy Bastien (antwopo-sosyològ), Juslène Tyrésias (Jesyonè) ak Igenel Jean-Baptiste (Edikatè). Respektivman Malachy Bastien elebore sou pwoblematik la, Juslène Tyrésias mete limyè sou ansanm koz ak konsekans migrasyon an epi Igenel Jean-Baptiste bay konklizyon ak rekòmandasyon an.

Nan lento pòt la.

Migrasyon an se yon fenomèn kote yon sitwayen kite espas jewografik l ap evolye a pou li ale etabli nan yon lòt espas pandan plis pase 6 mwa. Genyen plizyè fòm  migrasyon : genyen migrasyon tanporè – se lè moun yo pati pou yo ale travay swa nan kèk sezon epi yap retounen aprè yon ti tan ; genyen migrasyon definitiv – se moun ki pati kite peyi  a ak lide byen detèmine yo pap retounen ankò ; genyen migrasyon volontè – se lè moun lan deside pati ak tout volonte li ; genyen migrasyon fòse – se lè moun lan rankontre gwo difikilte ki koz li oblije pati kite peyi a, san se pa volonte li, egzanp : lè se Leta ki egzile yon moun, lè yon moun anba gwo menas ki fè li oblije pran azil politik, deplasman fòse akoz ensekirite jan sa ye la nan peyi Dayiti, Lè yon moun viktim gwo katastwòf li oblije pati akoz li pa genyen anyen pou li viv ; genyen migrasyon entèn ; genyen migrasyon ekstèn ; Genyen migrasyon legal ; genyen migrasyon illegal ak migrasyon an kachèt, elatriye.

Migrasyon an se yon fenomèn ki mondyal.  Chak peyi genyen eksperyans sou fenomèn migrasyon an suivan fòmasyon sosyal li, sa vle di nan konbinezon diferan mòd pwodiksyon yo. Yon fòm konbinezon ki espesyal epi ki orijinal kote nou jwenn divès klas ak fraksyon klas nan lit yo. Genyen plizyè otè nan nivo entènasyonal ki analize pwoblematik migrasyon an, pami yo : Docquier, Frédéric ak Marfouk, Addeslam (2006),  Hein Haas (2010) ak Stéphanie Garneau (2022), ki trete konsèp migrasyon an kote yap eseye analize rezon ki fè sitwayen yo ap kite peyi yo, an menm tan analize relasyon ki genyen antre migrasyon ak kwasans ekonomik yon peyi.

Nan nivo nasyonal, an Ayiti, plizyè travay akademik fèt sou fenomèn migrasyon an, pami yo : Paul Bénédique (2008), RomanovskiZéphirin (2008), Alfred Pierre  (2014) ak  Michel Picouet (2017). Majorite etidye trajektwa migrasyon an, fason li manifeste nan chak peryòd istorik yo epi montre kòman Ayiti depi aprè okipasyon meriken an (1915-1934), genyen yon fonksyon nan echikye mondyal la, se bay mandèv bon mache. Nan yon rapò BID sòti nan ane 2005, li montre Jamayik, Repiblik Dominikèn ak Ayiti genyen plis migran ilegal nan peyi Etazini. An Ayiti, nan entèval 1913-1931 se plis pase 400 000 ayisyen ki ale Kiba, yo reprezante nan epòk la 20 % popilasyon an. San konte kantite Ayisyen ki kite peyi a sou rejim Divalye a (1957-1986), nan peryòd koudeta yo, elatriye. Sòti 2015 pou rive 2024 la, anpil Ayisyen kite peyi a pou yo ale Brezil, Chili, Meksik, Lafrans, Kanada ak Etazini, elatriye. OIM mansyone genyen plis pase 310 000 ayisyen ki deja deplase andedan peyi a, Chif reyèl yo kapab plis pase double. Si n ap konsidere kantite ayisyen ki kite peyi a se yon veritab emoraji. Genyen plis pase 200 000 ki ale nan pwogram yo rele Biden lan, genyen plis pase 100 000 ki ale Meksik pou eseye antre Etazini. San bliye kantite Ayisyen ki rekòmanse mouri nan lanmè.

Anfè, fenomèn migratwa kontinye vale teren nan lojik politik neyoliberal la k ap aplike andedan peyi a. Leta ta dwe enstitisyon k ap kreye kondisyon sosyoekonomik ak politik pou sitwayen yo viv nan peyi a, men nou konstate li ankouraje yo ale nan lòt peyi sou plizyè fòm. Lè n ap konsidere pa genyen okenn sèvis premye nesesite yo, pwoblèm sekirite, enstabilite politik, koripsyon, dappiyanp k ap fèt sou tè peyizan yo ak pratik banditis k ap vale teren andedan peyi a – ki vin yon veritab chan ekonomik. Nan sans sa, kòman jèn yo kapab reziste pou yo rete nan batay liberasyon an jistan yo rive konstrui yon lòt Ayiti ? Kisa ki koz ak konsekans fenomèn migrasyon an Ayiti ?

Pami koz migrasyon ayisyen an.

Si migrasyon an se yon fenomèn mondyal, koz yo kapab varye nan yon peyi ak yon lòt. Genyen tou ki kapab menm nan yon peyi ak yon lòt peyi. Pami koz yo nou kapab mansyone : endividyalis politik ; aktè politik yo egzèse konpòtman abitrè ak eksklizyon nan pouvwa a ; enterè endividyèl ki manisfete plis pa rapò ak enterè kolektif la ; konpetisyon, konkirans delwayal ak entolerans politik nan mitan aktè yo (pral vini ak banditis) ; absans respè dwa moun (sevre genyen lwa ki di fason popilasyon an dwe jwenn pwoteksyon men vyolasyon dwa moun yo ap vale teren nan peyi a) ; entèvansyon lame nan lavi politik la, sitou an 1994 ; absans yon konsansis politik ; vyolans politik yo ; ensekirite sou diferant fòm epi pèmanant ; enstabilite politik ; mwayen ekonomik prekè ; absans envestisman Leta pou kreye anplwa ; koripsyon nan pouvwa politik la anpeche pèp la jwenn bon jan sèvis  ; absans demokrasi koz anpil moun oblije chèche jwenn azil politik oubyen Leta peyi a egzile yo ; manke opòtinite ekonomik ; enfrastrikti piblik nan move eta oubyen yo inaksesib ; viv nan move kondisyon (fatra, move lavi nan katye popilè) ; manke opòtinite pou edikasyon jèn ak timoun yo ; aprè chak gwo katastwòf genyen anpil viktim ki deplase swa andedan oubyen deyò peyi a ; genyen fanmiy tou ki abitye kite andeyò pou yo ale viv lavil sèlman pou yo jwenn aksè ak yon seri sèvis ki pa disponib nan zòn lakay yo (migrasyon entèn), elatriye.

Pami konsekans migrasyon ayisyen an.

Konsekans migrasyon an kapab varye nan yon peyi ak yon lòt. Konsa tou genyen ki kapab menm nan yon peyi ak yon lòt. Pami yo : ibanizasyon – bidonvil ; povrete tabli kò l paske souvan moun yo jwenn lajan pou yo pati kote yo vann byen materyèl yo ; estrès ki souvan trennen maladi, depresyon ak menm lanmò paske genyen moun ki abitye touye tèt yo ; imilyasyon nan premye moman adaptasyon yo  koz genyen moun ki oblije antre nan yon relasyon ki pote anpil pwoblèm pou yo aprè ; anpil moun nan popilasyon aktiv la ap kite peyi a ki genyen konsekans sou kantite moun ki t ap travay swa nan Leta oubyen nan prive yo ; anpil fanmiy divize san konte timoun k ap viv nan lari a, plis jèn antre nan move zafè, genyen timoun ki te trè pwomèt yo mal pase ; anpil moun ki pati ilegal epi an kachèt mal pase swa yo sibi move trètman anba men militè k ap fè kontwòl yo, bèt manje yo nan raje, yo mouri akoz grangou, swaf dlo ak fatig sou wout anvan yo rive nan destinasyon final yo ; genyen trafik moun ki fèt (objè seksyèl oubyen vann ògàn)  ; vyòl fèt sou anpil fanm ak jèn ti fi ki ansent oubyen yo pran move maladi ; anpil fanmiy dekapitalize nan vann tè yo, bèt yo, kay yo, machin ak lòt kalite byen pou yo pati, pafwa yo  pa rive lè yo tounen yo pa genyen anyen pou yo viv, yo touye tèt yo oubyen yo tounen san abri ; manke mendèv kalifye nan plizyè domèn sitou nan agrikilti a ; anpil moun ki te pwofesyonèl ki t ap travay nan peyi a yo pati lè yo rive yo sibi anpil imilyasyon devan moun ki te deja tabli yo nan lòt peyi yo, yo jwenn diskriminasyon nan travay yo jwenn lan, malgre se pa yon travay yo t ap janm aksepte fè nan peyi yo ; migrasyon an mennen nan diminisyon popilasyon nan yon peyi. Egzòd mendèv la kapab disparèt yon zòn kote moun yo t ap viv anvan yo te pati a. Souvan moun sa yo ki kite zòn lan se moun ki pi dinamik epi kalifye yo, elatriye.

Konklizyon 

Fenomèn migrasyon an mondyal. Li manifeste nan chak peyi a suivan estrikti sosyal yo. Ansanm koz ak konsekans migrasyon an kapab pa totalman menm nan chak peyi. Genyen plizyè aspè fondamantal ki kapab menm, paske se sistèm ekonomik kapitalis la ki kreye li nan yon lojik eksplwatasyon mondyal. An Ayiti, fenomèn migrasyon an vrèman ansyen. Nan sans sa, òganizasyon k ap goumen pou chanje sitiyasyon lavi mas defavorize yo, k ap goumen pou yon sosyete sosyalis ki chita sou sivilizasyon peyizan an, nou pwopoze yo rekòmandasyon sa yo ki genyen de (2) aspè : yon premye aspè ki genyen pou wè nan kontribisyon popilasyon an. Yon dezyèm ki genyen pou wè nan responsabilite moun k ap dirije Leta an Ayiti. Nou menm kòm òganizasyon k ap goumen pou chanjman sosyal andedan peyi a, nou genyen anpil responsabilite, tankou :

  1. Nou dwe ankouraje pou plis moun òganize yon fason pou n kapab genyen plis fòs pou fè presyon sou otorite yo (lojik otorite yo se toujou sou presyon pou yo poze kèk aksyon).
  2. Fè fòmasyon ideyolojik ak politik jèn yo paske lajenès se prezan/avni peyi a. Si nou pa genyen yon jenès ki prepare nan tan prezan an, nou pa p kapab panse yon bon avni pou peyi a. yon jenès ki genyen kran ak konviksyon pou li afime souverènte l kòm pèp, ki genyen lanmou pou peyi l, yon jenès ki genyen santiman apatenans sosyal.
  3. konsyantize jèn nan popilasyon an pou yo konprann yo pa oblije rete ap tann tout solisyon yo bò kote otorite yo ki yo menm pa mèt tèt yo, men ki sèlman la kòm jeran oubyen gadyen yon sistèm nan pwòp peyi yo.
  4. Ankouraje popilasyon an pou li antre nan dinamik transfè konesans atizan nou yo nan lojik pou n kenbe epi valorize pwodwi atizan nou ap pwodui yo.
  5. Chache mwayen pou pèmèt atizan ayisyen yo rete nan kominote kote y ap viv yo, fè pwodiksyon nan tout nivo epi pataje konesans yo genyen sòti yon jenerasyon ak lòt jenerasyon.
  6. Fè lajenès konprann se nan batay nou ka rive chanje sitiyasyon peyi a. Moun k ap domine nou pa p rete bwa kwaze epi pou sitiyasyon nou chanje.
  7. Nou dwe genyen yon jenès angaje nan batay pou chanje sosyete a, tankou nou ta ka refere nou ak batay kaptif yo ki te mennen nou pran endepandans, batay ki te fèt nan peryòd okipasyon amerikèn, batay kont Rejim Duvalier a, batay 2004 yo, batay 2008 yo, batay petro Caribe epi pa lontan batay kont rejim PHTK a.
  8.   Si n ta fè yon enimerasyon sou solisyon ki genyen pou wè nan responsabilite dirijan Leta a, nou pa t ap ka jwenn kaye ak plim pou n ekri. Revandikasyon prensipal òganizasyon peyizan yo, ouvriye yo, fanm yo, etidyan yo ak andikape yo, se respè ak pwoteksyon enterè ak dwa sivil, politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl nan milye riral ak iben yo. Revandikasyon òganizasyon yo chita sou 4 gran domèn : ekonomik, sosyal, kiltirèl ak politik.

 Rekòmandasyon

  1. Fè aplike tout lwa ki nesesè yo, espesyalman manman lwa (lwa kad) desantralizasyon an pou li tounen yon reyalite epi fè vilgarizasyon yo pou eli lokal yo, pou òganizasyon peyizan yo ak òganizasyon lokal yo, anjeneral ;
    • Mete anplas Asanble depatmantal, Asanble minisipal ak Asanble seksyon kominal yo pou yo pèmèt popilasyon nan milye riral kou nan vil yo patisipe nan desizyon Leta kote konstitisyon 1987 la bay yo dwa ak manda pou sa a ;
    • Ranfòse kapasite twa (3) nivo kolektivite teritoryal yo, bay yo kad teknik ak mwayen finansye epi ekipe yo pou yo ka ranpli misyon yo sou yon baz efikas ;
    • Mete anplas yon fonksyon piblik teritoryal pou garanti genyen fonksyonè konpetan nan kolektivite teritoryal yo epi genyen kontinite Leta nan antite desantralize yo. Pou sa a, kreye nan chak nivo kolektivite teritoryal yo, yon kò anplwaye ki genyen estati fonksyonè Leta, pou yo fè travay administratif ak teknik ki nesesè yo nan bay popilasyon an sèvis piblik yo ;

    2. Prepare epi mete an aplikasyon, nan tèt kole ak kolektivite teritoryal yo, yon plan dekonsantrasyon nan administrasyon piblik la pou li pèmèt rapwoche sèvis Leta yo pi prè posib popilasyon an, espesyalman popilasyon k ap viv nan komin ak seksyon kominal yo :

      • Pran dispozisyon administratif, jiridik, teknik ak finansye pou sèvis piblik yo rive ateri nan depatman yo ak nan komin yo epi pou sèvis ki pi esansyèl yo rive tabli nan katye ak seksyon kominal yo ;
      • Elabore epi aplike yon plan devlopman nasyonal ki pèmèt ogmante, sou yon baz dirab, kalite ak kantite sèvis minimòm ki nesesè nan milye riral yo ;
      • Fè yon nivo envesisman nan depatman yo ki makònen potansyalite yo genyen epi priyorite popilasyon k ap viv nan depatman yo ;
      • Ranfòse tout ministè yo, bay yo akonpayman teknik ak mwayen yo bezwen pou yo kapab kòdone, devlope ak evalye, nan tèt kole ak kolektivite lokal yo, politik dekonsantrasyon sèvis piblik yo nan tout peyi a.

      3. Pran tout dispozisyon jiridik, administratif, teknik ak finansye pou respekte, pwoteje epi kreye kondisyon pou dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl tout moun san distenksyon satisfè epi pou tout moun san paspouki egalego devan lalwa ;

      4. Pran tout dispozisyon pou tout enstitisyon Leta yo respekte ak pwoteje dwa sivil ak politik sitwayen yo, espesyalman sila yo k ap viv nan milye riral yo ;

        • Enfòme epi fòme popilasyon nan depatman, komin, ak seksyon kominal yo sou dwa yo ak lwa ki pi enpòtan nan lavi yo chak jou ;
        • Pran tout dispozisyon pou elimine diskriminasyon ant moun nan vil ak moun milye riral epi kaba tout lòt fòm prejije ki chita sou ras, koulè, sèks ak orijin sosyal nan peyi a ;
        • Pèmèt tout sitwayen ranpli devwa politik yo san okenn fòm presyon ni manipilasyon, espesyalman sila yo k ap viv nan milye riral yo ;

        5. Òganize yon seri woumble nasyonal lajenès sou dwa granmoun peyi a pou n defini epi aplike yon estrateji pou Ayiti sòti anba dominasyon pisans etranje yo ;

        6. Defini ak patisipasyon tout fòs sosyal yo epi aplike yon ansanm refòm ekonomik, politik, sosyal ak kiltirèl pou nou mete bout nan sistèm peze souse enjis sa a k ap kale mizè ak dezolasyon nan peyi a ;

        7. Defini ak patisipasyon tout fòs sosyal yo epi aplike yon estrateji pou retire administrasyon piblik la anba kontwòl gwo potanta nan sektè prive  a ak pisans etranje yo ;

        8. Devlope relasyon diplomatik ak lòt peyi oswa enstitisyon entènasyonal yo sou yon baz egalego nan respè dwa granmoun peyi a ;

        9. Refòme, restriktire epi ranfòse Ministè Afè Etranjè ak Kilt, Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn pou yo pèmèt devlopman relasyon diplomatik ak relasyon koperasyon yo chita sou respè dwa granmoun peyi a, solidarite entènasyonal ak rapò echanj komèsyal ak kiltirèl yo dwe egalego.

        Leave A Comment

        Your Comment
        All comments are held for moderation.